Bonè a bèl men wout la plen difikilte, w ap konn nivo rezistans ou se lè eprèv paka detwi rèv ou.
Si w pa atann ou ak obstak , konnen w poko vle reyisi vre.🙌
Kèlkeswa moman difisil ou santi ki vle travèse w, konnen ou pa dènye moun ki nan sa w ye a gen yon lòt k ap travèse youn ki mal ke pa w la mete w fò pou w simonte ✨
Kou w sispan n fè ak pye w saw ta dwe fè ak sèvo w wap grandi e konprann lavi sou yon lòt ang.
Fò w tande nan silans pou ka jwenn pwòp chimen w. Reflechi, analize, re reflechi sil posib wa bay repons, men li preferab pou gade silans.
Pa bayo aksè pou yo konnen pwochèn etap ou, kite yo plenyen, kite yo kritike lanvè landwat ou men kontinye trase plan w ti kras pa ti kras.
Atansyon y ap atake w ni nan fòs ou ni nan feblès, y ap menm chache rabese w...rete Djan m.
Fèl San bri!
Taktik reyisit lavi a; Tout gwo eksplwa yo toujou atribye ak moun ki travay plis, epi ki pale mwens.
Asepte rete silans nan moman travay di yo, pandan w ap prepare yon demen miyò nan diskresyon ak anpil presizyon epi siksè w ap fè plis bri.
Moman yo tèlman difisil gen moun ki pare pou fè tout bagay pou yo bliye sousi yo.
Pinga w pèdi prensip ou ak valè w yo nan chèche solisyon rapid. Difikilte w rankontre yo pa yon fatalite, mete kran pou'w afwonte yo.🙏
Apwe Bondye
Premye modèl ou dwe ou menm.
Ou dwe premye sous motivasyon
Premye zanmi w ak premye moun ou kwè e fè konfyans.
Fè ekonomi si w vle kreye yn bagay, pa met tout espwa w sou moun paske w se premye espwa w.
Pa pè eseye echèk pa lafen.
Menmsi w wè bato lavi w a la deriv, se pa twal vwal li ki chire. Se yon move tan l ap afwonte, tanpèt ki sou lavi w la gen pou kalme. Ou gen pou devwa antanke kapitèn bato lavi w pou afwonte tout move van pou pa fè nofraj ni pèdi direksyon w.
Ou p ap janm gen tout verite,tout istwa,ou p ap janm konnen reyèlman poukisa entèl ale,poukisa yon moun fè w mal e menm si w ta gen tout eksplikasyon ,sa paka ranje anyen paske menm lòt moun yo pa konn tout rezon yo,kite sa ki pou vini,sa ki pou ale ale,renmen tèt ou.👌👌👌👌👌
Yon lòt jounen
Se yon lòt opòtinite
Pou amelyore'w
Pou korije erèw yo
Pouw fè sak byen oubyen sak mal
Pouw abandone oubyen kontinye
Pouw ret chita gad lavi oubyen viv li
Pou ret terorize oubyn afwonte pè w yo
Maten a, lide m di m ou te bezwen tande pawòl sa! Ou soufri anpil, w ap soufri an silans, tout pòt ou eseye frape fèmen, zanmi ak fanmi ki te konn edew yo koupe kontak ak ou, yo santi ou nwi yo twòp, pafwa w rayi tèt ou.
Pa rayi tèt ou, kontinye frape, pòt pa w pa lwen ouvri
🙏
Pran San w!
Lavi pa mande pou w twò prese.
Ou ka bezwen manba men fò w reziye w pase pa etap pistach griye a.
Travay ak pasyans Jodi konsa demen w ka konte biyè.
Chimen lavi w pa dwe repoze sou bousòl lèzòm.
Travay tankou bòs mason; fè fondasyon mete baz rèv ou ak anpil motivasyon pou lavi w ka jwenn bon konstriksyon.
Pa kite l tounen yon sous stress k ap toumante lavi'w ,si l rann ou mal alez, li pa endispansab pou ou, ou ka kite l ale je fèmen.
Sa ki pou ou vrèman p ap tounen yon pwa lou pou w pote. Moun ale moun vini, ret nan oumnm👌🏾
Pwofite byen chak moman nan lavi w fè sa w renmen pran swen tèt ou ak moun ki antoure w.
Vi nou kout , tan koute chè pa kite sa w gen pou w fè jodi an pou di w ap gentan fè l demen, demen an dwe gen afè pa l ✨