Je suis un nationaliste avisé tout en restant un citoyen du monde.. we represent Five Stars One Group ( FISOG), Haiti vivra…et J & K-fou Services LLC .
⭕️ENFO | Nan rapò sa a enstitisyon an pibliye, 3 septanm 2026 la, chif yo montre, sou chak 5🇭🇹Ayisyen kap viv Etazini,🇺🇸gen plis pase youn ladan yo ki gen yon « Bachelor’s Degree », sa nou rele lisans an kreyòl. Daprè rapò sa a ki touche lane 2024 sèlman, e ki pran done ki soti nan « American Community Survey » ki nan Biwo Resansman Etazini, sou anviwon 510,000 imigran Ayisyen ki gen yon travay, 22% ap egzèse yon pwofesyon nan sektè sante. Pandan rechèch sa a, « @MigrationPolicy Institute » di yo wè Ayisyen yo prezan nan prèske tout sektè aktivite, pa egzanp kòm enfimyè avèk diplòm leta (4%), kòm senp moun kap bay swen (7%), kòm pwofesyonèl kap bay moun swen lakay yo (4%)… pou n site sa yo sèlman. Se @David_J_Bier, yon analis nan kesyon politik imigrasyon ki pataje enfòmasyon an, pou montre nivo etid ak wòl ekonomik imigran Ayisyen yo jwe Etazini | @FacesOfHaiti_
🚨 T-VICE BAY REPONS AK KOMITE ( WIADCA ), E BAY REZON LI PA PATISIPE NAN KANAVAL EASTERN PARKWAY LAN 🚨
Dèyè desizyon gwoup T-Vice pran pou l pa monte sou Eastern Parkway ane 2026 sa a gen yon pozisyon fèm ak yon mesaj solidarite ki pi fon pase senp kesyon mizik ak bay pèp plezi.
Nan yon kominike ofisyèl ki soti bò kote gwoup la, ekip T-Vice la fè konnen se pa yon desizyon ki fèt sou yon kout tèt, ni se pa yon pwoblèm vyolasyon sekirite ak kostim ki anpeche yo prezan, jan komite ( WIADCA ) te fè konprann nan.
Se yon chwa ki te fèt aprè yo fin byen analize sitiyasyon konplèks k ap travèse kominote a an Ayiti tankou nan dyaspora a.
Gwoup la souliyen plizyè pwen klé ki peze lou nan desizyon sa a:
Sitiyasyon politik ak imanitè a ki pa sispann deteryore, ansanm ak nivo ensekirite a k ap ogmante espesyalman ak dènye evènman trajik ki te pase nan zòn Kenscoff yo.
Difikilte ak inkyetid k ap monte nan mitan kominote ayisyen an nan peyi Etazini, premyèman ak kesyon pwogram TPS la ki ak tout lòt chanjman k ap afekte frè ak sè nou yo bò isit.
Pou T-Vice, nan moman difisil sa yo kote pèp la ap soufri ni anndan ak deyò peyi a, yo chwazi mete fèt sou kote pou voye yon siyal empati ak konpasyon pou tout fanmi ki nan laperèz ak nan lapenn.
Kisa nou panse ?🤔 Èske rezon T-Vice bay yo valide ?🤔
@DjovanyMICHEL01 Vous ne connaissez peut-être pas Plaisimond? Informez-vous car ce dernier est un fin intellectuel et est un honnête douanier tout le monde le sait
⭕️ENFO | Atansyon ! Si w gen yon dosye rezidans nan USCIS, oubyen ou gen pou w voye yon dosye ale, gade videyo sa jiskalafen. Sèvis imigrasyon ameriken anonse yon gwo chanjman enpòtan.
Ann tande Nelson C. Jean Baptiste pou Xplwa Services LLC kap eksplike nou sak pase.-