🔴🔴🔴 AN N SISPANN JWE VIKTIM : PWOBLÈM NOU YO MANDE SOLISYON, PA EKSKIZ
Mwen pataje tristès lanmò bòs Milourie menm jan mwen te regrèt depa militan Fernando Kanaldo an desanm ane pase. Men, gen yon bagay ki deranje m nan fason nou abòde sitiyasyon sa yo. Twò souvan, nou kouri jwenn esplikasyon mistik oswa chèche koupab san prèv. Se atitid sa yo ki fè nou rete dèyè nan ke kamyonèt la pandan lòt nasyon ap vale teren.
1️⃣ Nou twò sipèstisye, e sa anpeche n fè bin chwa : Lè yon moun malad, nou pito di « li pile », « li janbe yon bout kòd » oswa se « maladi lèzòm », epi mennen yo kay ougan olye nan lopital. Sa grav! Pandan setan, enfeksyon ak tètanòs, « pa egzanp », kontinye touye moun san pèsonn pa konprann rezon yo. Gen lòt peyi ki gen relijyon tou, men yo fè syans ak teknoloji pase an premye pou rezoud pwoblèm yo. Nou bezwen adopte apwòch sa si n vle pwogrese.
2️⃣ Espekilasyon san prèv fè plis mal pase byen : Nou dwe sispann lonje dwèt sou lòt nasyon san prèv solid. Poukisa pèsòn, ata Diplomat Sterline Civil, ki ta sanse gen yon reflèks entelektyèl, pa mande yon otopsi pou detèmine koz lanmò yo, men li gentan sispèk vwazen an ka anpwazone dlo a, selon medya yo. Si se sèlman 2 moun ki mouri pandan yon entèval dis mwa, èske sa vle di Dominiken anpwazone dlo a ? Èske se yon kriz sosyetal vrèman ? Antouka, fè sipozisyon konsa pote konfizyon epi fè n pèdi tan, olye n chèche solisyon konkrè.
3️⃣ Nou bezwen reflechi sou sa ki vrèman enpòtan pou demen nou : Èske nou vrèman kwè Leta dominiken ap chèche elimine ti militan ki pa menm gen enfliyans politik ? Si yo te gen enterè fè sa, se pa ti malere k ap travay sou kanal la yo ta vize, men gwo figi politik ki deja an konfli ak yo. Olye nou gaspiye enèji ap chèche koupab imajinè, an n ranfòse sekirite, sèvis entèlijans, ak bon swen medikal lakay nou.
4️⃣ Pou ka Black Mayous ki kontinye bwè alkòl malgre l malad : Olye moun ki gen lajan kanal la nan men yo tann li mouri pou akize Dominiken yo, yo ta dwe ede l ale lopital. Jan mwen deja di, si Abinader t ap chèche elimine lènmi l, se gwo pèsonalite politik li ta vize, pa moun ki san enfliyans.
Pou m fini, m pa mande n lage relijyon nou, men an n sispann kite sipèstisyon ak emosyon mennen n. Lòt pèp yo avanse paske yo fè chwa rasyonèl. E nou, kisa n ap tann?
#SkasonBaptiste
#ZanmiRebèl
15 oktòb 2024
🔴 ÈSKE MWA YON MOUN FÈT KA ENFLIYANSE TANPERAMAN LI ?
Nou souvan gen tandans asosye kèk karakteristik ak moun selon mwa ak jou yo fèt. Men, lè nou reflechi byen fon sou sa, nou ka wè jou ak mwa yo pa gen okenn pwopriyete espesyal. Se senpleman non nou ba yo pou òganize tan nou. Yon jou lendi oswa yon mwa oktòb, pa egzanp, pa gen okenn pouvwa majik ki ka dirèkteman enfliyanse pèsonalite yon moun.
Si nou retire non jou ak mwa yo, sa k ap rete se yon kontinyòm de jou k ap pase san rete. Pa egzanp, olye pou nou di demen Skason Baptiste ap gen 35 an, nou ta ka di demen ap fè li 12 784 jou sou latè. Sa montre lè nou di yon moun fèt nan mwa oktòb, se plis yon fason pou òganize tan an, olye de yon bagay ki ta gen yon efè dirèk sou pèsonalite moun nan. Jou, mwa, ak ane yo se zouti nou itilize pou oryante lavi nou, epi yo pa gen okenn fòs pou chanje moun nan esansyèlman.
👉🏿 ÈSKE GEN YON LYEN ANT MWA NESANS AK TANPERAMAN ?
Nan astwoloji ak kèk branch nan sikoloji sosyal, gen moun ki kwè pozisyon solèy, lalin, ak zetwal lè yon moun fèt kapab enfliyanse pèsonalite li oswa desten li. Pandan sa a enpòtan nan kèk kilti, li pa gen okenn fondasyon syantifik solid. Syans modèn pa montre mwa ou fèt la gen yon enpak dirèk sou tanperaman w. Sepandan, gen kèk efè sezonye ki kapab enfliyanse devlòpman yon moun.
Rechèch syantifik sou « efè sezonye » montre nan kèk ka, moun ki fèt nan diferan sezon yo ka gen sante fizik oswa mantal ki diferan. Pa egzanp, ekspozisyon limyè solèy, nitrisyon pandan gwosès, ak kontak ak kèk enfeksyon pandan sèten moman nan ane a kapab enfliyanse devlòpman yon tibebe. Men, sa yo se efè endirèk ki lye ak anviwònman an, pa ak mwa spesifik la.
👉🏿 E SI N TE FÈ ATANSYON AK JENERALIZASYON YO ?
Mwen fèt nan mwa oktòb, e li vrèman enteresan tande eksperyans pozitif moun fè ak moun ki fèt nan mwa sa a. Men, kòm yon moun ki renmen reflechi an pwofondè, epi nan non « pwobite entelektyèl », mwen panse li enpòtan pou n fè atansyon ak jeneralizasyon sa yo.
Chak moun se yon endividi ki gen pwòp pèsonalite, valè, ak fason yo bati relasyon yo, kèlkeswa mwa yo fèt la. Si nou di moun oktòb yo « renmen pataje », « santi bon », oswa « edike », se ka rezilta eksperyans pèsonèl nou ak yon ti kantite moun, men sa pa vle di se yon verite jeneral pou moun ki fèt nan mwa sa a. Moun nan nenpòt lòt mwa ka montre menm kalite sa yo. Se t ap twò fasil epi twò rediktif si nou ta limite moun yo nan yon seri karakteristik sèlman paske yo fèt nan yon sèten mwa.
👉🏿 E SI N TA ADÒPTE YON APWÒCH KI PI NYANSE ?
Sa ki fè eksperyans nou ak moun diferan, se plis dinamik relasyon nou konstwi avèk yo pase mwa yo fèt la. Nou tout, kèlkeswa mwa nesans nou, nou gen kapasite pou pataje, pou montre edikasyon, pou lwayal, elatriye. Lavi pi konplike pase kalandriye a, epi chak moun pote pwòp ekilib ant fòs ak feblès yo. Vrèman, pi bèl eksperyans nou fè ak moun pa depann de mwa yo fèt, men de fason nou chwazi trete youn lòt epi bati relasyon solid nan mitan nou.
Pou m fini, pandan n ap mezire lavi nou nan jou, mwa, ak ane, vrè enpak sou tanperaman yon moun soti nan yon melanj konplèks ki lye ak faktè jenetik, anviwònman epi eksperyans pèsonèl. Mwa ou fèt la pa vrèman enpòtan, men se ki jan ou chwazi viv lavi w, epi kijan ou kreye relasyon ak moun ki antoure w.
#SkasonBaptiste
Zanmi Rebèl Wouaf-Tastique
1ye oktòb 2024
🔴 Yon jounalis ki bay yon teworis li pral entèvyouwe kado pa pwoblèm. Pwoblèm nan, se ki tip de kado. Yon jounal, liv, CD, DVD ki ka atire atansyon l sou moralite t ap fè tout diferans, kontrèman ak kagoul, kleren, sigarèt k ap ede l nan zak kriminèl li. https://t.co/8O5kGdk9px
M ap envite nou suiv #GuyWeweRadioA sou Facebook. Kontni ak analiz li yo vrèman enteresan. E m panse anpil nan nou ap jwenn matyè swa pou nou fè deba, oswa pou nou aprann. Yon lòt bò, m swete animatè konpa a kontinye kreye bonjan kontni ak plis estanda. ❤️
Mon compte TikTok « @ValNuma » a déjà atteint plus de 3K abonnés ! Rejoignez-moi en #LIVE pour une causerie fun ce dimanche 28 juillet 2024 à 8h10 pm.
Lien pour rejoindre mon compte : 👉🏿 https://t.co/YWgzWZ2RWI
ValNuma
🔴 2 KESYON SOUPLE !
👉🏿 Demagòg ki fache paske Leta ap achte dizèl a kredi, de fason fòmèl ak legal nan men enstitisyon m nan, nou panse si Leta vin achte ak lajan kontan nan antrepriz yo, y ap refize, si tout fwa yo gen pwodui a pou vann vre ?
👉🏿 Militan k ap joure paske m siyen yon kontra legal pou m bay Leta sèvis la, konbyen nan yo ki pa swete Leta chwazi yo, oubyen yon moun pa yo kòm manm gouvènman (PM, Minis, Sekretè) oubyen DG, elatriye ?
PS. Anpil nan yo gen chèk regilyèman nan gouvènman kòm konsiltan. Anpil lòt tou ap resevwa chèk sibvansyon, esponsò tanzantan, san bliye anpil lòt k ap chèche jòb ak privilèj nan gouvènman de fason iregilye, men yo deranje paske m di an piblik Leta kontakte m, mande m sèvis mwen, m dakò e y ap peye m pou sa. #YoKoken #YoMètdam #YoIpokrit
NB. FÒK NOU ANTANN NOU SOU SA : se pa mwen k ap jere Leta pou nou. Anplis de sa, m pa nan okenn gouvènman, ni pòt pawòl yo tou. Kidonk, si n anvi konnen kòman Leta ap depanse lajan taks nou ak sa moun ki gen kontra ak Leta yo ap regle (sa ki lejitim), se pa mwen pou n mande eksplikasyon, gen antite piblik ki la pou sa. #Bizou🥰🤍
#SkasonBaptiste
#PatnèRebèl🐕
🔴🔴🔴 JODI A, TEWORIS « VIV ANSANM » YO GEN PLIS ENTERÈ ACHTE MEDYA PASE ZAM.
👉🏿 Se tit dènye analiz mwen pibliye sou Facebook, ki disponib nan lyen sa 👉🏿 https://t.co/omHqdy3nsj
Bon lèkti !
🚨🚨🚨 APLIKE BON SANS, EVITE FO NOUVÈL !
Bonswa tout pèp Ayisyen an an jeneral, patikilyèman oditè ak oditris mwen yo.
Mesaj sa se pou m raple nou, tout enfòmasyon ak opinyon mwen pataje an piblik, se dabò nan emisyon « VISION 2000 À L’ÉCOUTE » sou Radyo Vision 2000.
1/3 ⤵️
Appelez aux + (509) 34 97 83 84 / 41 04 14 55 avant le 28 décembre pour réserver votre place, car elles sont limitées. Merci ! #PlatinumProduction@kay83haiti