Onètman mwen pa anvi fè sa tounen yon gwo tole jan yo konn di an.
M te toujou rete nan kad troll ak Kim, paske menm avan sa Kim te deja konn rantre nan tweet mwen pou fè vye blag avèm, epi li te menm rive dim chak fwa li jwenn okazyon l ap ban m ti frap pa l, Tout sa te toujou rete nan kad troll, jiska yè kote m wè misye estomake.
A okenn moman mwen pa t gen lide derespekte Kim. Si l santi se te ide an sa, ebyen m eskize m.
Ke n finn ak sa.