Rezon ki fè majorite gason pa dakò pou fanm poste yo, se paske nou pa fyè de fanm yo. Ego m two fò; mwen pap aksepte yon fanm al poste m epi pou lòt nèg ap gade m pou rookie.📍
Lè w padone yon moun, sa pa vle di otomatikman ou dwe bay yo aksè ankò nan lavi ou, nan espas ou, nan kè ou oswa nan relasyon an. Padon se yon bagay ou fè pou tèt ou, pou kèw ka rete pwòp .
Alinye w ak moun ki pap pote anyen pou ou se pèdi wap pèdi nan enèji w.
Yap rale w desann epi yo menm yap pran degre sou ou. Volontè ou envolontèman.
Fè byen toutan w kapab men pa bloke 👌🏾