Depi w pa ka fè moun nan wè ti antre soti ki gen nan yon sitiyasyon, ou pa fin yon bon konseye. Ekzanp: Yon zanmi w ki pral kite mari l apre yon ti kont rans. Li vin kote w pou al ede l bwote. Fò w ka di moun nan “Bon poukisa w pral kite mesye a la? Lè w kite l la sa w pral fè…
Ou ka fè yon pitit epi lespri l ouvri pase w nan anpil bagay. Se pa nan koze lekòl sèlman, nan lavi menm. Timoun nan ka wè pi lwen pase w. Savledi ou dwe gen SAJÈS lè yon pi piti pale w pou pa voye jete sa l di w la. Ou ka gwo Enjenyè epi se yonn nan Bòs yo ba w yon bèl ide.
Gen moun lè yo Lidè, fò w ta wè ki moun ki CONSEILLER yo. Heheyyyyy!!!! Se ti patnè bò lakay la, yon kouzen yo, yonn nan ti frè yo a. Moun sa ki pa ba moun regle anyen pou yo a. Apresa lè yo fè yon sortie krab tout moun ap kritike yo, se lè a y ap konprann yo pa gen konseye vre.
Sonje sa! Lè w ap konseye moun fò w fè sa ak imilite ak sajès. Ou pa dwe pran tèt ou tankou yon Matador Superbe pou konprann moun nan OBLIJE aplike sa w di l la. Li gen Dwa tou pou l chwazi sa k ap pi bon pou li. Gen moun tou ki pa pran konsèy, kite l ak tout konsekans li.
Se jis pou yo di w pa kouri tèt bese aplike yon konsèy yon moun ba ou san w pa byen konprann li. You don’t want to apply impulsively an advice without understanding it. Poze kesyon, fè moun nan eksplike w sa l di w la epi chèche konprann sa k dèyè tèt moun nan avan.
Ou ka sezi wè gen moun ki echwe yon bagay se poutèt yo te manke konnen sa y ap fè a. Pa limite tèt ou a ou menm sèl sitou nan seri de desizyon ou vle pran. Sa pa vle di ou pa kwè nan tèt ou, okontrè se paske w vle afè w soti byen menm, epi yon sèl je pa wè, gen yon ang ki ka echa
@CarineLouis3 Tu n’as pas d’explication a donné parce que tu es victime. Et le type dans le video il n’aurait pas d’explication à donner aussi si toi tu dois raconter quelque chose?