Ti Ayisyen an konn tout istwa Real-Barcelone-Brezil-Ajantin men l pa konn twòp bagay sou seleksyon peyi l la.
Antouka vini m montre n kèk dat istorik fè makan seleksyon nou an.
Federasyon zòn nou an se Concacaf,ti non seleksyon an se Grenadye yo,ou byen Wouj e ble yo
22 mars 1925- 22 mars 2026 sot fè seleksyon nou an 101 ane egzistans
Ayiti jwe premye match li 22 mars 1925 nou te pèdi 2-1 fas Jamayik gòl nou an se Painson kite fè l
FIFA rekonèt nou kòm ekip an 1933
An 1957 Ayiti ta pra l chanpyon CCCF).
Coupe de la Confédération centre-américaine et caribéenne de football,meyè bitè tounwa se te yon Ayisyen Phénol Charles kite fè 8 gòl
Pi gwo viktwa nou se an septanm 2018 fas Sen maten nou te bat yo 13-0
Pi gwo defèt nou se fas Brezil U21 9-1 an 1959
Nou jwe Koup dimond yon sèl fwa 1974,nou elimine premye tou men Emmanuel Sanon ta pra l fè yon gwo eksplwa nan match fas Itali a,Dino Zoff yon ansyen gadyen italyen te gen 1143 minit li pa t janm pran gòl Emmanuel Sanon ta pra l retire seri envensibilite sa
Ayiti te pèdi 3-1
Apre Pologne bat nou 7-0
Ajantin bat nou 4-1 grenn gòl la se te Emmanuel Sanon kite fèl
Antoine Tassy ret yon lejand nan foutbòl lakay nou
Kòm jwè li chanpyon Koup CCCF an 1957
Kòm antrenè li chanpyon koup dè chanpyon konkakaf an 1963 avèk Racing club
Se li k te mennen ekip la nan mondyal 74 la
Ak seleksyon an li chanpyon Gold cup 1973
Armelio Garcia chanpyon koup karayibeyen an an 2007 ayiti te pran l deja an 1979
Nou jwe kopamerika yon sèl fwa 2016,nou elimine premye tou
Nou patisipe nan Gold cup 16 fwa nou chanpyon yon fwa 1973
Moun ki jwe plis match pou seleksyon an se lejand Emmanuel Sanon 100 match,se li k te fè plis gòl tou 47
Stad nou an pote non lejand Sylvio Paul Cator,se te yon Atlèt Ayisyen ki ta pra l pran meday Ajan nan Jeux Olympiques 1928 kite fèt nan peyi La Hollande.
Mèsi.
Ayè 26 Septanm nan, se te Jounen Mondyal Kontrasepsyon, yon sijè ki gen yon enpòtans kapital pou nou Ayiti, lè nou konsidere nou se youn nan peyi ki gen gwo To Fètilite nan tout Amerik la e mwens aksè ak divès metòd kontrasepsyon.
🧵sa gade
- Kisa kontrasepsyon ye?
- Kijan sa ye nan mond lan? Kijan sa ye nan peyi nou?
- Ki diferan Metòd Kontrasepsyon ki genyen?
- Ki efikasite chak Metòd sa yo?
1/n
Gen yon gwoup ayisyen (ladan yo anpil fanm ak timoun) ki bloke nan ayopò entènasyonal las amerikas depi yè bò 10h nan maten. Yo te gen yon vòl ki te pwograme a 11h 45 pou yo ale Brezil , jouk koulya moun yo bloke lòtbò a yo pa konn ki sen pou yo adrese.
🇭🇹❤️🇯🇲
Mèsi Buju Banton!
"Premye zile nan Karayib la, ki kanpe men nan men, batay pou nou lib se Hayti [...] Pou kisa Hayti ap soufri jodi a? Paske Hayti te kanpe anfas gwo pisans esklavajis yo alepòk, sila yo ki te drese nou pou n bese tèt devan yo."
📸 @african_stream
Vag chalè n ap konnen nan peyi a (nan mond lan) depi yon bon moman se pa yon bagay ki piti menm, lajounen kou lannuit moun pa ka sipòte. Lè w resi jwenn yon ti frechè se gwo soulajman.
Chalè sa tou ka gen gwo enplikasyon sou lasante w e menm pote lanmò...
🧵 pou prevansyon
1/n
15 juin 74 15 juin 2024 50
Ans déjà. Est ce que nous aurons encore droit à une telle émotion ? Hum !!! Mes admirations pour ceux qui sont encore vivants. Pipo, Marion, Tompouce, Bayonne etc. Inoubliable