Kòman w ka enspire konfyans ? 👌
✅ Rete toujou pwòp, klasik epi santi bon
✅ Konn pale epi koute lè moun ap pale
✅ Kontrole #BodyLanguage ou
✅ Montre ou se yon moun ki renmen aprann
✅ Montre imilite epi rete saj
😊😊😊😊
Pran kèk minit pou gade yon moso videyo kote m te al vizite yon espas pwodiksyon mayi 🌽nan komin Katye Moren ak Limonad nan depatman Nò peyi a. Se Mèt Fèy Vèt kap dirije bèl pwojè sa ki gen objektif valorize pwodiksyon nasyonal.
Eske yon endividi ka fè yon gwo deklarasyon konsa ?
Di kilè ak ki jou yon tranblemann tè pral pase
W ap jwenn tout detay nan videyo sa a
Pa bliye LIKE - PATAJE - KOMANTE ak ABONE 😊
Gade tout videyo a la 📲⤵️ https://t.co/XURrE1OeRj
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Ou konfime nan Pwogram Biden lan? Ou fè tout etap yo deja? Si wi, pran tan w li pòs sa epi #bookmark li. Men 7 etap ki pi enpòtan ou dwe kòmanse aplike depi ou fin desann #avyon an:
1- Aprè w fin bo tout moun, fè yo rale I-94 pou ou paske l konn pa disponib sou website lan.
2-Nan dezyèm jou a aprè w fin repoze, kòb kabrit ou te vann Ayiti a, mande pou yo kòmanse fil kat travay pou ou (I-765) ak li.
3- Fè kreten ki ap fil kat la, tou aplike pou sosyal pou ou, pa bliye ba li I-94 a. Si w byen fè sa, nan yon semènn wap kapab fè anpwent.
4- Mwen espere ou gentan fin repoze, kòmanse #google ki lekòl anglè ki tou prè lakay ou, wap bezwen kèk mo anglè pou fè tout sa wap bezwen. Pran kou online lan bon tou depann de ou.
5-Pa dekonekte sou #google, mande sipòtè ou a kote li ka ede ou lokalize resous ki pou moun ki fèk vini ki nan zòn ou an tankou @CCharitiesRGV ...
6- Toujou rete sou google a, tape ki restoran ki pi prè w, ki makèt, paske sa se yon kesyon de “survivre” se pou si bwa mare pou kapab degaje w.
7- Banm fini ak pwen sa, tout lakou gen mèt, kote ki gen mèt gen pwensip, kòm ou te tou cho, ou fin repoze, mande fanmi, zanmi kote ou desann lan ki prensip ki gen nan kay la konsa wa konnen sa ou dwe fè , sa w pa dwe fè. Sa valad pou tout kay ou pa tap viv avan. Tout kote gen prensip pa yo.
--------
Ou wè pòs sa, li enpòtan, pataje li, kòmanse, like. Pa bliye swiv pou plis pòs tankou sa.
#travelguide #traveling
Ankouraje teknoloji pa bò isit
Si w fin fè yon egzamen medikal nan #MedLab
Ou ka rezilta w san w pa bezwen deplase ale sou plas
Se yon bèl inisyativ ke m ankouraje pèsonèlman
Kenbe la !!!
PS : Yo pa peye m pou sa, se jis yon felisitasyon ak yon ankourajman pou yon bon sèvis.
Yon izin transfòmasyon diri 🍚 ki nan Fòlibète, depatman Nòdès ki ka pwodui jiska 24 000 tòn diri 🍚 chak ane. Ayiti enpòte plis pase 500 000 tòn diri chak ane e pwodui anviwon 100 000 tòn. Si n bay antrepriz agrikòl yo jarèt e kreye bon jan kondisyon, nap ka kreye travay e redui depandans lan. Pran kèk minit pou gade moso videyo sa. Mèsi.
Prepare nou ⚠️ ‼️
Meteyo anonse 📢 plizyè zòn nan peyi a ka resevwa bon kou lapli ☔️ ak loray ⛈️ nan aprèmidi ak aswè jodya sitou depatman Sid ak Grandans. Lapli 🌧️ ak loray ⛈️ sa yo ap vin pi plis demen maten.
An n rete vijilan ‼️
Li tout bilten an la : https://t.co/FCwKhvpydM
@richardsenecal J'assure la production de ces produits :
🔵 pour laver Les habits
🟢 pour les vaisselles
🟡 pour les 🚽
🔴 Désinfectant pour les surfaces et lessive
Toujou nan depatman Nòdès, pita a n ap prezante w yon izin transfòmasyon diri 🍚 ki nan komin Fòlibète. Yon izin ki ka pwodui jiska 2000 tòn diri 🍚 chak mwa. Se enpòtan pou nou ankouraje moun ki deside pran risk pou fè biznis nan peyi a. Se enpòtan tou pou n konsome lokal. Pita 7h branche emisyon ÉDUCATION ÉCONOMIQUE sou Télé Caraïbes, Facebook, Youtube ak sou plis pase 40 radyo pwovens. Pa rate l. Mèsi. #EEE
Otorite yo pa enterese ak zafè sekirite. Yo pa montre okenn volonte reyèl nan batay kont gang yo. M fè 12 konsiderasyon sou sa. Pran ti tan gade l. Pataje l. Mèsi. #EEE