Ayisyen an pa gen okenn estanda nan anyen, olye li eseye leve nivo a pou l atenn estanda ki la, li pito eseye kokoratize nenpòt bagay la pou mete l nan nivo l:
1- Melchie pa sèlman Melchie ankò, li se vizaj OL ekip l ap jwe pou li a, li se vizaj Adidas li gen kontra avè l
2- Melchie se yon pwofesyonèl kidonk li gen yon ekip avè l ki pou jere yon seri aspè nan vi pwofesyonèl li pami yo relasyon li ak medya kidonk si kòm medya, ou bezwen pale avè l, se ekip li pou w kontakte men pa li pèsonèlman
3- Ayisyen an pa janm rate okazyon pou l eseye rabese yon moun ki rive nan yon pozisyon si l pa ka pwofite de li jan l ta vle a, l ap di l koze, rakonte tout swadizan detay sou pretèks se rapèl l ap fè epoutan se pa vre (wi, engra egziste men kontèks sa k ap pale a diferan)
4- Melchie sa l ye jounen jodi a paske li gen talan e li disipline ni sou tèren ni deyò tèren an, koze se moun ki konn al nan match ki fè l sa l ye a pa kenbe paske si yo te konn ale, se paske li te konn bay yo plezi (wi, sipò enpòtan)
5- epi menm si li ta di l ap vini, ki kote menm? Nan bagay ki sanble ak TV gwo dèyè yo? Jan sou sangwen an, konsa nou panse l ye tou?
Antouka, peyi sa gen pwoblèm moun tout jan
Onètman mwen pa anvi fè sa tounen yon gwo tole jan yo konn di an.
M te toujou rete nan kad troll ak Kim, paske menm avan sa Kim te deja konn rantre nan tweet mwen pou fè vye blag avèm, epi li te menm rive dim chak fwa li jwenn okazyon l ap ban m ti frap pa l, Tout sa te toujou rete nan kad troll, jiska yè kote m wè misye estomake.
A okenn moman mwen pa t gen lide derespekte Kim. Si l santi se te ide an sa, ebyen m eskize m.
Ke n finn ak sa.
Kim ou ka kontinye poste sa w vle sou paj ou, men fòk ou konn diferans ki genyen ant kontni pèsonèl ak travay jounalis. Yon jounalis pa dwe seleksyone sèlman enfòmasyon li konnen kap jenere plis vyouz yo pandan wap neglije lòt eleman ki enpòtan yo. Sinon pèsòn pat bezwen follow.
Lèw fè sa ou mete kredibilite w an kesyon.
ou pa ranpli wòl yon jounalis.