@FrenchRapUS En voyant ces commentaires,je me pose plein de questions: 1) Est-ce qu'il y a de vrais humains derrière ces pages? 2) Est-ce que des gens peuvent être si aigris et ignorants à la fois?
Si quelqu'un n'arrive pas à apprécier un si beau spectacle, votre vie est nulle à chier.
@Mr_leprinceht Pou moun kap kritike paspò a, fon ti pouse refleksyon lejèman tou piti. Yo kalifye sa de " fuite de cerveau" . Lè sitiyasyon peyi a fòse plizyè moun ki te ka itil li sove kite l. Nòmalman, moun ap toujou itilize paspò pou l vwayaje epi vizite lòt peyi men pa SOVE.😏
Genyen Ayisyen ki gen privilèj (paspò ameriken, green card) oswa ki abite nan kominote kote pa gen anpil Ayisyen, ki panse yo “pa konsène” pa sitiyasyon tankou sa kap pase nan Springfield, Ohio. Sa montre kijan anpil nan nou pa toujou wè tèt nou kòm yon kominote. Lè yon moun nan kominote a sibi yon atak oubyen diskriminasyon, se tout kominote a ki febli. Twò souvan, se nou menm ankò ki fè tripotay, vann move naritaf sou lòt frè ak sè nou, kraze youn lòt olye pou nou soutni youn lòt.
Sonje kijan jiskaprezan nou wè e diskite sou "Humanitarian Parole" la? Nou menm ankò toujou ap diskrimine tèt nou, alò kòman nou vle lòt moun pa fè menm jan an?
Sistèm rasis nan USA pa chanje selon ki pati politik ki sou pouvwa. Li sistemik, ki vle di li enstale nan tout aspè sosyete a, kèlkeswa ki moun ki prezidan. Donk, menm si apre eleksyon sa, gen moun ki panse pwoblèm sa yo ap pase, sistèm lan li menm ap kontinye egziste. E se pou sa li enpòtan pou nou konprann fòs nou depann de kijan nou ini, sipòte, ak ankouraje youn lòt. Lè nou febli pwòp kominote nou, nou fè l pi fasil pou lòt moun fè nou mal.
@Koudi87413846@LuckNews88@M_Chidzuga Èske ou wè li tap fè sans pou li ta ekri menm bagay ki nan imaj la nan " Caption" lan ankò? Ou pa konn definisyon " Caption" ? Se nòmal pou gen plis detay ladann ke nan imaj la.
Gen yon konsèp m wè kap devlope lontan sou rezo yo. Kijan pou yon moun fè chita oswa kouche, li jis ap souke tèt li san di yon merde sou videyo yon moun fè deja? Kidonk pou yon moun "monetize" yon paj an antye sou do lòt moun san fè anyen serye. Nou PARESE!!
@Jhanedouze Lavaj sèvo se gwo bagay wi! Podyab! Sitiyasyon sa fè m plis konprann poukisa kèk fanm souvan al retire plent ke yo te depoze pou yon bouwo. Enfliyans lan fò anpilll. Antouka avni ap di nou plis.
Equal work deserves equal pay, regardless of gender.
Yet, women earn 20% less than men for the same work.
⏰ End inequality. End the gender pay gap.
v @ilo
@iamguivanel Men nou gen kouraj ranse sou rezo sa. Ou te konn Rihanna te fè pitit fi?😏 ou annik jwenn yon imaj Entèlijans atifisyèl jenere, San verifye wap voye monte epi bègwè kwè vre.
3) Li redui egzistans nou ak byen parèt nan je sèks opoze a sèlman. Yon jou, yon gason te di m fanm se pou fè gason plezi yo makiye epi abiye. Ala frekansite!!😒😂
"Mwen pa menm jan ak modèl fanm m wè nan lari yo" " Tout zanmi m se gason paske fanm twò zenyèz" Si tout fwa ou pantan sou tèt ou kap repete fraz sa yo oswa kèk lòt ki sanble. Ou se yon PICK ME😄
Kite m esplike nou konsèp sa nou pwobableman tande souvan.
Men 3 rezon ki lakoz medam sa yo frajilize tout yon mouvman:
1) Li ranfòse stereyotip ki te gen sou fanm tankou fèzè, zenyèz...
2) Sa kreye rivalite ak layèn nan mitan nou. Mesye yon gon jan yo diw , bon se yon fanm parèy ou ki dil