@Nintendo 🚨 ATTENTION
Malheureusement l'application n'est pas disponible dans le pays ou je me trouve actuellement, donc je ne peux pas le télécharger depuis la boutique playstore je suis dégoûté 😒
@haytiens travay yo anpil men yo pa enposib, strateji chanjman an dwe fèt ak patenarya vwazen ki renmen AYITI Tout bon sa ki pap banou pwazon pou sirèt, fòk pèp la aksepte e kanpe dèyè lide ki vini pote chanjman an pou sa mache, depiw gen sipò pèp la travay la ka fèt se sak pi enpòtan an
@haytiens Chanjman an ka fèt e li posib toujou pou chak gren ayisyen kap viv AYITI, pèp la sipoze fè yon sèl ak fòs lòd ki pa kowonpi yo, e mete nan tèt li yon lidè ki vini pou pote chanjman pou AYITI, yon chanjman kote AYITI pase an avan, yon chanjman kote tout moun dwe mete men yo ladan
@LuckNews88 Kòm se pèp ki bay pouvwa, pèp ayisyen repwan pouvwa nou ak destine nou avni nou pa lòt kote ke nan nou, piga nou bliye ke jiska prezan gen moun ki renmen AYITI tout bon vre e ki ta vle wè li chanje gen moun ki ta renmen pote ròch pa yo nan chanjman sa, gen moun ki pa kowonpi tuju
@LuckNews88 Politisyen di yap goumen kont sistèm nan, bandi di yap goumen kont sistèm nan, e kiyès kap sibi vyolans se pèp la, alow èske se pèp la ki sistèm nan se kesyon pam, èske se pèp la ki pwoblèm nan, pouki se pèp la kap sibi vye desizyon moun ki ap dirije li yo
@GazetteHaiti E depi pagen inyon anyen pap mache, pèp ayisyen nou dwe konnen sak bon pou nou, ouvri je nou paske verite a nan figi nou, nou dwe fè yon sèl pou nou chanje sa kap pase a, mwen renmen peyim e vle wè yon lòt AYITI
deviz pam : KONSYANS, ÉGALITÉ, FRATÈNITE AK LIBÈTE
@GazetteHaiti Yon palet moun ki la pou la fòm, chak ap jere enterè pèsonèl pa yo, yap travay sevré, men sepa ni pou pèp la, ni pou Ayiti, yon jou kou jodi a nou gen pou nou repon de zak nou devan la nati, Pèp Ayisyen bezwen yon lidè pou li suiv nan chanjman sak gen pou fèt la
-2 malere ak malerèz, nwn se pitit madan sara, pitit bos mason, e avan tou mwen se pitit tè a, mwen konnen sak rele viv yon jou a la fwa, li lè pou sa chanje pou chak timoun kap grandi anba drapo peyim, li lè pou nou sispann mande kilè sa va chanje e sitou li lè pou pran plas nou
-1 Wi mwen vle, wi mwen pare e wi map fel, depi nou dakò, si nou pa pran desizyon an jodi se nou touT kap fini peri, se pitit nou, manman nou, papa nou ak sè e frè nou kap soufri, chanjman an mande yon moun ki vini pou enterè AYITI ak pèp li, Pèp ayisyen mwen se pitit soyèt.
Mwen pa yon politisyen, mwen pa yon avoka, mwen pa yon medsin, mwen pa yon boujwazi, men sa mwen konnen ki verite mwen se yon patriyot ki renmen peyi li, e ki vle wè AYITI kanpe e gen yon lòt van kap soufle sou li, rèv pam se wè peyim ap pèp li respekte nan lemond antye 🇭🇹
@Fakatal Map di se youn ki mennen'w bay lòt yo, siw koupe tèt sa kijan wap fe jwen lòt responsab yo, nou dwe reflechi pi lwen toujou nan kesyon chanjman AYITI
@Fakatal Sepa solisyon pwoblèm nan,okontrè se sak mete nou la fè rès lemond wè nou tankou yon bann barba, koupe tèt youn de ak twa lòt ap pouse, solisyon an se derasinen li ye, avanw fè rekòlt sou tew ou mete dife pou ka asirew ke tout move zèb yo byen boule, se ak men'm ekspresyon sa
@Fakatal E kotew kite malerè, malerèz ki te gen espwa sou sèl kòb sa, poukiw pa di si yo koupe tout privilèj chak grenn moun ki nan pòs pouvwa aktyèlman la, si yo paka pran avyon pou ale bwè dlo kay vwazen ou tonton sam si se Ayiti yo bloke men'm jan 99,9% pèp la bloke si sa pap chanje
Nou koupab kòmanse sou mwen fini sou yon lòt, si nou pa mete nou ansanm nou pap ka chanje sa, koripsyon nan bwat leta, nan sektè sekirite a, fè ke pèp la paka kanpe fas ak sa kap pase,sevré nou gen sòlda ki vle chanjman toutbon pou peyi nou, men koripsyon an kenbe nou nan goj o
Nivo kriminalite a pwan yon lòt aspe an AYITI kote li lojik pou yon timoun 2 mwa jete nan dife tankou pay bwa, ensekirite ap galope, koripsyon tounen nouvèl mòd pandan nou gen dirijan kap regle afè touris mondyal epi kanaval tèt dwat
@Doitright007@LuckNews88 @lazarrelionel22 Kat la sipoze rebat, pou koripsyon an metrize , sak fem pat di elimine paske tout otan lòm egziste koripsyon ap toujou egziste, men déjà nou ka kòmanse derasinen koripsyon sa ki gangrenen tanbou move zèb nan jaden
@GessicaGeneus AYITI pagen politisyen, ni dirijan, AYITI gen biznisman kap jere plas yo, chèk yo ak privilèj ke pòs la ba yo, yo te mèt travay pa travay chèk la ap soti chak mwa ak privilèj ki vini ak li, nou bezwen pou kat la rebat, pou privilèj sa yo ak iminitè yo tonbe pou jistis ka fèt
@MARADIOFM@G7 Depi lè gè a kòmanse, pandan ke nap resevwa twoup Kenyan ki deja paka jere ensekirite lakay yo, lòt kote ap jwen bon soutyen, pouki kòb ki te sèvi pou bay Kenya ak Salvadò pat sèvi pou achte materyèl pou ranfòse fos ki deja ap goumen fas ak gang nan peyi a, AYISYEN ouvri je nou
@MARADIOFM@G7 Nan dènye pòz ke mwen fe, mwen di klèman ke AYITI pafè pati de ni OTAN, ni UE, nou sipoze bien chwazi patnè ke nap pran pou alye nou nan jwen yon solisyon pou retire peyi a kotel ye, pandan ke pagen lajan ak bon èd pou ede AYITI, Ikrèn ak resevwa lajan, zam soutyen fòs militè