Pou fè prevansyon kont kansè avan'w dòmi : 1 tas thé Fèy gwayav + 2 kiyè siwo myèl. Ou ka fè resèt sa 2 FWA/Semèn
Pa di'w pat konnen ! Pataje ! Pataje ! Pataje #WhatsApp Nou se : +50943480031
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Jodi a mwen pa bwè pou m pale dosye sansib ak nou, dosye menm yon fanmi oubyen zanmi pap pran chans pale ak nou. Men map fè figi m byen di pou m nou reyalite. An bon lojik gran moun pa ret kay gran moun pou anpil tan, nou tout dakò sou sa.
Plan sa mwen pral esplike la, si ou swiv li byen nan 6 mwa ou 7 pou plis ou ka remèt bòfrè w la kle a, di l bèl mèsi pou bourad la, ba li bèl akolad epi ou mache cha!
▪️Depi jou ou te antre isi an, ak paspò ak I-94 ou, ou te kapab fè yon kat bank. Pa di m ak ki lajan paske ak $25 ou ka louvri yon kat men ann rale lòt kat pou jwèt la pi bèl. Nan menm bank lan, mande yon kat kredi ki ap ede w bati kredi ou, sa ka koute $200 konsa. Si w jwe byen ak code sa ou ka fè ti monnen sa, gen moun ki fè $1.000 ak li 👉 https://t.co/lwddXx5j1L
▪️Pa bliye ou ka ouvri yon kat ak plis kòb toujou men se yon kat pou kontwole abitid ou kòman w jere lajan. Pa depanse anpil sou li epi toujou peye l bonè, si ou byen fè sa, nan 90 jou ou plis bank lan ka pouse w kòb ou te louvri kat lan epi fè l tounen yon kat kredi ak plis kòb sou li.
▪️Menm jou sosyal ou tonbe a (paske depi ou byen fil kat lan wap jwenn yo menm lè, wè ak yon pwofesyonèl pou plis detay @Acdrivingsch ) ale nan bank lan pou ajoute sosyal ou kèk jou aprè wap kòmanse wè kredi “score” ou ap monte.
▪️Depi a 600 ou kòmanse gen kredi nan men w, pa sispann travay sou li se enpòtan. Ak kat travay ou kòmanse chèche travay, konekte ak zanmi se premye kote ou jwenn koulwa travay. Bim! Ou jwenn yon travay nan Walmart oubyen Amazon. Koulye a kòmanse fè plan ou. Pa bliye Telechaje 7 kesyon ak repons yo plis poze nan yon entèvyou, li gratis ou ka fè yon donasyon tou si ou vle 👉 https://t.co/lwddXx5j1L
▪️Ekonomize 3 mwa travay, karese kredi an toujou, avanse! Avanse! Si tout sa yo fèt mwen pral montre nou pi bon kote pou nou jwen yon bèl chanm pou òganize nou. Pou solidifye estabilite ou, ou kapab jwenn ak yon zanmi pou nou viv ansanm ( Roommate).
▪️Wap jwenn yon bèl chanm a $900 a $1000 sou https://t.co/Y0syUInil2. Avantaj li genyen ou pa oblije nan premye ak dènye mwa depozit, epi pil lajan pou kalifye, se rantre tèt dwat. Ou ka jwenn yon chanm tou nan https://t.co/EXtCVbIfZk anpil ladan yo konn tou meble kidonk wap « save » anpil lajan. Mwen pa nou 2 sa yo men gen toujou men sa yo se garanti.
▪️Ou gen kredi , mwen montre w kòman pou fè sa, ou gen "saving ", ou gen travay mwen montre w kòman pou chèche e jwenn youn, mwen montre w teknik pou solidifye paske si youn nan nou pèdi travay 3 mwa « saving » lan ak kredi w kapab ede ou batay, mwen montre nou kòman pou jwenn yon bèl chanm tou meble. Jwèt la nan men nou.
Koulye a, pa bliye janm fonksyone, map sèlman tann nou #pataje paske enfòmasyon sa yo kapab ede yon lòt.
#Integration #Haiti
Tizàn #Melisse se youn nan pi gwo mèvèy sou latè. Fè tèt ou byen, bwè te melis: ak siwomyèl pou memwa, sèvèl, pou tèt, konbat ensomni, pou kalme w, pou w rilaks, pou konbat estrès, depresyon, pou prevansyon kont maladi foli, alzaymè, prevansyon kont stwok, tout kalte maladi tèt.
✅Resèt natirèl pou Dan pike (Carie dentaire) ak Moun ki gen Movèz alèn (Bouch santi):
¼ kiyè safran
¼ kiyè lwil KOKOYE
2 gout lwil jiwòf
1 ti sèl fen
Melanje tout Engredyan yo nan yon bòl , brase yo ansanm aprè bwose dan'w avè'l.
Rense Bouch ou aprè 2 a 5 minit avèk dlo Cho.
🔴🔴bel Retwouvay 33 lane Apre soti film 🎥 «Maman j’ai raté l’avion » an ant Macaulay Culkin (Kevin) avek Catherine O'Hara (Kate McCallister) ki se manman li nan fim lan 👏👏nan foto anlè an Kevin te gen 10 lane,Kate 36 lane, nan foto anba Kevin 43 lane,kate 69 lane 👏👏