Avan, nou menm fanm te konte pami kantite byen yon gason posede, nou te la pou n rete tann yo deside pou nou sèlman.
Jounen 8 mas 2022 a raple nou kantite lit nou mennen deja pou yo rèspèkte dwa nou e m ap di nou :batay sa pa pou fanm sèlman! Bn combat à ns!
Le problème que j'ai avec mes compatriotes haïtiens, c'est que la majorité d'entre eux aiment gagner dans la facilité. Selon moi, cela est à la base du niveau de jalousie, de haine, de misère qui nous incombe chaque jour.
CAP-HAITIEN:
20 Novanm 2021, Lansman ofisyèl @Angajmanht, depil fè 2h pm, nap gen ekonomis @etzeremile, sikològ Guesly Michel ak edikatris Fania Victorin. O
Génération de rupture!
@mikebellot2 @StellaG28675488
Mwen kontan wè jan lajenès peyim estomake paske yon nèg k ap di betiz gen yon odyans ki pi laj pase yon entelektyèl, ekonomis Etzer Emile k ap fè yon travay kolosal nan sosyete nou an. M ta pi kontan toujou si tout moun sila yo te fè yon feso pou bouste sa ki bon.
Finalman, nou pa gen anyen ki ret pou nou ankò. Pwoblèm gaz depi plis pase 6 mwa, sa pa di pèsonn anyen. Tout moun ap fonksyone, tout moto ap fè trafik, kay ap pran dife,moto ap pran dife, moun ap pran dife men sa pa di pèsonn anyen. Lajenès!!! Pita ka pi tris!
Pa janm minimize anyen w ap fè jodya. Chak aksyon w poze jodya, gen yon konsekans sou demen ou. Desten w nan men w, ou dwe kòmanse wèl nan aksyon w ap poze chak jou ki pase.
Batay pou chanjman an ap mande kèk jenn soti nan zone de confort yo. Zone de confort anpil jenn se manje, abiye,banbile sou rezo sosyo. Ann kite Woutin sa poun pase nan bagay serye. Gen aksyon ou ka poze, ou jus bezwen kreye tan pou sa.
#Génération de rupture
E si nou chak te konpòte n an ERITYE? Eske n pa t ap rive sove ti bout ERITAJ sa a? Eske n ap kite ti bout ERITAJ sa a? Nou pito rete nan renmen tou pare olye nou mete tèt nou ansanm poun sove ti bout tè sakre sa? Lajenès pran men nou! Kanpe goumen li ye pou n jere ti rès la.
Jodya nan yon ti kras tan, mwen sezi wè jan jenès peyim gen tan ak enèji pou veyikile trak, pou simen latwoublay ak yon kesyon Repiblik Henry Christophe, Repiblik Wanament. E si enèji sa yo te itilize pou poze aksyon pozitif? E si jèn yo te vle ini yo pou soti peyi a kote l ye a?