Depi nan kanpay la, yo te anonse klèman y ap vize imigran. Li te tande sa, li te konprann sa, epi l vote yo kanmèm. Kounye a, msye pa bezwen fè tankou sa k ap pase yo se yon sipriz. Smh
⭕️ENFO | Nan yon entèvyou li bay medya @CBSNews ki tap fè yon repòtaj nan « Little Haiti, Miami »,🇺🇸pwopriyetè restoran🍲« Chef Creole » la di politik imigrasyon gouvènman ameriken an ap aplike a, afekte biznis li gravman. Aprè TPS Ayisyen yo fin koupe, Wilkinson Séjour fè konnen li pèdi plizyè anplwaye ki te gen estati tanporè sa a. « Akoz moun yo pè, yo pa soti, yo pa vin manje. Espas la prèske vid », se sa li deklare nan mikwo CBS. Parapò ak enpak desizyon sa gen sou kominote a, Wilkinson ki gen 34 lane nan biznis lan, di yo pral oblije fèmen 2 nan 7 restoran yo genyen nan Etazini.🇺🇸Pwopriyetè a ki revele li te vote pou Donald Trump kòm prezidan, kòmanse santi enpak politik imigrasyon gouvènman an. « Mwen te vote Trump. Li se yon biznisman. E li montre klèman tout desizyon lap pran, se desizyon biznis », se sa responsab @ChefCreoleMIA deklare, avèk yon vizaj chaje desepsyon. Lè jounalis la mande li èske regrèt li te vote Trump, Wilkenson Séjour reponn : « Wi mwen regrèt sa » | LSV
Demen, fè yon pèman oswa voye lajan ap vin pi senp, pi rapid ak pi sekiritè. Se nan direksyon sa a @BRHHaiti_ ap travay.
Platfòm nasyonal pèman BRH ap prepare a pral rann pèman ak transfè lajan pi rapid, pi fasil ak pi sekiritè, pandan l ap pèmèt enstitisyon finansyè ki gen otorizasyon BRH yo konekte youn ak lòt pou ofri pi bon sèvis.
An menm tan, BRH raple tout moun enpòtans pou itilize sèlman sèvis enstitisyon ki gen otorizasyon li.
Pwoteje lajan w. Verifye anvan w fè tranzaksyon.
#BRHHaiti #SistèmPèman #SekiriteFinansyè #EnklizyonFinansyè
Le gouverneur de la Banque de la République d’Haïti (BRH), l’économiste Ronald Gabriel, a annoncé l’avancement d’un projet de digitalisation des paiements destiné à moderniser les transactions financières en Haïti. Lors d’une conférence de presse du Conseil d’administration de la BRH, le mardi 21 juillet 2026, il a expliqué que ce programme permettra aux citoyens et aux entreprises d’effectuer des paiements numériques plus rapides et plus sécurisés.
Ronald Gabriel a également indiqué que la Banque centrale travaille sur l’interconnexion des portefeuilles électroniques afin de faciliter les transferts entre différentes plateformes. Il a toutefois alerté sur les risques liés aux services financiers numériques qui fonctionnent sans autorisation de la BRH. Selon lui, un cadre légal reste nécessaire pour encadrer les nouvelles technologies comme les cryptomonnaies et protéger les utilisateurs.
Un jour quelqu’un m’a dit : « Pour aller plus loin il faut marcher ensemble »
Je lui ai répondu: Alors…Pourquoi 10 Argentins couraient ensemble pendant 90 mn de jeu et ne pouvaient même pas arriver dans la surface de réparation de l’équipe adverse?🤦🏻♀️
Kidonk, lè yon moun di Brezil pa gen 5 Koup di Mond paske 3 premye yo te ak Twofe Jules Rimet, deklarasyon sa a pa kòrèk. Li melanje istwa twofe a ak kantite tit mondyal FIFA yo byenke m konnen an reyalite se jis pou trip nou ap repete sa. Ki pa yon pwoblèm 😀
Twofe Jules Rimet yo sanble pa gen lò? 🤭
FYI: Brezil se premye peyi ki genyen 5 Koup di Mond FIFA, an 1958, 1962, 1970, 1994 ak 2002. Konfizyon an soti nan aparans ansyen twofe a ak look nouvo twofe a. Sa pou w konnen ke FIFA rezève l le dwa pou l fè nenpòt chanjman si nesesè.
Tit mondyal yo pa depann de modèl twofe a. FIFA konte tout edisyon yo ansanm san distenksyon. Se poutèt sa palmarès ofisyèl la rete enchanje Brezil still a 5 ⭐️ e Ajantin a 3 mizerab peti ⭐️. 😬