Ekspansyon vyolans gang ame yo, chòk ekonomik, feblès pwodiksyon agrikòl ak feblès asistans alimantè imanitè lage 4.9 milyon Ayisyen nan ensekirite alimantè. Fenomèn grangou a ka rezoud, sin aji kounya. Se worldVisionHaïti ki rapòte sa 13 Avril 2023 a.
Washington FLORVIL.
Minis Edikasyon Nasyonal Ayiti a @nesmymanigat, remèt 30 motosiklèt bay polis kominotè #EDUPOL mèkredi 12 Avril 2023 a nan kad yon seremoni ki dewoule devan plizyè notab Nasyonal ak reprezantan @UNICEFHaiti a Bruno Maes.
#WashingtonFolrvil@centrealaune
Minis Edikasyon peyi Ayiti a, @nesmymanigat, pibliye soti lendi 27 pou rive mèkredi 29 mas 2023 a deja genyen antou 700 lekòl (piblik ak non-piblik) ki anrejistre anliy, nan kad pwogram tou nèf yo lanse, ki disponib sou platfòm sistèm enfòmasyon @MENFP_Education an.
Jounal ofisyèl federal #Register Ozetazini, anonse madi 28 mas 2023 a Pri viza Touris, Etidyan, Biznis ak Echanj ( B1/B2-BCC) ap pase de 160 a 180 dola ameriken apati jedi 30 me 2023 a.
#Washington_FLORVIL, @centrealaune
Pap François ki gen vrè non #JorgeMarioBergoglio, entène lopital depi madi 28 mas 2023 nan kapital peyi Itali, #Wòm ak yon enfeksyon ki anpeche li byen respire. Genyen divès alèt sou chèf Legliz Katolik la ki gen 86 lane, k ap soufri ak pwoblèm sante kwonik.
@LCI@centrealaune
PM @DrArielHenry, ofri vand 24 mas 2023 a yon gwòg (cocktail) bay ansyen reprezantan @BINUH_UN an Ayiti, Henlen La Lime, nan kad fen misyon l. Ariel ki felisite Nasyonzini ki voye yon lòt fanm nan tèt Binuh, fè konnen se gras ak La Lime #HCT a rive kote li ye a.
@centrealaune
Administrasyon Biden nan voye jete byen lwen, 24 mas 2023 a, pwopozisyon @DrArielHenry te fè lè te mande yon fòs militè pou rezoud kriz sekiritè a. Etazini kwè se pou @ONU_fr voye yon fòs tradisyonèl pou tabli lapè an AYITI, selon Miami Herald.
#WashingtonFlorvil@centrealaune
Nan ki sant map ka al fè konsiltasyon popilè pam nan. M vle al plase pozisyonm. Akò 21 desanm, Mme Manigat sa wap fè la? Demen 17 mas, kou ki te fikse pou konsiltasyon popilè a.
Divès sitwayen mouri pa bal, plizyè lòt blese toujou pa bal nan #Pòtoprens, panik nan plizyè zòn tankou Nazon, Dèlma 2 ak 24, Kriswa, Bèlè, aprè bandi san fwa ni lwa ta anvayi zòn sa yo aprè midi jedi 02 mas 2023 a. Se sa plizyè sous fè konnen.
#Foto_ilistrasyon