@Bellegarde_Jr@fhfhaiti@Bellegarde_Jr mesi pou jan ou represente peyi. Nan tout match ou jwe yo, ou montre ou se on gwo #10, mwen fyè de ou. Ayisyen apresye moun ou ye a. Nou numewo 10 nou an ni nan bin tan, ni nan moman difisil. @fhfhaiti
@carelpedre Mwen evite komantè sou post Ayisyen fè sou rezon sosyal paske depi on lot konpatriot pa dakò se nan manman mwen li pral rantre. M pran on chans kòmante fwa sa 🤞
@carelpedre Pral gen Gold cup ak eliminatwa pou MD 2030 ap vini. Nou dwe byen prepare gwo randevou sa yo. @fhfhaiti dwe òganize kek match seleksyon nan Florida ak nan NY pou kapab kolekte lajan pou develope football la an Ayiti. Diaspora dèyè ekip la. Yo ap vini nan match yo.
@carelpedre M pap abandone yo. Map kontibye sipòte yo. Ekip sa fem fè 2 semen ap reve. Ekip sa fè tout mond la ap pale de nou nan bon sans fwa sa. Nan New York City train public yo kouvri ak drapo Ayiti. Sak ap pase la pa piti. Nou dwe fyè de ekip nou @fhfhaiti nou dwe fyè de peyi nou Haiti