Lekòl se yon SCAM dirije pa leta
Edikasyon se enfomasyon
-98% jènn sa yo lekòl
-90% ladan yo pa konen 30-40% enflasyon yo pral peye pou tout rès vi yo.
-100% ladan yo paka ekri yon plan biznis
-100% ladan yo pa konn koman pou jenere lajan pou bati richès.
-100% ladan yo, pa gen aksè ak prè nan okenn bank 🏦 nan peyi an.
-100% pwofesè yo pòv, pa gen aksè ak lajan , resous, ak enfomasyon sou enflasyon ak taksasyon lete mete sou yo.
Epi yo pral diplome, yo pral vote 🗳️ pou mete Senatè, depite , majistra, president, ki pral fe eleksyon pou 400 million dollars, ki pral peye tax pou sevis Senatè, depite, majistra, president, minis, pdm, machine blende, 40-50 sekite deyè yo, 2 kay pou rete, manje, hotel ki koute billions dollar pa mwa, 65-70% reveni leta deja depanse nan sevi tèt yo🤣
Fiti Nou fòktòp san nou pa konen!
Se pa sèl OKap! Se tout peyi an ki Fòktòp
3 senatè pa depatman
119 depite
146 majistra + 2 manm minisipal yo 🤣
Pa gen youn bagay sa timoun sa yo diskite, enfòme, etudye sou yo, pandan la vie yo depann de sa yo👀
NB; relil ankò avan w kondanem pou verite!
Anpil moun pa rive fè diferans sa byen
jwi lavi ak gaspiye avni. 👂🏾
Jwi lavi se pran plezi ak sa w ap fè jodi a pandan w rete konsyan de demen: ou travay, ou grandi, ou pran responsablite, epi ou pran moman pou kontan san w pa detwi avni w.
Gaspiye avni, se chèche plezi san limit ni vizyon: ou fè chwa ki ba ou satisfaksyon rapid, men ki kraze opòtinite w, tan w, sante w, oswa potansyèl ou pou demen.
An rezime, jwi lavi se viv prezan an ak sajès, tandiske gaspiye avni se sakrifye demen pou plezi jodi a.