Imajine yon madan Sara ki pote machandiz soti jeremi al vann pòtoprens Pou nenpòt 100,000 goud pitit li lekòl nan yon lise, machann sa pa kontribiye yon goud taks paske leta pa mande tout moun k ap vann nan peyi a Pou yo Gen patant Pou yo ka peye enpo.
Epi yon pwofesè k ap touche 15000 goud leta ap Pran 30% Pou taks nan lajan sa ki pral kontribiye nan peye pwofesè, achte inifòm, bay kantin menm pitit machann sa ki fè plis lajan ki pa peye yon goud taks.
Mache enfòmèl la ap souse tout resous peyi a san kontribiye men Nou twò avèg Pou Nou wè sa. Peyi sa difisil anpil.