If you were paroled into the U.S. through the processes for Cubans, Haitians, Nicaraguans, and Venezuelans, then you can apply for a work permit. You can begin the application process by creating a USCIS online account and filing Form-I-765 online. https://t.co/xHZXkmitym
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Nan pòs avan, mwen te esplike kòman ou kapab kòmanse yon biznis online ki kapab jenere lajan, bon lajan.Nan tweet sa mwen pral glise kèk gwo biznis oubyen òganizasyon ki sipòte ti biznis, pou verifye ale swiv kòmantè epi wap wè valè ti biznis ki rive jwenn sipò pou piti sòti nan $25K epi rive byen wo. Sa ki pi bèl la, sèlman yon ti fòmalite epi jwenn lajan gratis pou bakòp biznis ou.
Se vre li pran tan ak efò pou fè rechèch epi aplike pou jwenn fon ki disponib men jwenn yon $50K pou kenbe biznis ou woule san w pa konnen w pral peye
bak rekonpanse efò w yo.
Men lis 7 gwo sipò ki disponib pou ede sipòte ti biznis ki pran baf , tanpri konprann byen mwen pap pale sipò nan moman Konoraviris, map pale kout men ki toujou la.
✔️ https://t.co/Hw5MGCEyxf: Se pi gwo database kote ti bizinis kapab jwenn lajan kòm don pou sipòte ti biznis pliske li se don federal, li gen anpil konpetisyon men yo sipòte biznis jiska $1M men banm desann pi ba kote se gwo biznis ki sipòte ti biznis yon fason pou ankouraje yo.
✔️ Konpayi FedEx anpil nan nou konnen gen yon $300K ki disponib chak ane pou 10 ti biznis ki genyen ladan $30K kòm don epi $1K pou kapab prente flyers men se yon konpetisyon tou.
✔️ Pou moman map ekri sa la “US Business Grants”ap asepte aplikasyon pou non profit ak profit biznis pou ede yo vanse. Yo gen plizyè kategori èd, tankou èd pou biznis fanm elatriye.
✔️ Amazon gen program pou ti biznis tou ki rele “Amazon Small Business Grant” ki bay bourad ak ti biznis ki gen yon kont biznis ki fè mwens $1M kòm revni.
✔️ Ann di ti biznis lan te pran kèk pataswèl pandan mwa ki sot pase la yo, Etsy gen yon pwogram espesyal pou sa.Pou kalifye fòk omwens ou te gen yon kont ak @Etsy oubyen te gen yon dezas nan zòn ou nan mitan ane a.
✔️ Pou fanm ki ap kòmanse yon biznis oubyen ki gen youn deja ki ap pran frap pasi pala. “Amber Foundation” se
youn nan pi bon kote pou lanse yon aplikasyon. Krab la pa gra ($1K- $10K ) men li ede w kòmanse biznis ou epi jere kèk bagay biznis ou bezwen, mwen te sijere yon zanmi li jodi a biznis epis li ak piman li nan tout makèt Bravo.
✔️ Si w gen ti biznis tou l ou kapab konekte ak “National Association for the Self-Employed”. Ou kapab aplike pou jwenn èd yo genyen pou ti biznis, ou pat bezwen gen anpil tan ak ti biznis ou depi ou byen ranpli fòm lan pou pi piti wap jwenn yon $4K men pa bliye fòk ou bay ti detay sou kòman w pral jere don sa.
---------------------
Si w bezwen plis detay sitou pou ti biznis ki byen pase deja, swiv Channel mwen sou #WhatApp epi rete konekte avè m. Ou la Jerry ! 😂
WhatApp Channel:
👉https://t.co/uu7g8FVjPu
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Emma? Kiyés ki konnen timadam sa ki toujou adwat ekran @USCIS lan? Anpil pwoblèm nou genyen sòti nan voye "biometrics " pou rive nan jwenn " Acces Code", Emma kapab ede ou jere sa rapid vit olye ou rete tann 3 mwa pou jwenn yon repons?
Atache senti w, mwen pral fè dekouvri #Virtual Assistant” sa ki rele #Emma.
✔️Case Status: Emma kapab ede ou nan jwenn enfòmasyon resan sou status dosye ou genyen nan USCIS, li kapab kòman dosye a ap mache san pwoblèm.
✔️ Forms and Filing: Emma kapab ede w nan fil fòm tankou kat travay, I-134 A ak anpil lòt ankò, li ka ba w enstriksyon jan pou fè sa.
✔️ Anpil moun ki gen pwoblèm “Access Code” olye yo tann 3 mwa pou jwenn yon repons, depi ou mande Emma pou yon Ajan epi ou konvenk Ajan nan mwens ke 5 minit wap kapab jwenn yon lòt “Access Code” ou tap pran 1 ou 3 mwa pou jwenn lè w ekri USCIS.
✔️General Information: Emma kapab ba ou kòman dosye ou ap vanse, kisa dosye ou manke, eske w elijib pou yon yon banm lòt benefis estati imigrasyon ou ba ou.
✔️ Ou kapab pran randevou imigrasyon ak Emma san pwoblèm, li kapab ede w pran randevou a, ede w planifie entèvyou tankou “Fingerprint “ ak lòt entèvyou ankò.
✔️ Emma kapab ede ou chanje adrès ou san w pa peye yon biwo pou fè sa epi save $200.
✔️ Emma la pou tout moun kelkeswa estati imigrasyon ou, li kapab ede yon banm bagay ou tap pran tan pou fè si ou nan rele yo oubyen ekri imèl oubyen voye lèt pa Lapòs.
✔️ Anpil benefisyè konfime ki gen pwoblèm “submit Biometrics” yo semènn sa, yon ti koze ak Emma kapab ba ou yon solisyon rapid rapid, men pa bliye toujou mete enfòmasyon ou yo prè paske li pral verifye idantite ou.
Youn nan bagay ki enpòtan pou nou konnen de Emma, li se yon “virtual assistant” ki kapab gide w epi ede w depi ou bezwen plis asistans menm li menm lan pral fè jwenn yon “live agent” pou ede w rezoud pwoblèm ou an.
Tweet sa kapab ede ou anpil moun ki gen pwoblèm submit biometrics yo semènn sa ke w te gen lòt pwoblèm tou nan pran randevou lòt bò fwontyè. Pataje l ak lòt,li kapab ede.
—————-
Tweet sa esponsorize pa @KolaChoucoune , pa bliye pwofite gage Kola Choucoune, chak ou pran yon @KolaChoucoune ou ankouraje travay lan sou Twitter. Mèsi
Pataje epi bay @KolaChoucoune respè a pou mwen souple. Follow and like!
If you are eligible to apply for a work permit, you may receive a text message from USCIS with more information. To learn more about the process, visit: https://t.co/MN6G4uUITX
If you were recently paroled into the U.S. and would like to work here, you'll need a work permit, also known as an Employment Authorization Document (EAD). To request a work permit, file Form I-765, Application for Employment Authorization.
Learn more: https://t.co/xHZXkmitym
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Si ou sou fwontyè wap tann randevou, ou dwe li tweet sa epi pataje l bay yon lòt. Si ou se youn nan benefisyè ki sou Pwogram #Biden lan menm tweet sa ap bay yon lòt lide de #CbpOne.
Moun ki sou fwontyè pa itilize #CbpOne menm jan ak moun ki sou Pwogram #Biden lan. Men ki opsyon yo menm oubyen avoka yo itilize pou pran randevou pandan yo sou fwontyè #Meksik :
✔️ Aprè ou fin konekte sou #App lan, olye w chwazi opsyon “by air” ou dwe pran “by land” se sou fwontyè wap pase.
✔️ Chwazi kreyòl kòm lang epi kòmanse anrejistre Vwayajè, li ka ou menm li ka yon fanmi men ou dwe ajoute chak vwayajè apa kèlkeswa laj li.
✔️Pou pran yon randevou, ou dwe mande pou yon randevou chak jou ant 12:00 PM EDT al 11:00 AM EDT. Pa bliye ou dwe nan Santral oswa nan Nò Meksik pou mande yon randevou.
✔️Si w resevwa yon randevou, ou dwe aksepte epi pran randevou a avan 11:AM. Menm jan pou mande yon randevou, ou dwe nan Santral oswa nan Nò Meksik pou aksepte ak pran randevou. Atansyon, si ou pa resevwa yon randevou, ou ka mande yon randevou ankò.
✔️ Lè tout bagay fin OK, randevou konfime, pran tout dokiman nesesè yo epi rantre nan Pò antre a. (PoE)
Aprè etap sa yo fini, depi yo satisfè demann lan, ou gen chans vini yon “Paroled” nan yon (Port of Entry) l. Otomatikman ou travèse fwontyè epi antre #Etazini, ou kapab aplike pou kat Travay ak Sosyal sekirite.
Ou twouve tweet sa itil? Lage l nan #Facebook ou, Retweet li, lage l nan #IG, #TikTok ak kèk gwoup #WhatApp. Pa bliye mwen bay moun priyorite repons si yo konn pataje mesaj mwen poste.
👉Like , Comment, Subscribe and share with your friends.
—————————-▪️
For more updates on #Immigration, be sure to follow @dennly109. And if you're interested in other topics such as #Technologies, #Resources, #Humanities, and #BreakingNews, don't forget to follow for the latest updates.
#BusinessMode: Jodi a nou pral fè yon ekzèsis ansanm pandan map voye yon kout chapo pou antreprenè ki kreye biznis sa, https://t.co/EasP7bM6b7.
Men kèk refleksyon map pwofite fè sou pwojè sa:
✔️ Li fasil pou fè yon ti biznis an liy ou kapab demare ak yon bouda monnen. Jis itilize konesans ou pou devlope yon plan biznis.
Ann di ou achte yon klas ki gen 20 leson ladan l ki ap ba w yon sètifika, mèt biznis lan ap fè kòb paske l vann konesans li nan pran san l byen prepapre yon klas, epi ou menm men konbyen lajan ou ka fè:
✔️ Ak fòmasyon sa, ou kapab lanse pwòp biznis pa w sou @Etsy epi fè omwens $50K nan yon lane. Yon shop tankou https://t.co/DXguDl1s0I fè yon $1M pa ane sou @Etsy .( 69.335 sales)
Ann di tou ou Ayiti, wap mande kòman pwodui w yo ak rive #USA ? Ebyen, fè yon valiz fè yon lòt zanmi/asosye ede w vann. Kolye, braslè, sandal… sa yo pa pran plas, pou vann an liy ou pa bezwen fè yon pa. Website lan ap ede w vann biznis lan, yon paj IG, FB, TikTok ap ede w booste l.
✔️ Pou m fini ak lide a, yon website ap ede w demare anpil aktivite an liy epi fè lajan kèlkeswa kote ye.
Ou imajine w yon nèg ki fò nan math, fizik, « chimie »… ta deside fè yon website kote li ap vann kou li yo.
Non sèlman lap mete lajan nan pòch li, lap ede anpil lòt pase ekzamen Leta yo oubyen konnen pi byen matyè m site la yo.
Antouka, mwen kanpe refleksyon an la, tout sa pou montre n, nou pa oblije ap danse sou TikTok pou n fè lajan , ni fè gwo tit sou YouTube pou nou fé views san nou pa pwodui anyen, ni poste bèl dada an bikini sou IG pou vini « Brand ambassador », ou kapab kreye pwòp biznis pa w an liy epifè lajan.
Mwen envite nou ale vizite website sa epi kòmanse fè têt nou yon lide ki orijinal 👉https://t.co/b0iQGQOIww
—————————————-
Pòs sa pa yon piblisite men mwen ankouraje nou pataje l, « like » li, kòmante sa kapab banm chalè pou m vini ak kontni sou biznis ki pi enteresan toujou.
#BusinessIntelligence #BusinessNews
#Workshop : Kòman pou m fil kat travay mwen pou kò m? Bèl kesyon, pa vre? Aprè w gade videyo sa mwen garanti w ou pral ekonomize $300 ou ta pral bay fil kat travay ou a. Jwenn mwen pou nou aprann kòman pou nou ranpli kat travay nou pou kò nou epi kòmanse degaje nou.
👇
Subscribe now: https://t.co/I9accqG9hL
Si, videyo sa ap enterese nou, retweet li 200 fwa, aprè 200 fwa map pral kreye yon videyo pou gide nou nan pwosesis la. Don’t wait, take action now!
👇
Subscribe now: https://t.co/I9accqG9hL
#Workauthorization #Workforce #Haitian
#𝗧𝗲𝗰𝗵𝗻𝗼𝗹𝗼𝗴𝗶𝗲𝘀 : Youn nan bagay ki te atire atansyon m nan entèvansyon gwo entèlektyèl tankou Franck Etienne se paske li te fè konnen li se yon “analphanet” sa vle li pa konn anyen nan entènèt ( I don't blame it). Ebyen, jodi a klas sou kòman pou itilize yon “Computer" anseye depi “4st grade” nan lekòl #Etazini, anpil timoun kapab itilize yon smartphone ki se yon “Computer” tou kelkeswa peyi nou pran.
An kite kesyon alnaphanet lan pou n antre nan AI ( Artificial Intelligence ). Map parye ak nou, nan vitès technoloji ap vanse la, yon jou nou pral komanse tande mo “AnalphaAI” yon mo m apèn panse men ki poko ekziste.
Antouka bi bonè se granm maten, gade kòman nou ka kòmanse itilize AI.
👇👇👇
Men 5 rezon pou nou itilize AI:
✔️ Efikasite: AI ka otomatize travay ki repete yo, bay anplwaye yo plis tan pou konsantre sou travay ki pi konplèks ak kreyatif.( Travay)
✔️ Presizyon ak Rapidite: AI ka analize gwo kantite done rapidman ak presizyon, redui risk erè moun kapab fè. #USCIS ilitize #ARIMA pou fè prediksyon sou fòm yo itilize sou website li an.
✔️ Esperyans kliyan: AI ka personalize entèraksyon ak kliyan yo, bay yon eksperyans ki pi enteresan.
✔️Ekonomi: AI ka ede redui depans yo nan fè kèk travay otomatik, nan optimize pwosesis yo, jodi a AI ka jwe wòl avoka pou ou, trennen konpayi tribinal pandan ou menm wap dòmi.
✔️Avantaj : Konpayi ki adopte AI byen bonè tankou anpil gwo platform , Amazon ak lòt ankò ka gen yon avantaj sou competitè yo sou rapidite ak kantite sèvis yo bay.
Lis avantaj pou nou itilize AI yo anpil, men ale gade 2 imaj anba yo nap wè kòman demen pral ye ak AI, kòman AI kòmanse entegre nan tout platform, nan tout bagay.
👇👇👇
Avan m fini pa bliye pataje, di sa w panse de AI, like epi kòmanse preparew pou antre byen fon nan MOND teknoloji sa.
👇👇👇
#𝐅𝐨𝐥𝐥𝐨𝐰𝐦𝐞: Sa etone m gen moun ki pa ale lekòl paske yon lòt di l fòk li gen kat travay avan oubyen sosyal. Antouka ou bezwen paspò w sèl pou enskri lekòl anglè, ou bezwen paspò w ak I-94 pou aplike pou #SNAP, wap bezwen paspò w sèlman pou jwenn èd nan kèk biwo tankou @youthcoup ki benefisyè Florida jwenn $3000 pou pran yon klas nan kolèj, @iine ki falisite moun Boston jwenn $537 chak mwa...
----------
Pa pap koute w anyen pou swiv mwen sou twitter, sa pap koute w anyen tou pou pataje tweet sa, si w ba l kèk like lap ogmante enterè epi pouse plis moun like li, si sa pap koute w anyen fè l. Pou enfòmsyon mwen pa sispann chèche enfomasyon pou nou, sèl ankourajman montre m nou renmen kontni yo lè yo enteresan.
#Next: Kòman pou nou fè yon bon CV, prepare yon bon entevyou, koman pou nou chèche job epi kòmanse fè kolòn.
Si w potko swiv mwen fè sa koulye pou resevwa mesaj mwen yo: 👇👇👇
👉 https://t.co/x6kPiC6Rwc
👉 https://t.co/y0yfy9xrFk
👉 https://t.co/saqZTgrxVp
👉 https://t.co/lMMyUWXblL
#Humanitarianparole #jobsearch #LikeForLikes #followme