E nou ta sipoze gen pèsonalite ki viral nan mondyal sa a tou 😎
Bravo a seleksyon nasyonal nou an ki reyisi kalifye pou konpetisyon foutbòl ki pi prestijye nan mond l an, malgre peyi a nan yon pwofon tenèb 🇭🇹 Ayiti devan🇭🇹
OFISYÈL : Randevou Viza Etazini ak Prorite pou Moun ki gen Tikè Koupe di Mond FIFA 2026 la
Moun ki gen tikè pou Koupe di Mond FIFA 2026 ap gen aksè ak yon sistèm randevou viza ak priyorite yo rele FIFA PASS, ke Depatman Deta Etazini kreye.
Sistèm sa a ap disponib nan kòmansman ane 2026.
Objektif :
Pou pèmèt tout fanatik ki achte tikè yo jwenn randevou entèvyou pou viza yo pi vit, anvan yo vwayaje Etazini pou al gade match yo.
Fanatik ki nan peyi kote randevou entèvyou yo disponib epi ki bezwen yon viza ameriken dwe kòmanse aplike kounye a sou: https://t.co/vS0xsq4ipw
Plis enfòmasyon sou sistèm randevou priyoritè a ap pataje ak moun ki gen tikè nan kòmansman 2026.
Source : FIFA
#WorldCup2026 #FIFA