5 Kou GRATIS pou Pwofesyonèl Resous Imèn yo!
Ou travay nan Resous Imèn?
Ou vle antre nan domèn nan?
Teknoloji ap chanje tout bagay, men oumenm tou, ou ka chanje avèk li.
Men 5 fòmasyon 100% gratis pou ou kòmanse jodi a:
1️⃣ AI nan Resous Imèn – Keka Academy
🔗 https://t.co/MVPkDu0U8j
2️⃣ Jesyon Resous Imèn – Great Learning
🔗 https://t.co/OhbOQboaQH
3️⃣ HRIS & Operasyon Resous Imèn – UniAthena
🔗 https://t.co/XJd7KIDUin
4️⃣ Kou Resous Imèn – Alison
🔗 https://t.co/ruAL4oKkem
5️⃣ Avni Resous Imèn & Teknoloji – Cursa
🔗 https://t.co/1ANwAUQ8X4
Sa ki prouve nan DevExpo Nasyonal ane saa se jan tout patnè lokal nou yo nan depatman yo rive ekzekite ak yon estanda kalite ki aliyen ak sa nou kwè ladan li nan Banj!
Sa konfime yon potansyèl enòm ki dwe chanje tout bagay nan jan nou apwoche ekzekisyon pwojè sou teritwa nasyonal la.
GEN OGANIZASYON NOU KA METE RESOUS NAN YO POU NOU PREZAN AK KALITE REMAKAB NAN 4 KWEN PEYI A!
SISPANN CHACHE EKSPOTE POTOPRENS NAN LÒT DEPATMAN YO AP GASPIYE KOB TRANSPÒ!
Envesti nan òganizasyon lokal yo plis! Yo vle travay, yo kapab travay e yo vle kontinye grandi.
Bonjour! Aujourd’hui est le grand jour : DevExpo dans les 10 départements du pays ! 🇭🇹🚀
Nous espérons mobiliser 10 000 personnes pour discuter de la révolution de l’intelligence artificielle et des nouvelles perspectives qu’elle ouvre pour l’économie haïtienne.
Si vous ne pouvez pas être parmi nous en présentiel, votre participation virtuelle me ferait énormément plaisir.
Cliquez ici pour réserver votre place et nous rejoindre dès 9 h 00: https://t.co/Hlp8fRpRQf
🚨 GOOGLE FÈK LANSE YON NOUVO KOU GRATIS SOU AI AK VIBE CODING!
Kou a ap dire 5 jou epi li ap kòmanse 15 Jen.
Ane pase, premye kou AI Agents Google la te atire plis pase 1.5 milyon patisipan atravè lemond. Kounye a, yo retounen ak yon nouvo fòmasyon anpil moun t ap tann.
Si ou vle aprann kijan pou itilize AI pou kreye aplikasyon, ajan entèlijan (AI Agents), ak automatisation san ou pa bezwen yon ekspè nan pwogramasyon, opòtinite sa a se pou ou.
📅 Men sa y ap anseye:
✅ Jou 1: AI Agents + Vibe Coding
Aprann kreye ajan entèlijan an langaj senp epi bati premye pwojè ou.
✅ Jou 2: Zouti ak Entegrasyon
Konekte ajan ou yo ak API ak lòt zouti pou fè plis bagay otomatikman.
✅ Jou 3: Memwa ak Kontèks
Bay ajan ou yo kapasite pou sonje enfòmasyon epi travay pi entèlijamman.
✅ Jou 4: Kalite ak Sekirite
Aprann teste, pwoteje, epi amelyore kalite pwojè AI ou yo.
✅ Jou 5: Soti nan Pwototip rive nan Pwodiksyon
Lanse pwojè ou, fè l grandi, epi siveye pèfòmans li tankou yon pwofesyonèl.
⏱️ Se sèlman 1 a 2 èdtan pa jou.
👨💻 Enjenyè Google yo menm ap bay fòmasyon an.
💰 E pi bèl pati a? Li GRATIS
Teknoloji AI ap chanje fason moun travay atravè mond lan. Si ou vle rete devan epi devlope nouvo konpetans ki gen anpil valè sou mache travay la, pa rate opòtinite sa.
Enskri la: https://t.co/q8OtnYtMAx
Entèlijans atifisyèl la deja la. Li ap chanje travay, lekòl, biznis, komès ak fason nou prepare lavni nou.
èske AI ap vini ?
èske nou pare ?
M ap tann nou nan DevExpo Sud, 06 jen 2026 nan vil Okay, pou n pale klè sou AI, opòtinite, biznis, edikasyon ak plas Sid la nan ekonomi dijital la.
📍 Centre de Formation Technique et Professionnelle Paulo Freire des Cayes
🕗 Depi 8è nan maten
🎟️ Tikè gratis : https://t.co/omZZC8Mhq7
Ayiti gen talan. Sid la gen kapasite. Lavni pa dwe fèt san nou.
#ia #Sud #DevExpoSud #Tektek #JohnBoisguene #IntelligenceArtificielle #Ayiti #SidAyiti