Klass ap montre yon apwòch estratejik ak albòm yo a, ki ta dwe atire atansyon moun kap swiv HMI la. Men sa m remake:
1️⃣ Yo metrize timing lan: Sòti albòm nan 1 ane apre Nu-Look (konpetitè dirèk yo), pandan pyès lòt gwo gwoup nan "Pòy yo" pa gen anyen nèf sou mache a. Sa ba yo yon bèl espas.
2️⃣ Yo amelyore prezans yo sou rezo sosyal: Yo toupatout ap poste e kreye kontni menm si manm djaz la pa aktif men depi yon ti tan rezo sosyal se zouti estratejik Klass.
3️⃣ Gwo evènman pou gwo djaz: Amazura te yon premye chwa pafè pou premye bal apre soti albòm nan. Sete yon opòtinite pou grandi momentum yo, fè yon evenman enpòtan, epi kenbe prestij yo. Yo pral fè M2 pou kontinye mouvman an.
4️⃣ Yo planifye retounen nan Ayiti: Menm ak tout difikilte ki genyen an peyi, Klass ap eseye tounen pou fen ane a. Si sa fèt, sa ap renouvle koneksyon yo ak fanatik nan peyi a, e menm ogmante valè yo nan HMI a.
Se sa pòs “Mean Business” mwen an te vle di! Biznis mizik la pa sèlman chita sou fè bèl mizik, men sou planifikasyon ak estrateji.
"Bon timing + angajman sou rezo sosyal + gwo evènman + koneksyon emosyonèl ak fanatik" se yon fomil estrateji pou tout atis ak gwoup ki vle reyisi lè y ap soti albòm.
*An pasan M pa gen 1 goud nan menm*. 🤣🤣🤣