Rest in peace, Pierre Damas Bel. 🇭🇹🕊️
When a 20-year-old loses hope because the world made him feel less human, we should not only ask what happened to him.
We should ask, what happened to us?
#Update: Jan USCIS te anonse sa semèn pase a, ajans lan elaji opsyon pou depoze Fòm I-765 (Application for Employment Authorization) elektwonikman.
Dapre lis USCIS mete deyo, 55 kategori I-765 disponib kounye pou ranpli elektwonik:
• 45 kategori — PDF Upload sèlman
• 2 kategori — Fòm anliy sèlman
• 8 kategori — Disponib nan tou 2: (fòm anliy oswa PDF Upload) Pa bliye, "PDF Upload" lan vle di aplikan kapab ranpli Fòm I-765 la an PDF epi telechaje li atravè kont USCIS li pou soumèt li elektwonikman.
#WorkPermit
#Update: Se vre règleman USCIS yo chanje souvan, men pa bliye prensip la rete menm jan an: si demann azil ou annatant, aprè 150 jou ou ka fè demann pou kat travay (C08) .(Menm si dosye azil ou transfere sòti nan USCIS pou ale nan tribinal imigrasyon, “Asylum Clock“ la ap kontinye, depi pa gen okenn reta ou lakòz) . Si 30 jou pase san USCIS pa pran yon desizyon sou demann kat la, fè yon Expedite Request.
Men boul ki te soti 18 Me nan 4 dènye ane yo nan tiraj Jòjya. Fè kalkil ou epi jwe boul ou pou jounen an. Like post la siw ta vle nou kontinye poste yo!! Mèsi #lisalotto
Jiskaprezan m pa kwè okenn òganizasyon nasyonal oubyen entènasyonal kap defann dwa moun kapab ponn yon refleksyon ki kanpe anfas Leta kòmkwa yo itilize dwòn kamikaz pou netralize operasyon teyoris yo ap menmen nan peyi depi plis pase 3 lane youn dèyè lòt.
Refleksyon sa trè krabik, mwen pral esplike l klè, Leta gen pou devwa pwoteje sitwayen l yo kont tout fòm menas ke l te deyò ke l te andedan, kidonk lè sekirite sitwayen yo pa garanti se Leta ki pa fè travay li, se sa ki pouse nou sou kòz imanitè ki menm pouse administrasyon Biden lan te deklare Ayiti kòm peyi ki dwe benefisye HHP. An gwo, se pa san rezon anpil benefisyè ki vini nan peryòd sa sitou ta dwe kalifye pou azil politik paske se Leta ki pa ka pwoteje yo, yo tou tonbe anba grounds sa. Banm avanse!
5,600 moun mouri, 20% anplis ane 2023, plis pase 2,200 moun blese, 1500 kidnape san konte fanm ak tifi ki vyole, 700,000 (OIM) deplase ki egal ak popilasyon Washington, D.C ki menm plis pase tout moun kap viv Boston, nonm sa plis pase sitwayen Ikrenyen kap viv Kyiv. Ofinal, 85% kapital la sou kontwòl bandi teyoris, tout chif sa yo pou lane 2024.
Lojik ki ta fè kwè operasyon @pnh_officiel yo pou chèche reprann kontwòl Kapital la se ta “peine de mort” se yon ranstay, mwen ta wont antre nan yon deba konsa pou m pa parèt sispèk paske w konnen mayengwen ap vole, ou pa konn sa ki mal sa ki femèl. Leta atravè @pnh_officiel ak fè nou rele nan bon anglè a self-defense, national security, ak law enforcement necessity.
Se sèl yon pinishman lajistis si l pat tonbe plat atè ki tap rele “peine de mort” lapolis pa pwononse santans pèson moun. Lapolis ap mennen operasyon, itilize dwòn oubyen tout
lòt mwayen pou fòse gang bandi teyoris yo depoze zam yo trè legal, epi yo trè pwopòsyonèl paske bandi yo itilize zam fannfwa, touye polisye, boule anpil komisarya, voye bonb atizanal sou cha blende, griye polisye elatriye, se yon batay pwopòsyonèl ki ap mennen la!
Banm tèt mwen!
Tout sa ki reprezante yon menas pou sekirite Ayiti Leta gen dwa netralize l, se konstitisyon an ki bay Leta misyon sa atravè Lapolis ak Lame. Leta dwe degaje l kou mèt janjak pou defann popilasyon an kont menas kelkeswa kote li sòti an. Kòm nou gade @France24_fr anpil Ayiti banm fini ak ekzanp sa, nou te okouran de Operation Barkhane? Peyi Mali te bay solda fransè yo wout lib pou itilize dwòn tout kalte sou tout sa ki te sèvi danje pou pwoteje pèp malyen an.
Leta kontinye fè travay nou, @pnh_officiel kontinye ranpli misyon nou, se nan men pèp lan pou n pran dikte, se dwa dwa moun pou pou parèt tèt li se devwa yo tou pou kite Lapolis fè travay li. Menm dwa moun anba menas , libète lapawòl ap pèdi pye teyoris yo touye jounalis, yo boule radyo. Lapolis fè travay nou bay pèp la sekirite!
Na pataje si nou konprann sa ki di an souple, si nou vle ankouraje operasyon Lapolis yo tou.