Kèk imaj rasanbleman k ap fèt Pòtoprens, madi 17 novanm 2026, pou pote sipò bay lame salvadoryèn nan, ki vin ede fòs sekirite ayisyen yo nan batay kont gang ame yo.
#GalaxieNanToutZòn
Nou kenbe pwomès nou…
Nou detwi kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo a.
Pifò ladan yo kouri ale san yo pa menm eseye goumen.
Ala lach yo lach! 🥲
LAJAN DWÀN LAN:
KOTE NOU YE, KOTE NOU KA RIVE
Se dwàn lan ki pi gwo sous lajan Leta ayisyen. Depi 2022-2023, chak ane li ranmase plis pase 100 milya goud. Men gen anpil lajan k ap pase anba bab nou toujou.
SA DWÀN LAN RANMASE
2025-2026: 139,939,060,000 goud Tablo ofisyèl AGD a: https://t.co/YzQhrL0EmU
2024-2025: apeprè 125 milya goud Gazette Haïti: https://t.co/ZvkzhYHJ3O
2023-2024: 103,601,560,124 goud Le Nouvelliste: https://t.co/CqjwKufcUu
2022-2023: 108,852,000,000 goud Le Nouvelliste: https://t.co/4uhSXLJyyu
NAN FWONTYÈ YO, SE TANKOU N AP POTE DLO NAN PANYEN
Men sa dènye rapò AGD a montre pou jiyè, out ak septanm 2026:
Wanament ranmase 463,500,000 goud. Malpas ranmase 195,300,000 goud.
De biwo sa yo ansanm pa menm bay 2% tout lajan dwàn lan ranmase nan 3 mwa sa yo. Pò Pòtoprens li sèl bay prèske 80%.
Epoutan, biwo fwontyè yo ap travay san bon zouti, san enfrastrikti ki pou fè yo mache byen, e nan mitan ensekirite. Bank Mondyal rapòte menm ke gang yo mande kamyon yo lajan pou yo pase nan Malpas.
Dapre Bank Mondyal, Malpas te konn ranmase apeprè 300 milyon goud chak mwa. Jodi a, li pa menm rive la nan 3 mwa.
Rapò AGD jiyè-septanm 2026 (Vant Bèf Info): https://t.co/ZgSIjOOEOH
Rapò Bank Mondyal 2024 (PDF): https://t.co/O5uV89VIuS
LÈ NOU SERE BOULON, SA BAY REZILTA
Nan ane 2022-2023, lè kontwòl la te sere, lajan dwàn lan te plis pase double. E sa te rive menm lè kantite kontenè ki t ap antre te bese plis pase mwatye.
Sous: menm rapò Bank Mondyal la.
KOTE NOU KA RIVE
Si nou bay fwontyè yo, pò yo ak ayewopò yo bon zouti ak bon kontwòl, dwàn lan ka ranmase pi plis toujou. Dapre kalkil mwen, li ka rive ant 205 ak 210 milya goud pa ane.
Lajan anplis sa a ka bati wout, pò, kouran ak lekòl.
Se yon kalkil mwen fè, se pa yon chif ofisyèl.
POU NOU KONNEN
Tout chif ki nan pòs sa a soti nan sous nou ka verifye. Pou kèk atik Le Nouvelliste, ou bezwen yon kont gratis pou li tout atik la.
Si w gen yon chif ki pi egzak, mete l nan kòmantè yo. M ap korije.
#Ayiti #Dwàn #AGD
@etzeremile@groupementsoley@klibmapou@AbdonelD@walabre13@nouvelliste@GazetteHaiti@MEFHaiti
Pwogram @etzeremile la prevwa 30,000,000,000 dola, ki gen ladan l 15,000,000,000 pou enfrastrikti. Ki kote lajan sa a ap soti?
Dwàn se youn nan pi gwo sous revni Leta. Se poutèt sa li dwe nan kè pwogram nan.
Sous: https://t.co/tt5LdgR3fn
#Etzer2027#GwoupmanSolèy@etzeremile@groupementsoley
Mwen, Etzer Emile, anonse kandidati m pou pòs prezidan Repiblik Dayiti. M ap batay ak tout nanm mwen pou Ayiti n ap viv la ka sanble ak Ayiti nou reve a. Rejwenn mouvman chanjman an : https://t.co/b1PKjnwCNT
🔴 🇫🇷 FLASH — Une véritable marée humaine dans les rues de Paris !
Plusieurs dizaines de milliers de manifestants, selon les premières estimations, défilent ce samedi 31 octobre entre la porte de Bagnolet et la porte de Charenton, dans le cadre de la troisième journée de mobilisation sociale contre la politique d’Emmanuel Macron. #NRoc
Vidéo @LucAuffret
#France #Paris #Manifestations #MobilisationSociale
L’ancien dirigeant politique et avocat, Me Phénil Gordon Désir, a été remis ce vendredi 30 octobre 2026 aux autorités américaines à Miami, aux États-Unis, après son arrestation, le mercredi 28 octobre, à Pétion-Ville. Recherché depuis juillet 2021 par la Direction centrale de la police judiciaire (DCPJ) pour son implication présumée dans l’assassinat du président Jovenel Moïse, il est notamment soupçonné d’avoir participé à la planification du complot et fourni un soutien logistique à ses présumés instigateurs. Il doit désormais répondre aux autorités judiciaires américaines dans le cadre de cette affaire.@Radio_Metronome
Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
Men lis Grenadye yo pou Ligue des Nations Concacaf la. Chak solda pare pou pote koulè ble e wouj la sou teren an epi bay tout sa li kapab pou seleksyon an. Premye randevou a fikse pou 24 septanm, kote Ayiti ap rankontre Trinidad & Tobago nan Sabina Park, Jamayik. Grenadye Alaso!
Majestic snow-covered mountains beside an emerald-green river and lush pine forests give the feeling of a pristine, peaceful land full of vitality. 😊🌿🍁