Mwen gen yon zanmi pwòch mwen ke mwen konsidere kom pwòp fanmim. Malerezman yo kanpel paske li tap kondwi depase limit yo otorize a ( 10mph en plus sèlman ). Yo kanpel pou bal ticket men te gen ajan nan zòn nan tou ki tap fè immigration enforcement. Yo ale avèl nan detention pou verifye status li ak si li legal. Paske tout dosye li genyen yo pending ( rezidans ak TPS) malerezman yo deside kenbe li sou baz li pa gen status ( out of status) epi dezyèman overstay ( parole li ekspire). Yo fikse caution an a $5000 epi yo tou lanse pwosesis depòtasyon an kont li☹️. Kidonk tanpri fè anpil pridans deyò a map priyenn en grace. Gen ti enfraksyon ke nou ka konsidere ki banal ki ka mennen nou la tou. Nou youn pa epanye. Menm mwen kap sansibilize nou chak jou