Sila ki avè w lè w poko fè non w lan, bat se avè l pou w selebre anba pwojektè limyè, s ak tou wè nan zye w lè bagay yo pa bon pou ou an, se li k dwe viv akonplisman w yo.
Anpil fwa si w wè m chwazi kòmante yon pòs ou fè, se pa paske m anvi vin zanmi w, se paske m wè w ap fè bèl pòs epi pa gen pèsonn ki bay yo valè, m chwazi pataje yo, like yo epi m kòmante yo, jis pou m ankouraje w.
Men se pa paske m gen foli pou m vin zanmi w. Atansyon❓❓❓
#TTA
Ou ka pa t janm renmen yon pèsonaj ki te rantre kò l byen fon anndan politik nan peyi D Ayiti. Ou ka pa t konprann oubyen w pa t renmen fason yon dirijan t ap egzèse fonksyon l. Men, lè yon moun ki metrize politik peyi D Ayiti pi byen pase w ap pale, fè silans.
Ou enbesil twòp🤦!
Pataje l pou plis moun ka wè li. An nou ede plis moun jwenn chans ale lekòl. Se pa lajan m ap mande w, jis pataje l konsa plis moun ap ka wè twit la.
Mèsi deja ✊🇭🇹!
#TTA/#TBDA
W ap kritike m pou moun mwen renmen, w ap pale m mal pou sa m renmen fè, ou wè m trè mal paske m sensè avèk moun epi m chwazi afiche m san pwoblèm. Tandiske, ou menm, pa gen pèsonn ki konnen ni sa w renmen fè, ni ki moun ou renmen, ni ki moun ou ye tou. Pwazon ou ye.
#TTA/#TBDA
Lè w al nan randevou ak yon moun pou premye fwa, li enpòtan pou w fè yon ti depoze telefòn lan, mete l sou vibrasyon. Lè w rete fokis nan telefòn lan, ou rann moun ki avè w la enkonfòtab; li ka panse se paske li pa enpòtan ase ki fè li pa gen jwenn atansyon w.
Se pa pawòl la, men se kiyès ki di l ,ni se pa aksyon an,men kiyès ki fè l ,konn kiyès ou ye, ki sa w dwe fè ak pa dwe fè e pou w reziste fò w gen anpil kouraj.