M annik parèt la, m sonje pouki m pa demere la.
🤦🏾♀️
Sou banyè libète ekspresyon, nou ekspoze tout kras nou, tout ledè nou nan figi moun.
Brèf... 🚶🏾♀️🚶🏾♀️🚶🏾♀️
Li kapab yon psy, si w gen mwayen an.
Li kapab yon zanmi... nan espas kèk minit k ap jis met yon souri sou vizaj ou, kalme lespri w, pèmèt ou evade w, konfye w, san kontrent, san jijman...
Ou enskri nan jwèt korespondans lan deja ?
https://t.co/QzDGlwZ8IR
Jodia la m' anpenpan !
M' anfe !
😂😂😂😂
Timoun, èy koute EP a ban mwen !😌
Li sou tout tout tout platfòm yo nèt nèt nèt !
Epi vin di zanmanm Apibèfde !
💃💃💃💃
Gran jou a 🙌🙌🙌
SONB se kwonik Rson Faya, se listwa revè yon meday nou tout kwaze deja.
Jodi a se jou pou kòmanse avanti a.
Rejwenn EP “Sonb by RSON FAYA” sou tout platfòm yo 👇👇
https://t.co/8ey9bhHii9
Koute, pataje ak antouraj ou epi pa neglije fè m konnen enpresyon w😊
🎶*SONB* 🎶
Se 7 mizik, 7 tranch nan yon sèl gato ki pote temwanyaj sou yon mòd lavi nou tout konnen.
✨Dekouvri tracklist la, pataje l ak antouraj ou, pandan n ap tann gran jou a 😁🚨
Randevou Premye Septanm 🙌🙌
m' jis renmen ti klan m' nan
nou pa kwaze ni pale chak jou men...
youn kwè nan lòt,
youn ap soutni lòt,
youn ap goumen pou rann lòt pi fyè chak jou...
ok bye, mwen fin tòde 5 minit emosyon an
🚶♀️🚶♀️🚶♀️🚶♀️
Premye Septanm ak Venteyen Dawout pa t' janm parèt si yo te nan tout kont sa.
E m'pa te janm okouran si m' tout pasyan sa.
Ann goute kèk segonn nan "S O N B" avè m' . . .
Randevou 01•09•23