🌍 Ado Ado yon eksperyans dijital🤭
M ofisyèlman konvèti Ado Ado ( https://t.co/Z2kW0svZBU ) an platfòm dijital 😊 ki fèt pou l enfòme, enspire epi konekte moun ak sa k ap make aktyalite yo, ak kilti epi inovasyon sesi ak resous nou😊 jan m te kòmanse l depi 2019 pou ateri an 2026, ou pral dekouvri vizyon ki te kache dèyè chak pòs m te konn pataje ak nou pou n te aprann pandan n te konn ap trip la😅
Ouvè https://t.co/Z2kW0svZBU sou laptop, tablèt, Telefòn w ap jwenn yon eksperyans inik nan chak aparèy sa yo
Sou Ado Ado, w ap jwenn:
Actualités • Entertainment • Musique • Espas Rap • Rap Info • Sport • Technologie • Culture • Éphéméride • À Savoir • Ado Ado
M kreye pou nou tou 🤖 Dony, asistan entèlijan ofisyèl platfòm lan, disponib 24/7 pou ede w jwenn atik, dekouvri nouvo kontni, konprann nouvèl yo epi navige sou sit la pi fasil. Se yon nouvo fason pou kominike ak enfòmasyon ( men atansyon w ka pa jwenn repons ankò si kredi m fini😆 donk si n vle ret la n a sipòte l)
https://t.co/Z2kW0svZBU
✨ Simple • Human • Evolving ✨
Nan epòk sa n ye la, gen twòp moun ki bliye yon bagay esansyèl ki se : kreyasyon mande kouraj, sesi anpil kouraj! Li pa fasil pou yon moun soti nan tèt li, pran risk, met yon vizyon sou tab epi ekspoze l devan tout moun.
Mwen pèsonèlman, m fè pati moun ki kwè nan valorize efò ak kreyasyon, Yeah! Ou ka pa renmen sa yon moun fè, sa nòmal… men respè a pa opsyonèl.
KREYE PA T JANM FASIL.
Jodi a n ka di klèman Baky fè yon mouvman ki pa piti ditou, Li pran yon risk ke anpil lòt RAPÈ pa t janm pran, Li kraze yon baryè, li eseye yon lòt direksyon.
WI, SE YON GWO BAGAY POU RAP KREYÒL.
Avanse pa t janm vle di ret menm jan🫡
Evolisyon pa konn nan mande pèmisyon📈
Men n konn kijan kritik yo toujou ye e pral ye… gen moun ki pral di:
li pa t sòldawout, “Li pa rapè ankò”, “sa pa rap”, bla bla bla…
Men kesyon an se:
Depi kilè yon atis oblije ret fèmen nan yon sèl bwat?
Lè Drake ap chante, lè Akon te konn melanje estil, lè gwo atis entènasyonal yo ap eksplore lòt sonorite… yo rele sa versatilite, evolisyon, jeni…
Men lè se lakay pa nou, n vle met limit.
Yèswa m te wè 🔥
Yon risk☑️
Yon vizyon🧠
Yon etap pou fè mizik ak Rap kreyòl avanse📈
Toujou sonje sa!
San moun ki pou pran risk, pa gen okenn mouvman ki janm grandi…
GOOD JOB BAKY🔥
Men w p ap kouri non Bro! Sa se bif pa m avè w😐