Heartbreaking!! Men se yon egzanp ke nan moman an yo vrèman ap fouye tout ti zo nan kalalou. Genyen yon status legal tankou TPS nan ka konpatriyòt sa paka pwotejew depiw vyole la lwa oubyen gen akizasyon/suspicion ou fè sa. Yo pa aretel paskel ilegal. Men pou akizasyon krim. Se nyans sa poun kòmanse fè epi realize nan dosye sa yo.
Yo akize li fè enpèsonasyon epi eseye pase pou yon citoyen ameriken poul achte yon zam nan Etazini. Kijan? Yon senp kaz li koche « Wi » poul di li se ameriken nan fòmilè li te dwe ranpli an. Men ti detay yap fouye epi chache pou mete moun nan detansyon epi depòte yo. Yon erè kèk moun ta ka komèt senpleman paske yo pa pale anglè byen. Men konnen isit li ilegal pou pretann ou ameriken nan nenpòt ki sikonstans. Ou paka dil sou rezo sosyo menm pou blag. Alewè sou papye pou achte oubyen resevwa de seri de benefis.
Kidonk tanpri janm dinn nan ankò fè anpil atansyon a sa nap fè nan jou sa yo. Pa kite okenn moun konvenk nou fè sak pa sa poun ka « bon sou sistèm nan ». Gen twòp egzanp depi yo bezwenw, yap jwenn kòman pou vin chachew. Mwen espere sete yon senp erè petèt li pat realize paskel pa pale anglè byen petèt eke lap ka defann tèt li. Gen plis ka konsa ken pa realize. Fè anpil pridans tanpri.