@OpenGouvHT Se pa tout 10 nèg sa yo ki te mérite monte terrain ! Mwen tap limite lis la à 5 moun . Pa plis; Pami yo, Map chwazi jerry Tardieu pou travay li sou refòm konstitisyonel la. Nan ekip pouvwa an, Map chwazi Cholzer Chancy. DP descollines pa mal pase tou nan 50è lan
@JerryTardieu@ghida_fakhry@trtworld Mwen panse animatris la te byen konn dosye li e li pat fè Depite a kado ... Tardieu byen reponn tou e li pwouve ke Ayiti gen jèn politisyen briyan toujou
@JerryTardieu Sa fè lontan map swiv . Pozisyon w yo toujou koyeran e byen agimante.Mwen aplodi diskou sa. Kòman Jovenel santil lèl pral Fe konparezon diskou paw la ak pal la ?@JerryTardieu kenbe la tande neg pa .peyi a ap kontonye pran Nòt .
Ayisyen nou lèd anpil ,nou sal ,nou chifonnen,Anndan nou pa pwòp.Anndan nou telman sal nou reprodwil sou peyi a. Peyi a vin sal tankou nou . Ayisyen ou Nan kk sispann vote vòlè ,Asasen ,kòwonpi,piyajè ,patripòch,moun Nan pidè ,San diyite.dirijan yo fèm anvi vo.......
100.000 dola US lèm konvètil an goud
Lap banm 9.300.000 goud .Lew miltiplyel pa 5 paske se 5 senatè ki jwenn li baw 46.500.000 goud .
Pou 5 senatè selman men kantite kob Cash ki debloke .Nou pa konnen pou Depite yo konbyen yo te jwenn epi lot senatè yo.
Mwen se moun Nan Nò ,mwen pa kache di nou se kèm kap dechire Lèm map tande sou tout radio non senatè lakay mwen ap site Nan gwo Zak kòripsyon Gran jounen .Sa fèm Mal anpil ,mwen santim endiye antanke moun Nan Nò.Senatè a fini ak ti kras fyètè nou te genyen ki Rete a.
ou nan yon peyiw pa k manje
ou nan yon peyi ou gen diplom ou pa k travay
ou nan yon peyi sak anle pran plezi nan peze kou sak anba
ou nan yon peyi siw mouri konnya leta ap kontan
ou nan yon peyiw pa k jwenn dlo pouw sevi,pa gen lopital @PascaleSolages@Gaelleactrice