Te m di w yon bagay
Ou wè yon vakabon, se moun bò lakay li avèk fanmi li an premye ki konnen li vakabon.
Se sak fè nou toujou ap pran anba yon bann politisyen vakabon epi nou di yo tronpe nou paske nou te panse son bon moun. Aloske se manti, politisyen vakabon an moun ki pwoch li te deja konnen li son vakabon
Donk se pa ti kontan moun Clercine kontan la a pou sak rive a
La sécurité a toujours été une préoccupation majeure dans l’histoire de l’humanité. À travers le temps la notion de sécurité et de défense ont évolué avec les sociétés
Pour ce premier numéro de Safe Zone, nous vous proposons une plongée dans l’histoire pour comprendre des défis sécuritaires auxquels les peuples ont toujours fait face
🎥 Analyses, observations et décryptages pour mieux comprendre une situation qui façonnera l’avenir d’Haïti.
⤵️⤵️
https://t.co/xhnXL9W9At
Vectus Global gen 2 mwa depi lap kolekte entèlijans sou 4 baz gang. Gen men m videyo training ki disponib.
Mibalè, mòn kabrit, lilavois, kanaran, se prensipal preyokipasyon yo. Epi nou men m nou kwè se yon bon maten yo leve yo al mennen operasyon pou Apaid
😂😂😂😂
Mwen arive wè sak fè nou paka bay rezilta a. Nou pa diferan de otorite nap kritike yo.
Nou pran tout bagay pou yon bouyon.
Ou wè pwosè sa a?
Gen tèlman koze pou moun ta di sou li.
Youn nan koze yo se nivo mantal piblik ayisyen an ki preske a nivo zero sou sa ki konsène bon sans sou koze jiridik
(m ap pale de moun ki fè gwo etid ki gen diplòm)
Sak pi mal la se nan tou 2 kan yo pwoblèm nan grav
- Yon bò gon bann moun ki t ap pale tenten sou Martine, Mateli, Ti klod, Ariel, elt…
Bann vye koze Pierre Espérance yo
- Epi yon lòt bò Martine ki t ap pale tenten sou moun ekip li pa renmen oubyen sa li tande lari ap di li al repete l nan tribinal la.
Bann vye koze Stanley Lucas yo.
Pwosè Jovenel Moise / Michel Martelly
Parenn nan manje chat la 😂😂😂
Pou mwen Martelly se youn nan pi gwo katastwòf ki rive peyi a, lè li arive vin prezidan. W ap wè tout bon ekspè entènasyonal lè y ap sitiye kriz n ap viv la a, yo di w li soti nan Martelly ki arive prezidan.
Sa pa vle di peyi a te bon, men se avèk Martelly enstitisyon yo vin totalman delabre. Depi w se zanmi Martelly ou sou tèt lapolis ak lajistis, dayè se sa ki ta pral mete konfli ant ekip Martelly ak Lamothe.
Anplis Martelly se nèg k ap ofri zanmi l pou yo fè koripsyon.
( se youn nan rezon zanmi l renmen l )
Donk avèk yon bilan konsa, ou pa bezwen okenn manti ak fo dosye pou konbat Martelly / PHTK / Jovenelis
Mwen toujou di nou se ak laverite pou nou konbat moun sa yo.
Fè manti, fè fo rapò, monte fò dosye sou yo ap rann yo pifò. Paske lè tout moun arive vin dekouvri manti a, lòt akizasyon nou genyen yo ap gen tandans tonbe. Se pou sa mwen plis an fas moun k ap batay ak manti an fas Martelly / PHTK / Jovenelis
Paske moun sa yo ap rann batay mwen an pèdi sans li.
Donk pwosè Jovenel la montre bann vye manti nou yo pat kanpe sou anyen.
- Oh wi parenn nan manje chat la 😂
- Oh wi Martine nan touye Jovenel
- Oh wi Ti Klod nan touye Jovenel
- Oh wi Ariel nan touye Jovenel
Tout bann vye koze sa yo se moun k ap konbat advèsè politik yo ki vin avèk yo. Epi piblik egare ap repete.
Donk, malgre gen anpil kesyon yon moun ka poze sou pwosè a ki al fèt jis Miami men pwosè a demaske bann vye manti nou yo.
Yon lòt fwa ankò, youn nan leson nou dwe tire, se ak verite pou nou konbat advèsè politik nou.
Pou yon lòt fwa ankò, jou ki te mekredi 6 me 2026 la, nou te sou tèren an, sou teyat operasyon yo nan kad tounaj k ap fèt pou reyalizasyon emisyon *Safe Zone*.
Pou premye sòti a, nou te avèk FAD’H la, nou t ap eseye pi byen konprann dimansyon estratejik ak taktik konfli a.
Pou fwa sa a, nou te avèk PNH la, bò kote UTAG, yon inite espesyalize nan Lapolis la ki angaje l dirèk nan konfli a.
Nou t ap chèche pèse dimansyon pèsonèl yon polisye oubyen nenpòt ajan fòs lòd yo ki angaje l nan konfli sa.
Sa vle di eseye konprann :
- dimansyon sikolojik k ap travèse polisye a
- aspè emosyonèl li
- presyon fanmi ak zanmi l ap sibi akoz risk ki genyen nan travay l ap fè a
- kòman li estime popilasyon an pèsevwa travay l ap fè a
- aksyon ewoyik l ap akonpli chak jou
- santiman lajwa oubyen tristès k ap travèse l
- rèv ak pwojè li genyen aprè gwo konfli sa fini.
Mwen an mezi pou m di nou n ap viv nan mitan yon pakèt *" Ewo "* ki merite pou listwa yo rakonte.
Se pa fake ewo nan film, men pito vrè *EWO*
E nan emisyon *Safe zone*, anpil nan listwa sa yo pral rakonte.
Remèsiman espesyal pou
- Yvon Cantave ( DDO 1 ) ki te fasilite vizit sa a, e ki te ba nou bon jan eksplikasyon sou gwo konfli sa
k ap dewoule nan peyi a
Anpil mèsi pou
- Ghost ( nom de code)
- Delta ( nom de code )
- Bravo ( nom de code )
Ki te akonapaye nou epi ki te deside rakonte istwa yo.
Mèsi
Pou chak grenn polisye ki t ap sekirize vizit la
#SafeZone
Yè lendi 4 me 2026 la, nou te pase mwatye jounen an bò kote sòlda yo nan kad tounaj n ap fè pou nou lanse emisyon *Safe Zone*.
Nou pa t vle rete sèlman chita nan yon estidyo, dèyè yon kamera pou n ap fè pase opinyon nou oubyen konesans teyorik men nou te vle ale sou tèren an menm, bò kote sòlda yo, sou teyat operasyon yo pou nou rive pi byen konprann estrateji yo mete an plas yo, difikilte y ap fè fas sou tèren an epi avanse k ap fèt yo tou.
Nou reyalize genyen anpil pwogrè ki fèt malgre gen anpil travay ki rete toujou pou rive kòlte ak reyalite ki genyen sou tèren an.
Nan emisyon *SAFE ZONE*, nou garanti w ou pral aprann anpil bagay.
Rete konekte avèk nou. Emisyon sa ap difize sou plizyè lòt platfòm.
Yon gwo remèsiman pou ofisye siperyè nan FAD’H la ki te otorize vizit la. Se yon siy ouvèti ki montre Lame a sou bon wout la.
Remèsiman espesyal pou colonel Neocles P. Arné ki te fasilite vizit la.
Anpil mèsi pou
Capitaine Kenelson Brutus
Adjudant Pierre Lovensky
Adjudant Jean Baptiste Réginald
Yo te tabli bon jan kòdinasyon pou nou.
Mèsi ak tout lòt solda ki te akonpaye nou epi ki t ap sekirize vizit la
#SafeZone
OKAP LINKS
Dans un contexte où l’insécurité limite fortement l’accès aux routes nationales, le Cap-Haïtien s’impose aujourd’hui comme un point de passage obligé en Haïti. De contrainte, cette réalité pourrait être une opportunité : celle de repositionner le Grand Nord comme une véritable plaque tournante du développement.
OKAP LINKS est un projet de production vidéo qui vise à raconter cette transformation. À travers des contenus immersifs, l’initiative met en lumière le rôle central du Cap-Haïtien dans les nouvelles dynamiques de mobilité, tout en valorisant ses richesses culturelles et touristiques.
En présentant une crise sous un angle constructif, OKAP LINKS ambitionne de faire du Cap-Haïtien le symbole d’une Haïti qui s’adapte, se reconnecte et se réinvente.
#OKAPLINKS
@JRRescape@pierrealain59 @SupportFAdH @pro_FADH 😂😂😂mgen lenpresyon misye jis chita nan salon lakay li epil panse ak on bagay, li fon fim nan tèt li komkwa se laverite epi li afimel
Le colonel Himmler Rebu déclarait hier mardi le plus calmement possible que les États Unis pourraient attaquer Cuba depuis l’aéroport international Toussaint Louverture.
Comment peut-on tenir de tels propos quand on sait que les États Unis ont :
• Une base à Guantanamo Bay
• Une base à Porto-Rico
• Une base à Key West ( 106 Kilomètres de La Havane .
Quel intérêt finalement d’avoir une nouvelle base militaire en Haïti ?
Un peu de bon sens ne ferait pas de mal…
👇👇👇
OKAP LINKS
Dans un contexte où l’insécurité limite fortement l’accès aux routes nationales, le Cap-Haïtien s’impose aujourd’hui comme un point de passage obligé en Haïti.
De contrainte, cette réalité pourrait être une opportunité : celle de repositionner le Grand Nord comme une véritable plaque tournante du développement.
OKAP LINKS est un projet de production vidéo qui vise à raconter cette transformation.
À travers des contenus immersifs, l’initiative met en lumière le rôle central du Cap-Haïtien dans les nouvelles dynamiques de mobilité, tout en valorisant ses richesses culturelles et touristiques.
En présentant une crise sous un angle constructif, OKAP LINKS ambitionne de faire du Cap-Haïtien le symbole d’une Haïti qui s’adapte, se reconnecte et se réinvente.
#OKAPLINKS
𝗜𝗡𝗖𝗥𝗢𝗬𝗔𝗕𝗟𝗘𝗘𝗘𝗘𝗘𝗘𝗘 !!!!! 🤩
Dayot Upamecano et Ousmane Dembélé se sont mis d’accord pour ramener tout leur quartier d’Evreux au match demain. 𝗧𝗢𝗨𝗧 𝗙𝗥𝗔𝗜𝗦 𝗣𝗔𝗬𝗘́𝗦. 🥰🇫🇷❤️
Magnifique geste ! 👏
🎥 @CanalplusFoot
Quand l’animateur Rudy Sanon prend le contrepied de ceux qui affirment que l’aéroport international Toussaint Louverture est fermé ou devenu une base militaire.
👇👇👇
Les soldats kenyans quittent officiellement ce lundi Haïti 🇭🇹
Merci à eux pour leur courage , leur détermination à un moment où Haïti avait besoin de leur aide pour combattre les gangs armés.
Ils l’ont fait malgré le manque de moyens et de financement.
Mwen te kapab di w al mande FAA
Men kòm mwen wè se eksplikasyon wap chache jantiman se sak fè m ap eseye reponn ou.
1. Èpòt peyi ou site la yo se gwo tonton lajan k ap bwase, sa vle di. gen risk blan an pap pran pou ou paske mache pa w la pa vrèman reprezante “grand chose”
2. Èpòt ou site yo se pa Leta a ki fayi. Men m lè gen lagè gen gwo batri anti misil ki pwoteje enfrastrikti estratejik yo, aloske an Ayiti bandi a kapab pase devan airport la li fè yon plis katouch
3. Peyi w la nan zòn wouj sa vle di asirans pou avyon pi chè, donk lè gen tire sou avyon FAA just mande avyon lakay li pou yo pa desann Ayiti
Sa vle di men m lè gen lagè nan lòt peyi yo pa kamarad ou, paske ou men m se yon Leta fayit ou genyen.
Franchman mwen paka konprann bagay sa a. 5 baz gang nan aviwonman airport la
y ap plede tire lè yo vle Olye pou moun yo fè presyon sou Leta ki pou arive kraze baz gang sa yo, yo plis kwè son men kache ki fèmen airport la
😂😂😂
Poutan sa w di a pa funny non
Li plis yon tristès
Emoji a se dlo k ap koule nan je m 😂😂😂
-,Ou deklare èpòt fèmen aloske ou pap ka di kiyès ki anonse sa
- Ou deklare wap fè mouvman aloske vrè konsène a ki se FAA pa okouran de mouvman w lan
Donk ou pa wè sa a son tristès ?
😂😂😂😂