Konnya la, Fils-Aimé pa gen pouvwa pou kesyone Eric Prince sou bilan l ak lajan peyi a?
Pa gen yon moun Hayti, yon medya ki santi l lejitim pou mande Flis-Aimé rann kont sou rezilta kontra Eric Prince siyen ak Leta pou dividal lajan an.
Ala koze papa!
M pataje soufrans pèp ayisyen an k ap travèse tout kalamite anba lamizè, ensekirite, vyòl ak dezespwa. Sila yo ki dwe pwoteje l yo fèmen je yo sou mizè ak kri detrès pèp la. Sa pa ka kontinye konsa. Chanjman an ap vini, paske solèy la prèske leve pou Ayiti ak pèp li a.
Ala gran panpan solèy ak lalin
tanmen fè pou salye sèt fwa yon kou pasaj yon FANM nan matris linivè.
Se yon vanyan pami tout vanyan kap selebre legzistans pou tout tan.
Lanati fè gran mete l an penpan pou diw bon rekòt lavi.
PCEC ap swete "SANDRINE" Bonne fête.🥳 👑🍾
Sans diplôme, sans véritable parcours politique, uniquement ancien soldat américain, Alix Didier Fils-Aimé a été installé comme Premier ministre et participe aujourd’hui à l’effondrement de l’État haïtien à travers des contrats illégaux signés avec des compagnies américaines...
Mwen remèsye tout konpatriyòt mwen yo nan zòn Karade ak Ti Plas Kazo pou bèl akèy yo te rezève pou mwen, samdi 18 avril 2026 la.
Se toujou yon angajman melanje ak yon gwo plezi pou mwen pataje, diskite ak tout frè ak sè nou yo sou sa ki konsène Ayiti cheri nou an.
#AnnFèlAnsanm
Jodi a, nou chwazi LIMYÈ, nou chwazi LANMOU, nou chwazi AKSYON, nou chwazi KONBIT, nou chwazi AYITI, nou chwazi PREZIDAN PRIVERT.🥇
Avni an ap bati pa nou.🇭🇹
#YON AYITI TRANSFÒME.💚🇭🇹✊
#PCEC.⚖️
Paske se ansanm nou dwe pote kole pou n rebati lespwa, pou n transfòme Ayiti, peyi nou an, epi pou chak sitwayen ka viv ak diyite tankou moun.
Chanjman an depann de nou tout.
#AnnFèlAnsamn#AyitiTransfòme
Sanble mo vòlè ak blofè vin tounen yon gwo tit onorifik pou PM A.Didier ak ti ekip MOPAL, Wilner Joseph? 🥹
Siw kwè m manti al mande nèg ak fanm ki nan KPT a ki santiman yo genyen lè tout moun konnen yo se yon bann kriminèl e yon bann dilapidatè de kès leta.
Allez-vas les cochon.
Kreyatè a pa kreye w san rezon.
Ou se yon pati esansyèl nan linivè a, yon eleman inik ak valab.
Pajanm souzestime valè w, paske menm silans ou, prezans ou, menm souf ou pote sans nan egzistans sa.
Ou la pou yon misyon, e chak jou se yon opòtinite pou w reyalize l.
#PCEC.⚖️