Mwen fè 2 entèvyou nan kad “Haitian Heritage Month”. Imedyatman, machin kraze zo a mobilize.
Gen aktè ki al pale nan radyo chak jou, sa pa deranje. Men depi mwen pran mikwo, gen yon sistèm ki santi li menase, li lage lame manti ak atak yo.
Nou te wè fim sa a deja.
Yo panse se nou y ap kraponnen, pandan se tèt yo y ap devwale.