🗣️"Bernard Pivot est l’homme qui nous a fait comprendre que les livres sont des perturbateurs existentiels."
François Busnel termine cette émission par la lecture d'un texte écrit en hommage à Bernard Pivot, à qui La Grande Librairie doit beaucoup. #LGLf5
"Tout moun gen on bagay y ap kouri pou li. Yon souvni. Yon reyalite. Yon maleng oswa yon sikatris ki kole sou po yo. Yon java k ap senyen pa anndan, chire trip yo, kè yo, rèv yo."
Lyonel Trouillot
Agase Lesperans
P. 16
Ti moso Listwa
Vandredi 26 avril 1963, li te prèske 7:30 nan maten, jan sa fèt chak jou lasemèn, lè limouzin nan ap rive nan ri lantèman pou depoze Simone ak Jean-Claude Duvalier ki pwal antre kolèj Bird, kote yo te lekòl.
Sou volan an genyen sèjan majò Moril Mirvil, sou kote l genyen sèjan majò Paulin Montlouis e devan baryè lekòl la genyen sèjan Luc Azor ak sèjan Richenor Poteau.
Bwitsoukou, yon machin kwaze devan yo, ladann te genyen 4 gason ki abiye ak inifòm lame. Nan yon bat je yo louvri katouch, yo touye eskòt la. Jean-Claude, depi lè aksyon an kòmanse te file antre lekòl la. Simone desann, pase devan asayan yo men yo pa fè l anyen, ta sanble se pat li menm yo te bezwen.
Lè nouvèl sa a rive nan palè, kòn pouse nan tèt papa doc ki pwal montre tout moun k ap respire sou tè a nan ki nivo li kapab sinik.
Nan premye eleman ankèt yo, prezidan an wè ke se yon fran tirè ki elimine gad ak chofè timoun yo. Li fè “konklizyon” ke peyi a genyen yon sèl sòlda ki konn tire konsa ki ka fè zak sa a se lyetnan François Benoit, ki te apèn sot leve eskanp figi peyi a nan konkou tire nan peyi Panama.
Sa w tande a, yon kòmando debake lakay lyetnan an, ki li menm depi aprè revokasyon l nan lame a, menm jan ak anpil lòt ofisye te pwan azil nan rezidans anbasadè dominiken an. Sòlda sa yo, ki te genyen nan tèt yo, kolonèl Max Dominique, bofis papa doc, tire tout fanmi Benoit a ak fanmi madanm li ki te sou plas. Gason lakou ak sèvant e menm chen pèdi lavi yo jou sa a. Max Dominique ale avèk pitit François Benoit ki te genyen 18 mwa, ki te kouche nan yon bèso. Bebe sa a disparèt tankou yon kout zeklè pou jouk jounen jodi a.
Nan moman sa a te genyen yon tantativ koudeta ke plizyè ofisye nan lame a te òganize kont Duvalier. Li tou pwofite pase pwan tout lenmi l yo, disparèt yo.
Li pwal pwan yon ti tan pou yo dekouvri ke nan machin ki te fè atak kont timoun yo te genyen Clément Barbot, ti frè li, Doktè Harry Barbot ak Cantave Laguerre.
Clément Barbot, moun Saint-Marc, ansyen pwofesè lekòl, se te sèvitè pi fidèl François Duvalier. Se te chèf polis sekrè pouvwa a. Depi yon moun te genyen entansyon panse mal de pouvwa makout la, li te manje w.
Zanmitay pwal kraze ant 2 zanmi yo, lè Barbot pwal vini tounen yon menas pou dòk la. Nan mwa me 1959, prezidan an pwal malad, li pwal rete nan kabann pandan prèske 2 mwa. Se Barbot ki pwal kenbe pouvwa a.
Pou enfliyans li, Barbot pwal jwen apresiyasyon espesyal nan men ofisye ameriken yo ki te vini pou ede lame dAyiti. Li pwal genyen bon koneksyon tou avèk gouvènman dominiken ki pwal peye l dirèkteman pou voye ouvriye al koupe kann nan batey. Barbot pwal tèlman santi l chèf, nan yon mès k ap fèt nan katedral, li pwal chita sou chèz prezidan an. Depi lè sa a Duvalier pwal make zanmi an, li wè ki genyen move entansyon.
Barbot te deside l ap jete Duvalier. E youn nan moun ki te okouran se te zanmi l, doktè Roger Rousseau. Men doktè sa a te fè ni segondè l ni etid medsin li ak Duvalier, kidonk li te pi konekte ak prezidan an ke Clément. Ta sanble se li ki ta rapòte bay Duvalier sa Barbot te vle fè a.
Papa doc pa pwan chans, li fè arete Barbot, mete towo gwonde a nan prizon pandan 18 mwa. Yo te tèlman zanmi, Duvalier chwazi pa touye l. An aprè l ap oblije l rete lakay li, pou l pa mete pwent pye l deyò. Devan tankou dèyè kay la pwal genyen sòlda k ap siveye.
Nan maten 19 avril 1963, pitit fi Barbot pwal sòti nan machin li, ap souri avèk sòlda yo, men Barbot te kouche plat dèyè a, li sòti an kachèt avèk detèminasyon pou li fè Duvalier kriye e menm bwè dlo bouch li. Se la a tout evenman 26 avril la pwal kòmanse e ki pwal koz lanmò anpil inosan.
🗣"30 ans plus tard, la mémoire reste une braise ardente."
👉@GaelFaye s'adresse à nous depuis Kigali, au Rwanda, droit dans les yeux.
📺Rdv ce soir à 21h sur France 5, pour une émission spéciale autour de la mémoire du génocide des Tutsi au Rwanda, 30 ans après. #LGLf5
Nou envite w kontinye echanje lapawòl sou Ayiti nan yon kontèks ki merite anpil klèvwayans. Nan sousi pou n ka gen plis zouti pou n abòde reyalite a nou mete sou pye yon seri atelye lekti. Premye atelye a se @WMozeau k ap anime li. Pou ou menm ki enterese patisipe ou ka
Fanm k ap tire baton, se yon pratik ki ra an Ayiti. @AyiboPost envite w dekouvri Esther Mompoint, yon jèn fi k ap pratike baton ak anpil pasyon, anba sipèvizyon ekriven ak mèt baton Lyonel Trouillot⬇️
https://t.co/TEKdGuo0Oq
#8mars#Journeedelafemme#haiti
✍️« J’ai péché, péché dans le plaisir ».
🙏Merci à @Golshifteh Farahani pour cette lecture bouleversante des mots brûlants, subversifs, de Forough Farrokhzad : "Le péché".