Update: Moun ki pa konnen fil kat travay yo anba azil (C08) aprè 180 jou men an reyalite se moun ki mal enfòme sa souvan rive. Lwa sou imigrasyon di aplikan kapab aplike pou yon kat travay pa pi boné avan 150 jou men USCIS ta dwe pran 30 jou pou li voye yon kat ba ou @web509_llc
@iamlaurie_ Reyèlman DHS pa rekonèt desizyon jij lan, ni uscis pa janm di okenn kote sou sit yo an ke yo kenbe l pou fevriye 2026.. Men DMV pa vle m renouvle lisans mwen akoz de bagay sa.. kom yo fèm chita tann yo, yap plede pale epi chache info.. anyen pa vrèman klè sou sit USCIS lan!
@dennly109 Tout lide m di m se yon taktik ekonomik *DODGE* fè nèg yo anplwaye pou yo ka vin mete l chak 6 mwa (kise strik minimòm lan), epi pou moun sa yo nan yon etènèl re-aplikasyon chak avan 6 mwa (pou TPS ak Kat Travay).. paske se lajan k pral peye pou aplike pou toude chak lè sa yo...
@dennly109@web509_llc Eske Azil Afimatif lan (sa wap annafè ak yon ofisye imigrasyon selman an) se Online yo fill li tou? Yè m tap li sou sit USCIS lan, mwen wè yo tap pale m de aplikasyon papye osi.
@pnh_officiel Mwen te toujou pè nèg BOID sa yo malgre m pat janm annafè ak pèsonn. Depi m wè yon kote, mwen retire kòm toupiti.. paske nèg sa yo pat janm play non!
(Men sensèman mwen te toujou renmen yo, paske m santi yo te ka bay bonjan rezilta nan anpil zòn kap bay pwoblèm..)
Mwen kwè mesaj Dr. Agnos LEANT preche aswè an nan Kwazad AEH 2024 lan tout legliz ak kretyen nan peyi Dayiti ta sipoze tande l, epi aplike l.. sinon nou fenk kare kite peyi an rantre nan twou!
M ap di l, e m ap redi l ankò: se pa zanj k ap desann vin retire n nan twou sa n ye la!
Immigration: Moun ki gen azil pending yo èske yo sou depòtasyon? Poukisa w pa dwe mete tout lespwa w sou TPS dapre Mèt lan? Ki rekou si w pa gen azil lan? Kisa ki di sou "Mas Depotasyon" an favè azil? Tout detay sa yo ak yon gwo avoka epi ansyen ofisye imigrasyon:
Credit: At.Brian
🙃 Pandan youn nan nèg Trump yo deklare #Ayisyen mwens entèlijan pami lòt imigran yo. Kiyès ou konnen ki komisè gouvènman ki ap jere dosye asasinay ki manke fèt you papa li semènn pase a?
Markenzy Lapointe, yon ayisyen ki vini isi a 16 an, pase de lame li etidye dwa epi vini komisè gouvènnman pou Sid #Florida.
Proud to be who I am. 🇭🇹
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Dosye #Sp#Springfield la pa sispann chanje , li sòti nan chat li rive nan chen, Jodi a deba chita sou “Geese” paske li trè pwobab gen evidans gen yon rezidan ki te repòte li wè 2 fanm ak 2 gason yo chak yon “Goose” nan men yo.
Bon! Ann antre nan dosye a. Eske manje Geese se peche? Non. Banm pale nou de “goose” ki se sengilye ki gen pou pliryèl “Geese”.
Geese se Zwa, yon bèt ki tèlman gen valè yo fè pwovèb sou li kòmkwa manje zwa se zafè moun ki gen lajan. An pasan, pa gen bèt sa nan tout rakwen an Ayiti okontrè se yon espès ki ra anpil pou sa nou konnen.
Zwa / Goose gen anpil fanmi tankou kana, yon banm lòt bèt bèk laj. Pou m klè ak nou, ayisyen pa menm renmen kana menm paske yo fè esperyans vyann kana fad konsa anpil #Ayisyen pa manje li epi nou pa gen yon bon listwa ak Kana paske yo salòp anpil epi yo saf, vale larim pase yo nan pwen! Hekkk! Jan pwovèb lan di l lan tèt kanna pa monte tab.
✔️ La, banm vini sou vrè mesaj m vle fè pase a, isi #Etazini tout bagay gen prensip, menm mabouya ou wè atè a gen fason pou trete l pou m pa twò ekzajere.
✔️Yo chase “Geese” nan #Ohio men se pa sa ki nan plas piblik yo, fòk ou gen yon lisans pou sa, genyen yon epòk pou sa, genyen yon kantite ou kapab chase tou. Tout bagay yo sou kontwòl se pa tankou ou pran fistibal ou tonbe tire ramye, pa ekzanp “Eagle”ki se yon gwo senbòl pou ameriken bèt sa yo se chapo ba! Si w pouse youn yon kout wòch li mouri se $100.000 kòm amannn wap peye mete sou yon lane prizon.
✔️ Li mande anpil jefò pou entegre nou pa bò isi paske nou nan yon peyi ki chita sou prensip, toutan map di nou sa. Lè w wè yon nèg pandye sou yon pon ap peche pwason li gen yon lisans pou sa, gen lisans pou antre nan yon park pou touye kochon mawon ( Wid Boar) epi fè netwaye l pou ou paske anpil ameriken manje vyan sa paske l chaje ak pwoteyin. Tout se yon kesyon prensip.
✔️ Se prensip ki fè peyi a gran paske yon peyi ki chaje ak moun ki sòti tout kote, si tout moun tap aplike tout ki sa ki pase lakay yo bò isi nou menm nou pa tap la tou paske lwa pwoteje tout moun. Mwen depi m bliye pèmi kondwi m m pap deplase san li paske se prensip. Pwovèb lan klè sou sa, si w nan vil Wòm ou dwe konpòte w tankou women.
👉 Pa néglige pataje sa yo ak lot paske pa gen moun ki dwe ignore lalwa, paske di w pat konn lalwa pap fè yo pa boure w nan prizon pou sa.
#Entegration #Haitians
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: 🚨. Tweet sa se yon alèt li konsène moun ki sou Humanitarian Parole, ale gade nan I-94 ou te rale a, gade kilè parole ou ap fini, si li manke 6 mwa, ou vrèman konsène, ou dwe fè yon chwa rapid paske menm dat sa se li ki sou kat travay ou tou. Ann desann pi ba! Nou gen 2 chwa si nou vle kenbe travay nou daprè dat I-94 an pral espire a:
✔Si nou chwazi rete sou Humanitarian Parole , nou oblije fil fòm I-131 pou mande "re-parole" menm jan sa fèt pou Ikrenyen yo. Fok nou konnen sa nap fè wi paske se premye fwa ayisyen pral fil fom sa pou "re-parole", si nou bezwen èd kontakte @web509_llc .
A- Si nou chwazi fè l fok nou fè l 180 jou avan kidonk 6 mwa avan kat la espire se sa pwosès la mande epi toutotan ou pa gen resi "re-parole" apwouve ou pap kapab aplike pou yon kat travay. Dispozisyon sa yo valid depi premye Avril 2024 pou jous jodi a. Pou pri "re-parole" ak kat travay , ale la @web509_llc pou plis detay toujou.
✔Si tout fwa nou ta chwazi itilize estati TPS ou, ( moun ki te la avan dènye nouvo TPS la ) li enpòtan pou lòt kat nou pral genyen an fèt sou #TPS, note sa tou, nou dwe aplike 120 jou avan kat la espire pou evite reta nan tretman dosye yo ( gade kilè kat travay ou ap espire).
Lòt pwoblèm nou ka fè fas, pou nou pwouve nou elijib pou travay sou @EVerify , kat ki espire a kapab pa itil ak resi ekstansyon an lè nap fè @EVerify paske kat "parole" lan pa gen menm kategori ak resi TPS lan. (C11 Parole , A12 TPS).
B- Mwen sèlman atire atansyon nou pou evite ti pwoblèm nou kapab fè fas, paske depi kat travay ou espire oubyen ou pa gen okenn estati isi ou tonbe tout dwat nan ilegalite epi nou konnen konsekans lan.
(Ekzanp: Si I-94 ou fini epi ou pa "re-parole" epi ou pat aplike pou TPS, wap tonbe san estati).
Li toujou bon pou nou pataje jan de mesaj sa yo paske li omwens mete nou okouran sa ki kapab rive epi pran devan pou evite li.
#HHP