Konnya se AKSYON li ye‼️
Pa mande moun pale san se pa pou konbat sa kap pase yo..
ZAM ANVAYI peyi a.
Tout foli ekspè,fout bouda nou yon kote..
Chak lè yon moun kanpe pou elimine malfektè yo,SE LOJIK nou vin fè‼️
Konbyen FWA yo di nou pou peyi sa Ranje fòk li benyen nan SANL
Si wap gade nan vizaj Wendyyy wap wè fristrasyon, reyalite sal santi yo
Se pa Atis ki ekri poul fè moun Chante selman, si nou pa pran konsyans deja se pa fòt anpil Atis. Spesyalman King lan
Nèg yo ap jwe zèl kat kraze tout bagay pou se Amnisti pou tout moun nèt ki sou tab la. Se pa zèv nèg ak zam ak sapat yo sèlman kap devwale la, gen moun ki rantre tèt yo akoz sanksyon oubyen dosye yo gen lajistis, kap tire fisèl tou.
Nou Pa Renmen Ayiti Vre!
•M renmen lè yo poste yon bèl Aktivite kap fèt nan yon lòt Vil nan peyi a.
Epi gen moun kap vin kòmante "Hmhm epi moun pòtoprens ap soufri"
- Men nou gen Kran wi😃
Pòtoprens kote ki gen tout kò POLIS la wi,kapital la wi,kote Ariel rete a wi,kote nou fò nan Sitire GANG anpil la.