C'est une simple réalité de la vie : si vous voulez faire quelque chose d'incroyable, quelque chose qui vous distingue des autres, alors vous devez vous sentir à l'aise avec le fait d'être différent cela signifie être incompris, critiqué, voire détesté.
Apple ap prezante macOS 27 pandan WWDC 2026 nan dat 8 jen 2026. Premye vèsyon beta pou devlopè ap soti menm jou a, beta piblik la ap vini an jiyè, epi vèsyon final la ap disponib pou tout moun an septanm.
Sa nou ka atann nan macOS 27:
- Siri pi entelijan 🤖
Ap gen yon nouvo app Siri ak istwa konvèsasyon, plis fonksyon pèsonalize. Li ap vin pi sanble ak ChatGPT ak Google Gemini, epi li ka sèvi ak enfòmasyon nan Mail ak Messages pou ede w fè bagay tankou rezèvasyon.
- Plis Apple Intelligence
Apple ap kolabore ak Google pou pote plis fonksyon AI avanse, menm si yo poko bay tout detay yo.
- Sipò pou ekran tactile 👆
Apple ap prepare yon vèsyon macOS ki mache byen ak manyen, espesyalman pou nouvo MacBook Pro oswa yon “MacBook Ultra” ki ta ka gen ekran tactile nan lavni.
- Pi bon pèfòmans ⚡
Sistèm nan ap konsantre sou estabilite, vitès, ak korije erè, menm jan ak ansyen Mac OS X Snow Leopard.
- Pa gen sipò pou Mac Intel ❌
macOS 27 ap mache sèlman sou Mac ki gen chip Apple (M1 ak pi nouvo).
- Chanjman nan backup 💾
Li pap sipòte ansyen sistèm tankou AirPort Time Capsule ankò; w ap bezwen nouvo teknoloji tankou SMB.
An kout: macOS 27 ap pote plis AI, pi bon pèfòmans, ak nouvo fason pou itilize Mac (tankou tactile), men li kite dèyè ansyen teknoloji yo.
Men 8 leson ke Jay Shetty (ki gen 37 lane jodia) swete li te aprann avan li te gen 30 lane. Li di sa tap edel pa pèdi tan sou yon bann bagay ki pat itil nan lavil. Se yon bèl zouti pou reflechi sou lavi pa ou jodia.
Leson sa yo ka ede ou chanje 10 pwochen lane nan karyè ou. Se youn nan video ki pi pètinan mwen gade jodia.
Men yon rezime an kreyòl:
1- Moun pa ba ou tout atansyon ak enpòtans ke ou panse yo ba ou a. Se nan tèt ou sa ye. Yo plis fokis sou tèt yo olye de ou. Pa kite opinyon moun blokew.
2- Toujou okipe ak bay tèt ou anpil tach pa vle di wap travay byen pou sa. Se nan rezilta pou kwè.
3- Sèk zanmi w redwi lè wap grandi. Se pa yon pwoblèm. Plis wap grandi mwens kantite moun ki nan sèk prive ou enpòtan. Se kalite relasyon ou ak moun sa yo ki pi enpòtan. Pa pè pèdi zanmi. Ou ka gen mwens zanmi ki fè kèw pi kontan.
4- Disiplin gen plis enpak pozitif nan laviw ke motivasyon. Sispann chache motivasyon pou fè sa ou dwe fè. Kreye sistèm pito ak abitid ki baze sou disiplin. Pa gaspiye enèjiw nan bagay ki pa enpotan.
5- Ou pè fè sa ou dwe fè jodia paske wap sonje yon doulè ke sèvo ou paka bliye. Pa paske se reyalite ou vre jodia. Pa kite pase w bloke konfyans ou nan tèt ou pou aji jodia.
6- Si ou vle chanje yon konpòtman lakay ou, antourew de moun ki reflete chanjman wap chache a. Sispann gaspiye tan ou ak moun ki pa enspirew.
7- « Burn Out » pa soti nan travay anpil. Li soti nan travay sou bagay ou pa pran plezi ladan yo oswa ke ou pa santi ki enpòtan.
8- Sèvo ou pa bon vre nan predi kijan ou pral santiw apre yon evenman. Li souvan bliye a ki vitès ou ka adaptew. Enpak ou panse yon bagay ka gen sou ou (byen ou mal) pa janm dire otan ke sèvo ou fèw pansel. Pa selman swiv presantiman ou. Teste reyalite yo avan ou pran gwo desizyon.
Ou ka gade video konplè a an angle pou plis detay: https://t.co/rl9ro0eGqE
Mespere sa ap edew 😇
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: « Pèson moun pa gen dwa pete sou yon plas piblik aprè 6è nan aswè nan #Florida ». Sa se youn nan lwa yo ki « funny » anpil men ki malerezman ka koute w yon amann ak pènn sa mande a.
« Malè ak yon fanm ki dòmi anba « hair dryer » pandan li ale nan yon salon , sa pa legal nan Florida, si yo kenbe w ap wonfle anba « dryer » a menm mèt salon an ap peye pou sa.
« Si ou gen plan vann zoranj sou twotwa nan Miami Beach, map tou enfòme ou sa ka koute w 30 jou prizon.» Moun yo pa mache kole ak dosye vann sou twotwa nan espas sa ditou.
« Pise oubyen fè ka (bis) pa legal nan tout 50 Eta yo nèt. Pou pi pitit sa depann de #State oubyen sikonstans lan, li varye $50 a $500 ou ka menm pran prizon menm.
Si pa malè yon minè menm te wè w menm bwa bare nèt paske w espoze zafè w deyò, wap pran yon lane prizon lapoula, $1000 amann , sa ap tou kole nan dosye « criminal record » ou.
Nou ka di 2 sa anlè yo « funny » se vre paske aplikasyon yo pap fasil men se lalwa, men 2 dènye sa tanpri fé atansyon paske anpil nan nou ki nan faz entegrasyon ka pat konnen sa, paske m temwen gen moun ki fè bagay ki dwòl anpil deja.
Pa neglije pataje pòs sa yo paske yo kapab ede yon lòt evite prizon ak depòtasyon.
#integration #laws #funny z