Si Michel Martelly ta retounen Prezidan Ayiti, mwen ta konsidere seryezman posiblite pou m etabli fanmi m aletranje, envesti 40 a 50 mil dola ameriken, epi pran distans mwen ak politik ayisyèn. Nan tout sikonstans, priyorite m ap rete sekirite, estabilite ak avni fanmi m. 🇭🇹
Lè moun ki te deja gen pouvwa retounen mande pèp la vòt, li enpòtan pou nou pran tan reflechi sou bilan yo ak sa yo te reyalize. Nou dwe ankouraje jenès la devlope plis konsyans sitwayèn, pou chak vòt chita sou refleksyon, responsabilite ak espwa pou yon pi bon demen.
Pa wè mwen k ap mache dèyè yon moun ki te nan pouvwa, ki te gen responsablite pou pran desizyon epi bay konsèy, men ki pa t fè sa ki te nesesè pou peyi a. Pou m ta vin ede l retounen nan pouvwa ankò sou pretèks enterè politik? Konsyans mwen pap pèmèt mwen fè sa.
Menm si ta fou🤷♂️
Sa montre se pa sèlman kriz dirijan yo ki pwoblèm nan, men tou yon pèp yo fòse viv nan mizè, laperèz ak mank edikasyon politik, jiskaske li fini pa aksepte menm moun ki te kontribye nan echèk la.
Yon pèp dwe aprann mande: Kisa ou te fè lè ou te gen pouvwa a?
Pa gen okenn peyi serye kote yon moun ki te eli, ou byen vin minis oswa direktè, ki te gen pouvwa pou aji, pa janm rezoud anyen pou evite peyi a tonbe nan yon kriz politik, sosyal ak imanitè epi li retounen vin mande pèp la vòt ankò.
Mwen rete sou pozisyon mwen: eleksyon dwe fèt nan yon klima sekirite, konfyans ak respè dwa sitwayen yo. Nan kondisyon aktyèl yo, mwen pa konsidere li responsab pou patisipe nan yon pwosesis elektoral kote sekirite kandida ak elektè yo pa garanti.
Mwen poko wè yon vrè volonte bò kote otorite yo pou ede peyi a soti nan kriz sa a.
1️⃣ Ensekirite a ka vin yon rezon pou anile eleksyon yo.
2️⃣ Anilasyon eleksyon yo ka sèvi enterè koriptè yo.
3️⃣ Chak moun ap fè ti kout pa yo, san yon plan nasyonal klè pou rezoud kriz la.
Gen ladan yo ki poko menm gen yon kay, yon machin, ni yon kont labank. Kijan yo pare pou fè fas ak tout sa k ap tann yo nan politik la? Kijan yo pral konbat koripsyon, presyon ak sistèm nan pandan 7 ane k ap vini yo?
Ayiti bezwen yon nouvo jenerasyon lidè ki prepare, responsab.
Mwen santi m vid nèt lè m wè konpatriyòt mwen yo ap masakre, ap kouri kite kay yo anba menas bandi. Jodi a, sa depase yon kriz politik: se yon ijans nasyonal ki mande aksyon imedya.
Mwen vrèman enkyè pou direksyon politik peyi a, sitou ak vag jèn kandida k ap chèche eli.
Kenscoff ap soufri, pandan peyi a ap antre nan yon peryòd elektoral. Nou pa dwe rete pasif ni kite ensekirite vin nòmal. Pèp ayisyen, kilè n ap bay yon repons kolektif ak demokratik?
ELEKSYON BYEN! 🇭🇹
Men apre eleksyon yo, kote Depite ak Senatè yo pral chita?
Ki enstitisyon k ap tann yo? Ki travay konkrè y ap fè pou pèp la?
Eleksyon se pa sèlman chwazi moun; se chwazi moun ki pral sèvi, vote lwa, kontwole aksyon Leta epi defann enterè pèp la.
Bonjour,
Yon demokrasi pa konstwi ak endiferans; li konstwi ak patisipasyon chak sitwayen. Chak eleksyon se yon moman pou pran responsablite nou anvè avni peyi a.
Se chwa nou fè nan bwat vòt la ki ede trase direksyon nasyon an.
FIFA retire imaj Batay de Vètyè sou mayo Ayiti a, men sa se pa sèlman yon “design” yo retire. Se yon senbòl 1803, yon batay ki make nesans premye Repiblik nwa endepandan nan mond lan.Lè 1 milya moun aprann istwa sa atravè foutbòl, kijan sa ka vin “politik”?
Le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé ne peut ignorer l’importance d’un dialogue national dans la recherche d’une solution durable à la crise sécuritaire.Avant toute réponse strictement opérationnelle un espace de concertation entre les forces vives de la nation est essentiel
Le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé ne peut ignorer l’importance d’un dialogue national dans la recherche d’une solution durable à la crise sécuritaire.Avant toute réponse strictement opérationnelle un espace de concertation entre les forces vives de la nation est essentiel