1- deja pale de fon pwoblèm se rapwopriye libète yon atis gen pou mennen atizay li nan direksyon l vle ak fason l santi l.
2- Yon atis pa jis yon machin k ap ponpe pwodui e koze inovasyon nan kreyasyon pa ka gade ak menm linèt nou gade l nan biznis. Yon atis se dabò yo moun sansib e k ap charye yon eksperyans lavi ki gen yon pwa. Sa w rele "loop" la se souvan espas egzistans atis la kreye pou l rakonte tèt li, mete mo sou sa l santi, fè vwa l pase, geri elatriye... mande l soti ladan l se mande l pase trè sou sa k fè sans pou li e ki defini lavi l.
3- Lè yon atis depase nivo chèche validasyon an e deja tabli kò l kòm moun ki defini estanda yo, li ka pèmèt tèt li sa l vle kò m direksyon atizay e kanpe deyè l. Li ka chwazi repetitif nan estrikti oubyen eksperimantal nan fòm nan, nenpòt jan gen atis nenpòt sa l fè ap tounen modèl la. Mande tèt ou pouki se kounya Wyclef ap eksplore Jazz ak entansyon sa nan mizik li.
Capital Bank konfime yon ensidan teknik pandan LockBit reklame li atake bank lan.
Depi anviwon 24 èd tan, gen yon sitiyasyon k ap devlope kote Capital Bank S.A parèt ta sibi yon atak anba men LockBit, yon rezo sibèkriminèl ki popilè pou atak tankou "ransomware".
Sou BreachSense, yon platfòm ki suiv ka vyolasyon done ak aktivite ransomware atravè mond lan, anrejistre https://t.co/Y16lOpvDDT kòm yon viktim LockBit reklame, ak dat dekouvèt la ki se 5 oktòb 2026. Daprè enfòmasyon ki pataje yo, gen yon dat limit ki fikse pou 19 oktòb 2026 pou Capital Bank reponn a demand LockBit yo.
Kisa yon ransomware ye?
Yon ransomware se yon kalte atak enfòmatik kote gwoup sibikriminèl yo rantre nan sistèm yon òganizasyon. Yo ka bloke oswa enkripte fichye yo, sa vle di mete òganizasyon sa nan yon sitiyasyon kote l pa ka aksede yo san yon kle espesyal. Men depi kèk tan, anpil gwoup ransomware itilize yon lòt taktik tou: yo vòlè done yo anvan, epi apre sa yo menase pibliye yo si òganizasyon an pa peye oswa pa antre nan negosyasyon avèk yo. Yo rele sa double extortion, se sa konpayi a negosye ak yo oubliye yo pibliye tout enfòmasyon ki ta dwe prive konpayi sila.
Se vre reklamasyon gwoup LockBit la pa yon prèv definitif ta gen yon bagay ki rive tout bon vre, men avèk nòt bank lan soti ayè 4 Oktòb la, sa leve anpil sispisyon e se pa bagay pou kliyan yo fèmen je sou li.
@BOUT_BEZWEN Moun ki paret nn machin nn
Lapolis bay mayo sa? Patne a k tj gen tò pou aksyonl fe a men eske machin nn supoze pran lot vwa jiskaskel kraze yon moun ki nn ligne li, epi neg yo ret anndan machin nn.