50 460 #email delivre pou rezilta #BAKALOREYA2023 nan 3 jou. Felisitasyon pou ekip teknolojik #BUNEXE#UTICE#USI nan @MENFP_Education k ap reyalize yon gwo tranzisyon nimerik malgre yon kontèks difisil, sòti nan enskripsyon kandida ak korektè anliy, rive nan piblikasyon rezilta ak diplòm legalize anliy atravè email.
"Il ne s'agit pas d'une politique de formation d'un ministre, mais d'un besoin exprimé par tout un pays".
Propos du DG de l'@ONAPEHT, Dr @rvbquot, au 3ème jour de l'atelier, ce 6 septembre 2023, en présence de plusieurs partenaires évoluant en éducation.
https://t.co/3CnvbWIorR
Minis @nesmymanigat anonse, jounen mèkredi 6 septanm 2023 a, gen twa (3) desizyon ministeryèl ki pral pibliye pou antre lekòl 2023 - 2024 la.
Desizyon sa yo ap konsène :
1) Kad fòmasyon anseyan;
2) Pèmi pou anseye;
3) Referansyèl konpetans anseyan yo.
Diferan aktè ak patnè nan sektè edikasyon an, ki te reponn prezan nan atelye a, bat bravo pou desizyon sa yo ki pral sèvi zouti valab pou ranfòse metye anseyan an ak kalite edikasyon an nan peyi Dayiti.
@MENFP_Education@nesmymanigat
@MENFP_Education - 3yèm jounen atelye travay sou referansyèl konpetans pwofesyonèl anseyan yo, ak politik nasyonal fòmasyon anseyan yo.
Nan twazyèm ak dènye jounen atelye a, Minis Edikasyon Nasyonal la, Pwofesè @nesmymanigat anonse 7 gwo aksyon @MENFP_Education prevwa reyalize pou ane akademik 2023-2024 la; ladan yo nou jwenn: akonpayman pou paran, akonpayman pou elèv lekòl ki deplase akoz ensekirite ki gen nan zòn yo, akonpayman nan aprantisaj. @MENFP_Education vize tou travay sou enklizyon tout timoun, fòmasyon pou pèsonèl edikatif yo, dyalòg sosyal ak sendika anseyan yo, travay sou modènizasyon sèvis pou itilizatè yo.
Ouvri lekòl pa ka ni abi ni foli. Se pou tout timoun gen menm chans pou aprann. Plis yo gen tan pou aprann, se plis y ap konn li, se plis y ap aprann reflechi pou anpeche moun achte yo, manipile yo. Lekòl se wout chanjman an pa lage l! @RTE_Menfp, @ReferansH, @capteh_edu.
En dépit du désaccord des Dominicains en ce qui concerne la construction par Haïti de la dérivation du canal sur la rivière Massacre, la population du Nord-est n’en démord pas. Les travaux se poursuivent et ont atteint la rive où l'eau commence à couler dans le canal sur la partie haïtienne. Une lueur d'espoir pour la population de cette zone qui espère avoir de l'eau pour arroser la plaine marebareau et avoir des récoltes.
@MENFP_Education/ BSEA-ENF Selebrasyon 57èm jounen entènasyonal alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl.
Selebrasyon 57èm jounen entènasyonal Alfabetizasyon an dewoule, an Ayiti, jounen vandredi 8 sektanm 2023 an prezans minis edikasyon an, Pwofesè @nesmymanigat ak reprezantan @UNICEFHaiti, @unesco_haiti ak plizyè kad @MENFP_Education. Se nan Otèl Caribe ak nan lokal Sekreteri Deta Alfabetizasyon ak Edikasyon nonfòmèl (BSEA-ENF) aktivite yo reyalize sou pilotaj BSEA-ENF, patnè teknik ak finansye li yo, nan tèt kole ak Direkson Ansèyman Fondamantal (DEF) k ap pilote edikasyon nonfòmèl pou @MENFP_Education.
Tèm nasyonal la se: "Alfabetisazasyon ak Edikasyon nonfòmèl, men nan men ak lavni sou chemin lavi."
Sekretè Deta a, Madam Sandra Jacques Suzette Michel SAINT GEORGES, nan diskou sikonstans lan eksprime satisfaksyon li pou jan li menm ak ekip li ap dirije a chanje estrateji #BSEAENF, ki pèmèt, selon sa l di, plis moun kòmanse apresye travay k ap fèt pou marye alfabetizasyon, teknoloji ak reyalite moun yo pou fè yo fè, yo menm menm, tout sa k ap pèmèt yo devlope konpetans yo.
Felisitasyon Teddy Rickerley FELIX, PREMYE LOREYA Bak Inik 2023, #SID, 18 lane, Collège Frère Odile Joseph, Seri "syans, matematik, fizik" ki reyalize 1669/1900. Tankou tout bachelye, l ap resevwa rezilta nan #email li apati https://t.co/C97LMILXDA #BUNEXE. Avan lontan l ap ka resevwa tou relve nòt ak diplòm deja legalize pa @MENFP_Education@MAE_Haiti
nan email li.
Dezyèm jounen atelye travay sou gran chantye @MENFP_Education yo pou ane akademik 2023-2024 la.
Pandan jounen sa a, Minis @nesmymanigat ankouraje patisipan yo travay sou dokiman kadraj aksyon fòmasyon anseyan yo. Se #DFP ki prepare dokiman sa a pou ane lekòl 2023 - 2024 la.
Yon lòt bò, nimewo 1 @MENFP_Education an mande tout aktè ki te prezan yo pou fè li bon jan pwopozisyon sou travay «komisyon nasyonal pou devlopman validasyon aki eksperyans pwofesyonèl yo». Minis lan fè konnen dokiman sa yo enpòtan anpil nan dinamik transfòmasyon edikasyon nan peyi a.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl louvri, lendi 4 septanm 2023 nan Otèl "Royal Oasis" nan Petyonvil, yon atelye 3 jou pou travay sou dokiman «Referansyèl konpetans pwofesyonèl anseyan yo» ak dokiman «Politik nasyonal fòmasyon anseyan yo». Nan atelye sa, patisipan yo ap gen pou valide dokiman kadraj oryantasyon ak aksyon fòmasyon yo.
Se Minis Edikasyon an, pwofesè @nesmymanigat, nan yon entèvansyon a distans, ki lanse aktivite sa a, ki enskri
nan kad preparasyon rantre lekòl la ak gran chantye @MENFP_Education pou ane akademik 2023-2024 la.
Depi lane 2021, Nasyonzini dekrete dat 31 out kòm jounen entènasyonal moun kòd lonbrik yo mare ak Lafrik. Nan okazyon selebrasyon jounen sa a, @RTE_Menfp ap envite w reviv yon pati nan espektak tèt ansanm, "souvni kamarad klas" elèv plizyè lise zòn metwopolitèn Pòtoprens la, nan dat 14 jiyè 2023.
@MENFP_Education@nesmymanigat
#Souvnikamaradklas2023
✍️Ou aprann mwen viv
Ou ban m anvi viv
Ou pran pasyans avè m
Mwen sere w jouk nan kè m
Pou m ka renmen w pi plis
Louvri wout pou limyè lanjelis
Antre nan jaden flè choublak
Kote m toufe nan galata m
Pou ou, bon siwo.
@SherlyTanis
@RTE_Menfp, 1 000 followers sur Twitter ! Un grand merci à notre précieux public ! Votre fidélité envers la Radio Télévision Éducative, la tribune de l’éducation, est le moteur qui nous pousse à offrir des contenus plus pertinents et beaucoup plus enrichissants. Merci !
Mèsi ak DG Jacques Ronald Jean pou prezans li nan seremoni rekonpans premye edisyon konkou redaksyon "Cahiers de l'Inaghei" ak sipò li nan kad reyalizasyon konkou sila a ! @RemedCfef@RTE_Menfp
Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Pwofesè @NesmyManigat, ansanm ak plizyè kad nan @MENFP_Education vizite 2 sant koreksyon depatman Lwès pou founi je gade kijan pwosesis la ap vanse. Se te okasyon pou Minis lan chita pale ak pèsonèl egzamen ofisyèl yo. Li te pwofite remèsye pèsonèl anseyan ak tout aktè ki te mobilize pou egzamen Leta yo te byen dewoule.
@nesmymanigat
#LekòlPakaTann
Yon sèl pwogram ofisyèl toupatou nan tout lekòl nan peyi a, se yonn nan objektif #LivInik la. Jodi a, mwen pase ankouraje pèsonèl yonn nan antrepo Liv @MENFP_Education. Liv sa yo ap distribiye gratis nan tout lekòl nan peyi a selon pwogram rantre lekòl 2023-2024 gouvènman an. #LekòlMiltilang #LekòlPaKaTann
Sekretè Deta Alfabetizasyon ak Edikasyon nonfòmèl la, Madam Sandra Jacques Suzette Michel SAINT GEORGES, lanse ofisyèlman jounen jedi 17 out 2023 a, jounen entènasyonal Alfabetizasyon, ki selebre chak ane nan dat 8 septanm. Pou ane sa a, Tèm @UNESCO pwopoze a se : "Promouvoir l'alphabétisation pour un monde en transition: bâtir les fondations de sociétés durables et pacifiques". Tèm Nasyonal la se: "Alfabetizasyon ak Edikasyon NonFòmèl, men nan men ak lavni sou chimen lavi".
Sekretè Deta a te pwofite anonse yon kanpay pou sansibilize tout moun sou enpòtans alfabetizasyon ak pi bon estrateji pou kwape fenomèn moun pa konn li a nan peyi a. Selebrasyon jounen 8 septanm nan se yon moman favorab ki makonnen ak yon seri aktivite #BSEAENF lanse nan lide pou bay alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl la plis jarèt nan peyi Dayiti.
@MENFP_Education@nesmymanigat
@bseahaiti
Bakaloreya Jou J-7. Plis pase 12 000 pwofesè deja enskri ANLIY sou https://t.co/C97LMILXDA. @MENFP_Education kontan wè Direktè ak pwofesè lekòl yo detèmine pou repran kontwòl salklas yo. Pa bliye, tout bachelye yo ka resevwa ANLIY relve nòt ak diplòm bakalorera deja legalize. Mezi sa yo, se pou evite fwod nan egzamen, fo papye bakaloreya, epi pou pwoteje dwa paran ak elèv.
Poukisa se elèv yo ki toujou sib?
Poukisa nou pa mete lòd nan politik pito?
Poukisa poko gen yon pledwaye pou gen yon Dekrè pou 3 Gran Platfòm Politik ann Ayiti? Konsa ap gen teknisyen pou teknik, politisyen pou politik, diplomat pou diplomasi. @OEAHaiti@opl_haiti@PrimatureHT
mwen toujou tande manman toujou gen anpil lanmou pou pitit li,pou'l pran swen 'l e ba li lanmou men poutan se diferan le w gade jan @MENFP_Education ap trete @cfef99 etan sel grenn pitit.@cfef99 se sel lekol kap fòme enseyan pou 1, 2, 3e sik fondamantal.