Mwen pa deside report pyès moun kounye a. M selman swete se dènye fwa yo fè sa. tout moun ap sonje m te m te poze m pat fè anyen pou lè map aji si non'm, imaj mwen kontinye nan bouch moun kè m pa konnen, ni fè anyen.
🚨 Kreyatè ayisyen yo, men yon gwo opòtinite pou Mondyal 2026 la!
@DAZN@DAZNFootball lanse #DAZN48, yon pwogram kote y ap chèche 48 kreyatè kontni, youn pou reprezante chak peyi ki kalifye pou FIFA World Cup 2026 la.
Kisa DAZN ye?
DAZN se yon gwo platfòm espò entènasyonal ki difize match, analiz, dokimantè, emisyon ak kontni espò atravè mond lan. Pou Mondyal 2026 la, yo vle bay fanatik yo yon eksperyans ki pi sosyal, pi kiltirèl, pi pre pèp yo.
Ki moun DAZN ap chèche?
Yo ap chèche kreyatè ki ka reprezante lespri foutbòl peyi yo: moun ki renmen foutbòl, ki konprann kilti peyi yo, ki alèz sou kamera, ki konn pale ak kominote yo, epi ki ka rakonte istwa ak enèji.
Kèk pami Kondisyon minimòm yo:
✅ Ou dwe gen omwen 18 lane
✅ Ou dwe gen omwen 3,000 followers sou youn nan platfòm ou yo
✅ Ou dwe ka pale anglè + lang lokal peyi w
✅ Ou dwe fè yon videyo vètikal 9:16 ki pa depase 1 minit
⚠️ Yon detay enpòtan: DAZN di kreyatè a dwe ap viv nan peyi li vle reprezante a.
Aplikasyon yo ap fèmen dimanch 10 me.
Si ou se yon kreyatè ayisyen, jounalis, vlogè, komedyen, storyteller, fanatik foutbòl, oswa yon moun ki konn fè bon kontni sou rezo sosyal. Pa ezite aplike pou opòtinite sa a.
Chèche aplikasyon sou https://t.co/66qN1e02b3 pou plis detay
🆘️SOS pou popilasyon Port-au-Prince, Delmas ak Pétion-Ville.
Ede fè mesaj sa a sikile. Se ijan.🆘️
Gen anpil kamyonèt k ap roule ak bonbòn gaz pwopàn ki ranplase tank gazolin oswa dyezèl la. Souvan yo mal enstale, sou machin ki deja pa an bon eta. Sa mete lavi chofè, pasajè ak moun nan lari yo an danje.
Semèn pase a, te gen yon bonbòn ki flite nan yon kamyonèt nan Pétion-Ville, bò stasyon bis Sendomeng yo. Te gen gwo panik. Erezman pa t gen eksplozyon.
Nou pa ka tann yon trajedi pou nou pran mezi.
M ap fè apèl ak otorite yo ak chofè yo: ann pran responsablite nou. Kriz la difisil, men sekirite lavi moun dwe vini an premye.
@Mario_Andresol@Benithologie214@LaFaarah@Kanta_Nia@candolouis90@marcalainb@citoyendidier@sndra_l@richardsenecal@CazirHT
Please to decline /cancel any petition under Carel’s Name . We can not force any Goverment entity to act . Please respect legal procedure . # Free Carel