Mwen vrèman pa janm konprann poukisa anpil nan desandan esklav yo rete kwè relijyon ansyen mèt yo kapab delivre yo, alòs se nan non menm relijyon sa yo te vòlè libète zansèt yo.🤷🏽♂️
Yon reyisit nan pi wo nivo entènasyonal la se jeneralman rezilta yon travay ki kòmanse plizyè ane, pou m pa di plizyè deseni, alavans. Se rezilta talan, men se rezilta tou anpil efò ak envestisman. Se rezilta tout yon chanjman mantalite. Pa gen sekrè nan fè kola. Tout tan se nan fè chèlbè ak kòtèj sirèn nou kwè sèlman, l ap difisil pou n rive lwen.
Yon tan pou simen
Ala baz, 7 fevriye 1986 te yon jou renouvèlman, yon jou lespwa ak limyè. Se te yon dat ki te konte anndan istwa politik nou an: yon moman kote yon pèp antye te kapab eksprime rèv demokratik li yo, pran chay zafè Leta sou do li, pandan l t ap kite tèt li pran nan elan konstriksyon nasyon an.
Nan dènye ane yo, e ane sa a plis pase tout lòt, jou sa a vin tankou yon dèy.
Pandan dat sa a prèske rive sou kalandriye mwen an, mwen santi yon gwo pwa ap peze sou nanm mwen.
Tankou yon fènwa ki anvayi yon kote ki, sa fè karant lane, te klere ak limyè lespwa.
Kòman nou fè aksepte pèdi moman rekòmansman sa a?
Kòman nou fè kite lapèn ak chagren kolektif ranplase lespri konbit nou?
Petèt mwen toujou twò nayiv, twò sansib, nan yon mond k ap mande m vin pi endiferan, pi sinik, chak jou.
Men, mwen refize kite lefèt ke 5.1 milyon nan sitwayen nou yo — plis pase yon tyè popilasyon an — ki nan bouch grangou, vin tounen yon lòt estatistik ankò.
Yon lòt chif trajik ke nou li epi nou bliye menm moman.
Mwen refize aksepte ke, kantite Ayisyen konsekan ki onèt, ki reflechi e ki chaje ak kouraj, ke mwen te gen privilèj konnen ak aprann nan men yo, ap bay silans ak divizyon le gen, nan yon moman kritik konsa.
Mwen refize kwè ke tout moun de byen nan peyi mwen an, majorite a, ta pito rete gade, vin konplis pa inaksyon, olye yo ta oze antre nan gagè a, olye yo ta oze fè diferans lan.
M ap envite nou chwazi antre ladan l.
Menm jan mwen fè chwa pa m nan.
Mwen chwazi kwè ke entegrite, patriyotism, ak sèvis san enterè ka siviv labou politik la.
Ke yo ka rete enpèmeyab fas ak avaris, koripsyon, ak konpwomisyon moral.
Pou peyi nou.
Pou zansèt nou yo.
Pou tè a, e pou pitit fi mwen,
M ap toujou pale lè fè silans ta pi fasil.
M ap toujou avanse lè fè retrè ta sanble bay plis sekirite.
Pandan jou ap fin kouche sou manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, nou dwe fè bilan, san sitirans, san timidite, echèk yo. Abi pouvwa san parèy. Detounman ak piyaj san kontwòl.
Yo dwe antere pwa la wont, anba pwa verite ak lajistis, pou chalatan pa janm pran rasin bò isit ankò.
Si demokrasi ak pwosperite dwe fleri yon jou, mwen konnen se pa demen sa ap fèt.
Men sa pa vle di defèt pou otan.
Gen yon ti bout tè kote nou toujou kapab e nou dwe simen grenn demokrasi.
Nou pa oblije chwazi ant fatra santi ak yon ideyal absoli.
Jodi a, nou dwe pran desizyon pou nou simen, deside sa nou konfye nan nannan tè frajil nou an, pou pitit nou yo ka rekòlte li pi devan. E nou dwe deside tou sou kiyès ak kisa nou chwazi rejte pou tout tan.
Ala baz, 7 fevriye se te jou nou eseye rekipere libète ak egalite kote diktati Duvalier te enstale lanmò, laperèz ak dezolasyon.
Se te jou ki te koupe lonbrit ak yon sistèm ki te trayi vizyon papa ak manman Nasyon nou an.
Batay la pa diferan jodi a.
Depi sasinay brital dènye Prezidan eli nou an, e menm anvan sa, nou ap dewoute.
Gen moun ki ta renmen fè nou kwè drive sa a gen direksyon ladann.
Men si li gen yon direksyon, se yon ale tèt dwat nan decheyans ak lanfè pou sèvi enterè yon ti minorite kowonpi sèlman, e li elwanye nou de chwa majorite a.
Pa kite fanfawonnad ak ilizyon twonpe nou: ane sa a pa sou eleksyon.
Yon lidèchip lejitim pap janm parèt si nou pa simen grenn ki kredib, transparan, e vrèman demokratik, anvan.
Sezon simen an dwe kòmanse 7 fevriye 2026.
Ann prepare tè demokrasi a, pwès epi fètil, epi voye l tere tout moun ki te trayi pèp nou an, ki te kenbe nou an otaj, pandan milyon nan nou ap mouri anba bal, anba kadejak, anba kidnapè, nan deplasman, nan grangou, nan depòtasyon. Pandan yo fin souse tout diyite nou, tout rèv nou.
Ann fè sa ansanm.
Avèk entansyon ak kouraj.
Ideyal n ap chèche yo ka pa konkretize demen touswit.
Men jodi a, se nou ki pou deside si nou se jenerasyon ki pral kite neglijans trase desten li, dezespwa fòme lavni li, ak lachte ouvè lekò pou fasilite piyaj Leta.
Mwen refize sa.
It's amazing how Americans don't know our own history of interventions in Latin America. In the early 20th century, we had Marines in the Dominican Republic, Haiti, Cuba. We occupied Nicaragua for more than 20 years! (1912-33, with a brief interruption) But it's not "ancient" history either: LBJ sent 20k troops into the DR in 1965. Reagan was so deep into Central American wars it could have cost him the presidency. The point is, these sorts of interventions have been the norm throughout US history. US presidents did them for different reasons -- Teddy Roosevelt saw Washington as a regional policeman ("big stick"), Woodrow Wilson wanted to "teach the South American republics to elect good men," Taft believed in acting to defend the US corporate interest ("dollar diplomacy"). With Trump we've heard versions of all these ideas in recent days. You may support it, you may oppose it, but it is not NEW at all.
La doctrine Monroe en action : les Etats-Unis font au Venezuela ce qu’ils ont fait, en d’autres temps, au Mexique, Cuba, Haïti, Saint Domingue, Colombie, Grenade etc.
If Xi Jinping invaded Taiwan right now, and toppled the president there, on what grounds would the United States object? Or have any credibility to say anything?
L’inscription du Konpa sur la Liste du patrimoine immatériel de l’humanité est une ode à la joie. Dans les heures sombres que traverse notre pays, nous continuons d’imprégner cette nouvelle année perdue pour notre jeunesse avec des baumes d’espérance.
Après la fierté offerte par la qualification inédite de nos Grenadiers, cette reconnaissance dans les Registres du monde vient cimenter notre droit plein et entier à participer aux débats, aux compétitions et aux élans internationaux. Notre contribution aux arts, aux sports, à l’avancement de l’humanité demeure encore et toujours possible.
Si l’inscription de la Soupe Joumou rappelait notre rôle pionnier dans la conquête universelle de la liberté, si la Cassave marquait notre place dans l’histoire millénaire et stratifiée du bassin caribéen — carrefour de civilisations, de cultures et de blessures — le Konpa, lui, réaffirme notre attachement inaliénable à l’amour, à la joie de vivre, à la liberté d’expression : ce rythme auquel se lève l’aube avec entrain, contre toute attente, et qui parfume les lendemains d’espoir face à tous les défis.
Je me réjouis que cette musique qui cimente notre identité soit désormais gravée et célébrée. Ma gratitude va à l’ex Ministre de la Culture, Emmelie Prophète, pour son soutien constant durant le processus d’inscription ; à la Commission nationale d’Haiti pour l’UNESCO ; à l’expert-rédacteur Ricarson Dorcé ; et surtout à toute la communauté porteuse de ce savoir-faire national, mobilisée avec conviction en Haiti comme dans la diaspora, à chaque étape de ce cheminement.
Je vis cette victoire avec une pensée spéciale pour le grand Dadou Pasquet, qui s’en réjouissait déjà au moment du dépôt de la candidature en 2024.
Il est parmi nous aujourd’hui.
GRENADYE ALASO! KITE KONPA MACHE!
New route alert! @flyibcair officially launched nonstop flights between Miami and Les Cayes, Haiti. ✈️ We’re proud to welcome this new service connecting our two vibrant communities. #MIAairlines
The US realized the drug excuse was not working at all. Only 17% of Americans support invading Venezuela. So now these clowns have switched to “We’re blowing up fishermen & invading Venezuela to stop China, Russia & Iran.”
The West does not rule the world.
It rules the story of the world.
It decides who is "rational," who is "dangerous," who is "modern," who is "backward."
And most people still mistake its narration for knowledge.
Asia is not misunderstood.
It is misnamed, mistranslated, misfiled, and misinterpreted by those who cannot imagine a civilization older than their flag.