Kite nou file pwent kreyon nou
Paske gen koulè ki dwe blayi
Gen doulè ki vle tresayi
sou miray kè ble
sou lantouray kè blese
ki pa ka tann yon fil sak ak zeguiy degouden
pou kole pyese tout ti retay
briganday bliye bese ranmase
Nou prete moun dlo je n pou yo kriye
Tèt chaje kè plen vant mennen
Doulè pou nou se tas te dousè pi anmè
Zantray ak fòs nou vle trepase
Zòrèy ki pou ta koute n
pa toujou la pou sipòte n
Men ki te dwe lonje pran n
souvan se sanzatann
li flanke n yon palavire
Konsa nou ale bite sou zatrap
ki mete moun sou de ran
k ap gade n nan mitan de ran dlo
Anndan n plen limyè k ap bouyi
Simaye reyon solèy e fè jayi
Tout zenglen zetwal k ap farinen
Nan de pla men tout pitit latè.
@SherlyTanis ✍️🔥🔥🔥
Sèl kòt kabann mwen!
Sou zepòl li mwen vide
dlo degoutans mwen
Sèl temwen lè demen vle banm do
Li pa janm fè m monte lesyèl pa do
Toujou pare pou ranmase
vye driv mwen
fè l tounen pi bèl tablo anba lank plim mwen
Li se sèl sous plezi m
#Pwezi_m_se_Nich_Reyalite_m@SherlyTanis