Banm eksplike fenomèn sa an KREYÒL poum ka retire kek dout ak inkyetid kay anpil jèn gason.
Sa nap gade nan imaj sa a yo nan lang franse yo rele'l "Couronne perlée du gland". Li prezante kay anpil gason e li bay anpil enkyetid jodi a map di nou ke li pa anyen li jis nòmal.
Bernadotte Lovely has been hospitalized in the Dominican Republic with a serious respiratory illness, and her medical bills are adding up quickly. Even if you can't donate, a quick share can help it reach someone who may be able to support her recovery. https://t.co/EqJAjhvrOb
Pandan tout lòt atis yo bay yon pèfòmans ki plen ak enèji, gwo koregrafi, fedatifis, gwo bri nan show mitan final koup di mond lan, Justin Bieber li menm fè yon bagay totalman diferan. Atis la chaje ak bèl mizik ki popilè ki te ka fè foul la sote ponpe, men li parèt ak yon gita akoustik + vwa l sèlman.
Mizik la rele "Everything Hallelujah". Se yon fason pou atis la temwaye lafwa ak rekonesans li nan Bondye. Pandan tout karyè l, Justin Bieber konnen gwo pwoblèm sante mantal ak anpil moman difisil nan lavi l. Bwi kouri plizyè fwa pou di li fou e pran lari. Msye te konnen yon moman kote lavi pa t gen sans pou li ankò.
Se yon timoun ki atis bonè e ki konnen siksè depi l piti. Men, mantalman ki poko te prè pou yon endistri kote bagay yo pa souvan jan yo parèt la vre. Nan temwanyaj li, li souvan di yo jwe sou nayivte l ak inosans li pou fè l abi. Dèfwa li chèche refij nan dw*g, e se sa ki dejwe l nèt.
Justin Bieber konvèti konya e lavi l jwenn sans ankò ak Jezi, se sa ki ekspike chwa mizik li pèfòme a. Mizik sa soti an 2025. “Everything Hallelujah”, pou di, li bouke, li “surrender” li lage tout bagay nan men Bondye.
Pou li, pèfòmans sa se yon moman adorasyon, pa yon senp espektak mizikal. Li pwofite gwo platfòm Koup di Mond lan pou preche lanmou ak lapè pou mond lan tou.
Everything Hallelujah 🙌🏽
Credit post : Alce MK Henry (facebook)