M ap atire atansyon nou sou yon ekip nouvo kont twitter ki kreye ant septanm ak oktòb 2026 ki gen menm diskou a e ki manche antre anba pòs anpil moun. Jis pa okipe yo.
Anpil nan nou renmen kritike mizik ki soti yo, sitou mizik djaz oswa atis nou pa fanatik yo. Nou di nou pa renmen yo, yo pa hit, yo pa rive sou nou, elatriye… Men an verite, nou dwe sonje ke mizik yo pa nesesèman fèt pou nou. Mizik se yon langaj inivèsèl ak plizyè ton, koulè, ak gou. Yon atis oswa yon djaz ka gen yon vizyon ki adrese yon lòt kalite piblik (fanatik li), yon lòt kouch sosyal, oswa yon lòt jenerasyon. Sa pa vle di mizik la pa bon.
Lè nou di yon mizik “pa rive sou nou,” sa vle di li pa koresponn ak feeling nou nan moman sa a, men li ka toujou gen valè pou yon lòt moun oswa nan yon lòt epòk nan lavi nou. Kritik yo ta dwe sèvi pou fè mizik la grandi, pa sèlman pou diminye travay atis yo. Avan nou kritike, annou reflechi: èske nou vrèman konprann mizik la, oswa èske nou jis ap meprize li paske li pa fèt pou nou?