@pnh_officiel kounya lè yap fè gradyasyon nan Kindergarten, nan « defilée des métiers » se yon wont pou paran yo pou yo ta kite pitit yo defile abiye an polisye. Yo mandew eske se rèv timoun lan paran genyen pou l ta chwazi fè bagay sa an ayiti!
Si m montre w m renmenw,
Sim montre w m jwenn lape lem avew, lèm tande W, lèm wèw. pa fè m pedi tan m, nan mete yon pakèt baryè pou m simonte, sou pretèks ke se sa kap fè m wè w se yon bon fanmi. M pa mezire grandè yon fanm sou nivo kapris li. M vle w, menw pa yon twofe pou mw.
Konbyen fwa w eseye manipile m, epoutan, alafen se mwen ki fini pa fasonew janm te vle an.
Konbyen fwa w pansew dekouvri yon nouvo bagay ak entèlijans ou, poutan se egzakteman sa m te vle w panse.
M paka konte konbyen fwa respè ak imilitem fèm metew sou yon piedestal ou pa menm ye,
Epi w pwofite pran fòs pou fem saw vle, pandanw konnenm pa fasil konsa.