@Kaly973 An menm tan ou toujou ap priye pou anyen ki mal pa rive li. Sinon, w ap tris tout rès vi w si w pa reyalize rèv sa. Bagay yo anpil nan men nou, nou menm gason, sitou lè w premye pitit.
@PetersonBNoel Ah sa kite tris deyè. La a Pènye gen fanmi ki fann an ti moso, paran rete nan zòn nan malgre tout sa ou tande de zòn nan, pitit wout Frè, Petyonvil, Dèlma epi nan peyi etranje.Lè m chita m ap reflechi,m di, èske se vre? N pwodwi sa kòm nasyon,kòm pèp,kòm moun.
@johnronard Lè mwen te aprann sa, mwen te tèlman sezi.
Mwen di, sa ki fè sa? Pandan la nan pati Sid Amerik la, sa pran kelke segonn. Hummm...antouka, mwen rete kwè ke si nou vle nou ka chanje sa. Li pa nòmal, ekonomi p ap ka fonksyone konsa an 2026.
@MorenoRealest Ah....ann vole piwo.
Sa n ap viv la,jwenn rasin li depi ane 50 yo, kote F.D kòmanse egzile pwofesè kalifye nou yo ale an Afrik epi fè moun kite pwovens vin rele viv li nan Kapital la. Se la tout bagay kòmanse, jounen jodi a se rezilta tt deziyon avan yo.
@MorenoRealest Ah...sa plis ke tris bro.
Sa k pi tris la se jan yo trete manman an, yo sèlman mete l yon ti kote jiskaske l mouri.
Nan tout sosyete k ap fonksyone, tout enstans konsène t ap anbaranl pou sove lavi manman an e t ap mobilize pou sa pa janm repete ankò.
Men, sa nou wè, pa gen anyen