Promoting active learning in Haitian Creole for quality education / Pwojè « twa wòch dife » k ap kore bon jan aprantisaj aktif e kreyatif an kreyòl ann Ayiti
Mèsi anpil @bictizondife ak Steevens Desir pou bèl ochan sa a! Mèsi anpil, tou, pou @bckyferris ki kreye sit la epi yon lòt pil mèsi pou @RemerEzra ak @EDjeride pou jan y ap kore travay la tou lè jou tankou Mèt Jan Jak. Men anpil, chay pa lou, se vre, wi !
https://t.co/ZpUepwsTBy, a digital platform of @MITHaiti developed by professors @MichelDegraff and Haynes Miller, freely shares learning materials in the Kreyòl language. This music video introducing the MIT-Ayiti platform was created in partnership with musician @BICTizonDife.
Repost * Kaw Academi on IG * Pou komemore jounen entènasyonal lang kreyòl 28 oktòb, nou envite w vin patisipe nan 2yèm epizòd lodyans jedi 30 oktòb 2025 6-8pm ak @MichelDeGraff Lengwis-Pwòf @MIT Ko-Fondatè/Ko-Direktè @MITHaiti Manm @Akademi_Kreyol : https://t.co/vx5J8iEMte
Congratulations to Viveka Vellupilai & Roy Mullay for this momentous step forward on the frontier of liberatory linguistics at its best —liberating our mother-tongues, our souls’ languages, from linguistic occupation. https://t.co/QgPkoRb1E5 https://t.co/LZeR823Gct
#LektiDominikal |Dezameman mantal: Ayiti bezwen yon revolisyon lespri.
Sa gen 6 lane, nan mwa avril 2019, mwen te ekri yon atik kote mwen te imajine yon Pòtoprens ki riske efase sou kat la, anba vyolans gang, batay pouvwa, chirepit nan mitan klan yo... sof si nou te pran gwo desizyon estratejik, espesyalman nan edikasyon, pou lanse sa m rele "dezameman mantal".
Jodi a, vyolans ak ensekirite pa sèlman ravaje Pòtoprens, men gaye toupatou nan peyi a. Sitiyasyon sa a pa rive pa aza. Li se rezilta plizyè echèk ki te akimile sou plizyè jenerasyon: echèk politik, echèk ekonomik, men pi fon toujou, echèk edikatif. Pandan tout tan sa a, nou pa t bati lekòl ki chita sou bezwen Ayisyen ak Ayiti. Pandan anviwon 70% popilasyon an gen mwens pase 35 lane, lekòl la plis chita sou konesans ansiklopedi mondyal pandan jenès la pi vilnerab chak jou pou patisipe nan aktivite pou detwi tèt li, katye l ak peyi l.
Nan sans sa a, nan nouvo Kourikoulòm 2024–2054 la, nou mete aksan sou yon nouvo apwòch selon konpetans, ak nouvo matyè ki konekte ak bezwen lavi, e non sèlman ak egzamen. Matyè tankou Sitwayènte, Edikasyon Estetik ak Atistik, Edikasyon Fizik ak Espò, Teknoloji ak Aktivite Pwodiksyon, Ekonomi dwe sèvi kòm chimen pou kraze chenn mantal vyolans lan.
Se konsa tou apre lansman Lise pwofesyonel Joseph C Bernard nan janvye 2023 nan Pòtoprens, nan mwa me 2023, premye Lise teknik agrikòl peyi a te inogire nan depatman Nip. Nan mwa oktòb 2023, lise teknik agrikòl Kans, Okay lanse kote se yon egzanp konkrè sou jan edikasyon ka mare ak devlopman lokal. Jèn yo pa bezwen kite komin yo pou al chache opòtinite lòt kote, swa lavil oubyen Pòtoprens kote yo pi vilnerab pou rekritman nan aktivite kriminèl. Anplis, lè nou mete sou pye yon nouvo modèl kantin eskolè ki chita sou pwodiksyon nasyonal, anpil nan elèv sa yo ap deja gen yon metye epi kapab vann pwodiksyon lekòl yo nan PNCS.
Konjonkti sa kreye anpil twomatis kay ni pwofesè, ni elèv. Se poutèt sa, Ministè Edikasyon an, an kolaborasyon ak Asosyasyon Ayisyen Sikològ (AHPsy), te mete sou pye yon operasyon apui sikososyal nan plizyè lekòl atravè peyi a. Objektif entèvansyon sa yo, se akonpaye timoun, anseyan, ak fanmi yo pou ede geri chòk y ap viv epi rebati lespwa.
Men, se depi 2014, plizyè desizyon te deja pran pou redui vyolans ak konsekans twomatis yo ki anpeche nou devlope yon lespri pou aprann kolabore. Se te youn nan rezon inifòm Inik nan tout lekòl piblik (pou kòmanse). Inifòm inik la redui anpil zak vyolans ak diskriminasyon epi chèche mete elèv yo sou menm pye. Menm jan, atravè kreyasyon EDUPOL, yon inite polis kominotè edikatif nan Polis Nasyonal Ayiti ki asire sekirite lekòl yo e ki envite elèv yo patisipe nan anpil aktivite espòtif, kiltirèl yo òganize. Nou ka pale tou sou desizyon liv inik an kreyòl ayisyen an pou mete plis enklizyon epi limite dega lekòl antonwa a plizyè vitès la, kote majorite elèv (anviwon 90%) pa fini lekòl segondè yo.
Apre tout konba ame nou yo, jodi a, Ayiti bezwen yon revolisyon lespri tou. Se pa bèl pawòl anlè. Chak timoun ki konplete ane lekòl li nan yon klima ki pèmet li aprann, chak jèn ki aprann yon metye itil, chak elèv ki devlope konsyans sitwayen li, chak pwofesè ki resevwa bon jan fòmasyon epi ki kore l ak yon Pèmi Anseyan, se yon zam nou retire nan lespri endividyèl ak kolektif la. Se sa dezameman mantal la ye. Se nouvo chimen sa ki trase e ki posib. #LekòlPaKaTann.
« Dyalòg moun fou » @BICTizonDife se pi bèl powèm lanmou mwen janm tande. Men, m pa wè ki jan n ka tradui nan yon lòt lang ekivalan bèlte pawòl kreyòl ki nan powèm sa a. Èske w ka tradui powèm sa a nan lang ki rele w chè mèt chè mètrès si se pa kreyòl ? https://t.co/UF6y3Lts0A
Dosye lang pa komedi epi lang Kreyòl ayisyen pa yon lang refij pou lè w pa konn pale fransè, se lang refleksyon, lang solisyon, lang devlòpman. Se pou sa mwen pa opine sou konpetans ou non konpatriyòt la. Men mwen rekonèt jodi a toujou gen gwo presyon sosyal pou montre w “konpetan” sèlman si w pale fransè. Menm lè w pa gen okenn lide, ou ka jwenn anpil bravo. Men Kreyòl pa baryè lib nonplis si w pa gen vizyon klè, bon lide ak anpil vokabilè. Antouka, sonje depi 2023 Kreyòl dwe konte pou menm pwen ak Fransè nan egzamen ofisyèl 9yèm AF, epi Kreyòl se yon matyè obligatwa bakaloreya Nouvo Segondè a. M ap di tou, nou pa ka konstwi yon nasyon nan imiliasyon lengwistik, paske lè lang ou pa konte, ou pa konte tou. #LivInik
Wi, Minis @NesmyManigat ! 👏🏿 Se pou sa menm w ap jwenn analiz travay Maurice Sixto sou Platfòm @MITHaiti:
https://t.co/tc0xXf9HYq
https://t.co/4PCUP9fXuU
Gade analiz sou chante @BICTizonDife, Sherlee Skai & @PrincessEud tou :
https://t.co/NbbCQrpjuD
https://t.co/699Tp7Wo1p
📅 12 me 1984 – 12 me 2025
🕊️ Maurice Sixto: yon eritaj emosyon, lodyans, lasyans pou edikasyon pèp la. Yon egzanp tou pou rezo sosyal jodi a.
Jodi a, 41 lane apre lanmò li, mwen rann omaj a Maurice Sixto, pwofesè literati, lodyansè , ekriven ak moralist pèp Ayisyen an. Maurice Sixto te enspirasyon nan anpil angajman m kòm Minis Edikasyon, menm jan ak Maurice Dartigue epi Joseph C. Bernard. Yon enspirasyon nan fè pwomosyon yon kourikoulòm andojèn ki dwe chita sou reyalite Ayiti, pandan li dwe louvri pòt pou pi byen konprann reyalite lemond.
Maurice Sixto kite yon eritaj kote, apati yon demach syantifik, li aprann nou ki jan emosyon yon pèp ka tounen zouti pou mobilize e aji kont enjistis, kont yon edikasyon enpòte depi lakoloni, kont diskriminasyon ak inegalite sosyal. Li demontre ke lang kreyòl ayisyen se lang refleksyon ak liberasyon.
Zèv li yo tankou, Ti Sentaniz, Zabèlbok, Lea Kokoye, J’ai vengé la race, se pa sèlman pou fè nou ri. Se zouti edikatif, syantifik, moral. Li te deja montre pouki restavèk Sentaniz ak Chantoutou dwe mete menm inifòm #InifòmInik, pouki yo ta dwe etidye nan menm liv #LivInk, pouki lang kreyòl te dwe vin lang edikasyon, depi preskolè rive nan Bakaloreya.
Sixto te kwè tou nan edikasyon estetik ak atistik, e konsa nou batay pou matyè sa tounen yon obligasyon nan tout lekòl apati desizyon ministeryèl 2023 a, kote li obligatwa nan egzamen ofisyèl.
41 lane apre, Maurice Sixto vivan, chak fwa nou chita pou tande vwa l. Chak fwa yon elèv pwodui refleksyon pa l sou istwa Ti Sentaniz, chak fwa n ap chèche fè refòm pou gen yon edikasyon kote tout timoun gen menm chans reyisi.
🌟 Maurice Sixto fè nou konprann ki jan nou ka itilize emosyon ak syans, sitou sou rezo sosyal jodi a, pou kore imanis ak pwogrè. #LekòlPaKaTann
📅 12 me 1984 – 12 me 2025
🕊️ Maurice Sixto: yon eritaj emosyon, lodyans, lasyans pou edikasyon pèp la. Yon egzanp tou pou rezo sosyal jodi a.
Jodi a, 41 lane apre lanmò li, mwen rann omaj a Maurice Sixto, pwofesè literati, lodyansè , ekriven ak moralist pèp Ayisyen an. Maurice Sixto te enspirasyon nan anpil angajman m kòm Minis Edikasyon, menm jan ak Maurice Dartigue epi Joseph C. Bernard. Yon enspirasyon nan fè pwomosyon yon kourikoulòm andojèn ki dwe chita sou reyalite Ayiti, pandan li dwe louvri pòt pou pi byen konprann reyalite lemond.
Maurice Sixto kite yon eritaj kote, apati yon demach syantifik, li aprann nou ki jan emosyon yon pèp ka tounen zouti pou mobilize e aji kont enjistis, kont yon edikasyon enpòte depi lakoloni, kont diskriminasyon ak inegalite sosyal. Li demontre ke lang kreyòl ayisyen se lang refleksyon ak liberasyon.
Zèv li yo tankou, Ti Sentaniz, Zabèlbok, Lea Kokoye, J’ai vengé la race, se pa sèlman pou fè nou ri. Se zouti edikatif, syantifik, moral. Li te deja montre pouki restavèk Sentaniz ak Chantoutou dwe mete menm inifòm #InifòmInik, pouki yo ta dwe etidye nan menm liv #LivInk, pouki lang kreyòl te dwe vin lang edikasyon, depi preskolè rive nan Bakaloreya.
Sixto te kwè tou nan edikasyon estetik ak atistik, e konsa nou batay pou matyè sa tounen yon obligasyon nan tout lekòl apati desizyon ministeryèl 2023 a, kote li obligatwa nan egzamen ofisyèl.
41 lane apre, Maurice Sixto vivan, chak fwa nou chita pou tande vwa l. Chak fwa yon elèv pwodui refleksyon pa l sou istwa Ti Sentaniz, chak fwa n ap chèche fè refòm pou gen yon edikasyon kote tout timoun gen menm chans reyisi.
🌟 Maurice Sixto fè nou konprann ki jan nou ka itilize emosyon ak syans, sitou sou rezo sosyal jodi a, pou kore imanis ak pwogrè. #LekòlPaKaTann
#LektiDominikal. Dat 18 me ta dwe sispann divize nou. Okenn Peyi pa ka siviv si se pa yon Nasyon ki abite I. Peyi w, se bout tè kote w pran nesans e ki ba w yon paspò. Nasyon w, se kominote kote kè w bat fò ak anpil lòt sitwayen pou menm istwa, menm drapo, menm kilti, anpil fwa menm lang e menm pwojè pou demen. Se pou ede konstwi Nasyon an, kou edikasyon sivik vin obligatwa nan egzamen ofisyèl pami #4NouvoMatyè yo.
🥇 Exciting news: @usnews ranked @MIT's grad programs #1 in @MITEngineering @mitcomputing, and @MITEcon! @mitsloan also ranked highly.
You can explore 17 top subjects with MIT Open Learning's online courses and resources! ➡️ https://t.co/U9kr4gxUZx
Pwòf Marlene, Mèsi anpil pou kokenn chenn travay sa a — Gran Chimen istwa — sou Wa Christophe. N ap tann ou ak kè kontan nan @MIT@HistoryMIT@MITHaiti pou yon bèl brase lide sou liv ou sa a ki tankou yon sitadèl !
Wi, istorik Kanal Wanament la montre enpòtans lang kreyòl la kòm zouti fondamantal pou rasanbleman ak pwogrè ann Ayiti. Se yon kòn lanbi pou rasanble tout fòs viv nasyon an. Klike sou lyen sa a pou w dekouvri pi plis sou resous sa a sou Platfòm @MITHaiti : https://t.co/zlVrt3EjAh
Se Grenadye @Djeride ki otè resous sa a sou baz yon kozri ant Dòk @Bertrhude ak Pwóf @MichelDeGraff sou esperyans Dòk B kòm yon lidè nan mouvman Kanal la p ap kanpe — Kanal rezistans, Kanal libète. Dòk B analize wòl kreyòl la kòm youn nan motè mouvman an : https://t.co/7LUXKDO7YK
Se Grenadye @Djeride ki otè resous sa a sou baz yon kozri ant Dòk @Bertrhude ak Pwóf @MichelDeGraff sou esperyans Dòk B kòm yon lidè nan mouvman Kanal la p ap kanpe — Kanal rezistans, Kanal libète. Dòk B analize wòl kreyòl la kòm youn nan motè mouvman an : https://t.co/7LUXKDO7YK
28 oktòb = #JounenKreyòl. Men, se chak jou n dwe selebre lang nou. Ochan Ayibobo pou nou tout k ap kore kreyòl la kòm sa dwa nan lojik #ToutMounSeMoun#ToutLangSeLang. Se pou sa n pibliye yon resous sou angajman Grenadyèz @Bertrhude@P4Hglobal sou kanal la https://t.co/zlVrt3EjAh
Konbit pou avansman lang kreyòl la nan dosye swen sante : https://t.co/evrTEzESk1?
Luckencia Pierre, Christopher Powers, Frenand Leger @freudyamiejah ak @MichelDeGraff nan @HaitianStudies
C’était annoncé, c’est maintenant officiel : le site de Bois-Caïman est inscrit au registre des lieux d’histoire et de mémoire liés à l’esclavage et à la traite. Cette inscription, dans le cadre du 30e anniversaire du programme de la Route des personnes mises en esclavage de l’@UNESCO, a été portée par la @DphUnesco, la Commission nationale haïtienne de coopération avec l’UNESCO, la Chaire UNESCO en Histoire et patrimoine de l’@UEHAITI et le Comité scientifique haïtien de la route de l’esclave.
Dans ces moments de crise, que ce symbole nous rappelle, à la fois, qui nous sommes et que l’union fait la force.
Etid molekilè sou sitiyasyon Angiostrongylus cantonensis nan rat ann Ayiti 🇭🇹https://t.co/EkBlfqTcLQ
Angiostrongylus cantonensis se yon vè parazit nematòd yo konn rele ann anglè « rat lungworm » . Sa vle di se yon vè nou jwenn nan poumon rat. Vè sa a ka lakòz menenjit eozinofil kay moun. Objektif rechèch nou se te envestige prevalans ak distribisyon parazit sa a pami rat ann Ayiti. Nou te kaptire rat yo nan 8 sit diferan. Sèt sit nan Latibonit (zòn riral) ak youn nan nan Pòtoprens (zòn iben). Apre nou fin touye rat yo, nou te pran kè ak poumon yo epi n te mete nan etanòl (konsantrasyon 70%) pou nou te konsève yo. Apre sa, nou te diseke ògan yo pou n detekte vè parazit la. Nou te ekstrè ADN parazit la epi nou te sèvi ak apwòch molekilè PCR pou n anplifye ADN lan epi n te sible jèn nikleyè ITS2 nan ti moso poumon rat yo oswa cox1 nan vè nou te rive retire nan ògan rat yo. Aprè sa, nou te sekanse jèn sa yo pou n te ka idantifye parazit la kòm sa dwa. Nou te rive jwenn yon total 70 rat. Pami yo, te gen 23 espès rat Rattus norvegicus ak 47 espès rat Rattus rattus. Nou te retire vè adilt parazit la lakay 5 rat (5 rat sou 70 egal 7%). Fòm vè yo ak anpil lòt karakteristik yo te sanble tèt koupe ak A. cantonensis ki se vè n ap chachè a epi rezilta sekansaj yo te konfime sa. Nan kè yon rat, nou te retire yon vè A. cantonensis; men, PCR la pa t rive konfime sa. Analiz PCR sou moso poumon yo te revele yon prevalans parazit la (31,4% egal 22/70), ak prezans li nan 4 pami 8 sit nou te envestige yo — sit Pòtoprens lan ladann tou. Apwòch molekilè sou poumon yo te pèmèt nou mezire yon prevalans 4 fwa pi wo pase lè n ap chachè vè adilt yo ak mikwoskòp sèlman. Nou te idantifye yon sèl aplotip COX1 ann Ayiti. cox1 fè pati jenotip klad II-G ki se klad ki simaye pi plis sou latè. Yo jwenn li nan peyi Brezil, Gwadloup, Polinezi franse, Awayi ak Japon. Rezilta sa yo konfime A. cantonensis se yon parazit ki andemik ann Ayiti; li blayi kò li kote ki pi lwen pase Pòtoprens. Sa mete aksan sou risk sante pou popilasyon an. Se tès molekilè dirèk nan poumon rat ki te montre pi wo nivo sansiblite; egal : tès sa a ka sèvi pou pwochen rechèch sou prevalans.